Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Note de protestation du KRD ( en créole)

Publié par siel sur 28 Décembre 2010, 20:14pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES

NOT PWOTESTASYON KRD (KOMITE RELEVMAN DUVIVIER) KONT ZAK SASINAY POLISYE ASASEN REGINALD LAROSILIERE FE SOU JENN GASON RAMON ROBERT

 

Depi lane 1983, gouvènman ayisyen an tabli nan lokalite Duvivier-Truitier-Vaudreuil (1è seksyon kominal vare), yon depotwa fatra kote yo jete tout kalite fatra ki soti nan zòn metwopolitèn nan. An prensip, yon dechaj ki respekte tout nòm teknik yo sipoze itilize pandan anviwon 15 lane pou pi plis. Tandike depotwa Duvivier a gen plis pase 27 lane depi l ap resevwa fatra.


Popilasyon lokal la pat janm aksepte reyalite sa a. Se sak fè depi nan peryòd Evans Paul te majistra Pòtoprens, pwotestasyon ak diskisyon yo te deja kòmanse pou gade kijan pou yo fini ak reyalite makab sa a. yo t a pral reprann nan moman Agwonòm Yves André te minis anviwonman. Nan kad yon rankont ak yon vizit Komite Relèvman Divivye (KRD) te fè ak minis la, li te di n kategorikman Sit la (depotwa fatra Truitier a) satire e lajan disponib pou konstwi yon dechaj ki reponn ak nòm yo nan yon zòn ki pa abite e ki pa pre nap dlo a. N ap di, pou moun ki pa konnen, Duvivier se youn nan zòn ki gen plizyè foraj (anviwon 4) CAMEP pran dlo pou alimante yon bon pati nan zòn metwopolitèn nan e nap freyatik la tou pre sifas tè a.


Men depi desanm ane pase, tout konpayi kap ranmase matyè fekal nan zòn metwopolitèn nan te kòmanse jete matyè fekal yo nan depotwa a. E sitiyasyon an te vin pi mal apre tranbleman tè 12 janvye a ki okazyone konstriksyon yon bann kan ebèjeman nan tout zòn metwopolitèn nan. Konsa, depi anviwon 6 mwa, tout antrepriz prive, leta ak ong ki enplike nan jesyon matyè fekal nan kan ebèjeman yo chwazi depotwa Truitier a pou jete tout matyè fekal ki soti nan Kan yo.


Nouvo reyalite sa a men avè l premye ka kolera zòn nan ta pral konnen. Kantite ka yo ap ogmante chak jou pi plis. Pou rive jodi a, nou anrejistre anviwon 15 ka e plizyè ladan yo se jenn k ap viv de dechaj la e nan dechaj la). 

 

Popilasyon zòn nan depi kèk tan, nan sousi pou pwoteje lavi l e ekzèse yon ansanm dwa li genyen (dwa pou l viv, dwa pou l gen sante, elatriye…) deside manifeste kont enstitisyon k ap jete matyè fekal nan zòn nan men tou pou fèmen depotwa fatra Truitier a.


Yon lòt fwa ankò, samdi 18 desanm 2010 la popilasyon an, sou konvokasyon Komite Relèvman Duvivier (KRD) te pran lari pou di non ak matyè fekal, wi ak lavi moun. Byen bonè avan menm manif la te komanse, sou lòd chèf polis Site Solèy la (Rosemond Aristide) ak Ajan 4 (Hugo) polisye tire nan tout direksyon, terorize popilasyon an epi arete 3 jen gason (Patrick Joseph, dirijan KRD, ansyen prizonye politik salè minimòm 200 goud, Patrick Gauthier ak Mac Arthur Siméon). Gras ak detèminasyon l, popilasyon an deside manifeste kanmèm. Pandan manifestasyon an rive nan kafou Duvivier, zòn pòs oubyen antèn polis la, polisye yo tire gaz lakrimojèn pou kraze manifestasyon an. Pifò manifestan yo met ajenou, 2 men anlè e yo kontinye chante « ABA FATRA ! ABA KAKA ! Pou l kapab rasanble rès manifestan ki gaye yo, Kanmarad Ramon Robert, yon jenn gason 21 lane, papa yon ti bebe 1 mwa, kòmanse frape gong li (yon enstriman mizik). Ak tout san fwa l polisye asasen Réginald Larosilière tire sou li aboupòtan e touye l frèt.


·         KRD ekzije arestasyon ak jijman polisye asasen-kriminèl Réginal Larosilière epi dedomajman fanmi Ramon Robert.


·         Nou ekzije san pèdi tan pou leta, prive ak ong tankou World Vision sispann jete matyèfekal nan zòn nan.


·         Pou n pi klè, nou ekzije fèmti depotwa fatra Truitier a ki reprezante yon gwo danje pou lavi moun nan kominote ak lòt moun nan zòn metwopolitèn nan k ap bwè dlo CAMEP-DINEPA ki soti nan plenn nan.


·         Nou pwofite pote yon demanti fòmèl a pawòl chèf polis Site Solèy la ki di se nan echanj katouch ak lapolis kanmarad Ramon Robert mouri e nou ekzije yon ezkiz piblik enspektè Rosemond Aristide pou gwo kalte mansonj sa a (si l gen karaktè).


·         Nou denonse enjenyè Vielo ki majòjon depotwa a, ong World Vision, ki ame yon banm jenn gason nan zòn nan fas ak rès popilasyon an k ap reklame fèmti dechaj la.


·         Nou entèpele òganis dwa moun yo pou vin founi je gade sou reyalite makawon, de non respè dwa moun sa a popilasyon ba plenn kildesak la ap viv.

 

                       

 

 

Moun ki siyen pou KRD :

 

Jean Martinel LOUIS                                     Salvatory ST VICTOR                                      Renardo JOSEPH

--

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents