Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


PÒTAPIMAN PA P VOYE FLÈ ! Par Jafrikayiti

Publié par siel sur 30 Juillet 2012, 11:53am

Catégories : #AYITI ACTUALITES

PÒTAPIMAN PA P VOYE FLÈ !


Èske ou te konnen, ou kapab woule machin sou wout asfalte soti nan site lendepandans lan, Gonayiv,
pase nan kapital la, Pòtoprens, epi kontinye nan direksyon sid, pase Leyogàn, Grangwav, Tigwav, Miragwan,
Senlwidisid, Vyeboudaken, Aken, Okay, Tòbèk, Pòsali, Damasen, Wòchabato….jouk ou rive nan yon ti kwen
paradi ki rele Pòtapiman?

Se domaj bon wout asfalte pa kouvri tout teritwa peyi a. Nou va pale plis sou sijè sa a yon lòt fwa. Anntandan,
kite mwen pataje ak nou moso nan eksperyans mwen fenk sot viv la a, ak moun Pòtapiman.

Jou ki te 23 jiyè 2012 la, solèy te gen tan ap pran chimen kabann, lè machin nan te depose Lanmoukaji, Nouini,
Bouli, Falière avè m devan papòt Mesye Milou.

Frantz Jean, se konsa manman l ak papa l, te batize li, men tout moun nan Pòtapiman rele Prezidan-Fondatè
Konbit pou Pòtapiman (KPP) an : « mesye Milou ». Nan lakou kay « mesye Milou », gen plizyè chèz ak dodin
ki enstale anba yon latriye pye bwa. Pami yo gen pye mango, gen pye zabriko. Si se frechè lanati ou t ap
chèche apre yon gwo vwayaj, fopaplis! Men, atansyon ! pa kouri al chita konsa konsa. Tout dodin se dodin,
men tout dodin pa menm. Gen youn ki rezève. Se pa sila a ki pi nèf osnon pi bèl la non. Si ou gen chans,
yo ka kite ou fè yon ti foto sou dodin sa a, apre 2 kout flach, souple remèt mèt zafè, zafè l pou evite malantandi.


Poutan, malgre atachman-l a vye dodin li, prezidan KPP a pa yon nèg ki tchak vre. Ojis, se yon Ayisyen
ki fè-l ak tout moun. Apre yon solobab, li te mennen nou vizite lokal Lopital Pòtapiman, yon bèl espas tou nèf.
Li pwòp, byen pentire epi li ofri moun ki sou chèzwoulant mwayen pou yo sikile san fikilte. Lopital la ki kanpe la
a, se rezilta anpil efò, anpil reyinyon, anpil konbit. Men, se poko tout. Manke doktè ak enfimyè,
pa gen espesyalis pou zye, pou zo kase, pou fè yon latriye operasyon.
Kidonk, Moun Pòtapiman, pa chita sou lorye yo. Se moun ki konnen sa yo bezwen, e yo pa pè travay
di jouk yo jwenn bon rezilta.

Granm maten 24 jiyè 2012, Lanmoukaji (12an) ak Nouini (7an), sezi tande mwen reveye yo pou yo ale lekòl.
Se pa lekòl regilye, se yon kan KPP mete sou pye, pou premye fwa ane sa a, kote timoun ki te fè mwayèn
75% osnon pi wo, pase plizyè semèn ap amize yo pandan y ap aprann leson lavi ak yon seri pwofesè
ki renmen sa yo ap fè a. Anvan yo koumanse travay, yo mete timoun yo an ran, yo lave men yo byen lave,
yo manje, epi…, Nouini fonn nan mitan timedam yo.

Lanmoukaji limenm suiv tonton li ak papa li, ki ap suiv de gid eksperimante, sou chimen Gwòt Marie-Jeanne.
Anvan nou monte, Dirèktè Saurel esplike nou trouvay syantifik ekstraòdinè ki kontinye ap fèt nan
Gwòt Pòtapiman ak nan rejyon sid la an jeneral. Li montre nou eskelèt bèt ki pa ekziste ankò ke yo
jwenn lotrejou la a, nan rejyon an.

Tande ak wè se de.


Nou pran chimen Gwòt Marie-Jeanne, sou direksyon gid Pierre Israel. Nou poko fè yon minit ap monte ti mòn
nan, mwen mande Pierre pou li kanpe paske mwen vle fè foto bèl peyizaj m ap gade anba a. Li di m….se po ko
sa…kontinye monte, ou va jwenn pi bè pozisyon pi wo. M kouri fè yon foto, epi nou kontinye monte ti mòn nan.
30 segond poko pase, m tande Bouli, gran frè mwen, ki di : kèt sa a bèl vre wi! Nou kanpe sou tèt mòn nan, yon
ti moman pou nou admire achitekti vil Pòtapiman ki layite douvan bouch lanmè a. Nou bwè de gòjèt dlo,
epi trapde nou te gen tan rive devan rantre Gwòt Marie-Jeanne.

Pa gen mo pou esplike mèvèy sila a. Foto ka ede, men se po ko janm sa. Kidonk, mwen envite ou koumanse
fè preparasyon pou se pa zòt k ap vini di ou. Eksperyans vizit Gwòt Marie-Jeanne, se youn nan
pi bèl eksperyans syantifik mwen viv. Gid yo ba ou bon enstriksyon ak esplikasyon. Lè yo ba ou kas pou
ou mete sou tèt ou, kwè m si ou vle, se pa pou « fashion » osnon chèlbè. Se yon eksperyans eksplorasyon
syantifik, se yon efò espòtif, se yon eksperyans ou pa gen dwa janm bliye nan vi ou.


Lè nou te retounen nan Kan KPP, li te midi pase, nou jwenn timoun yo ap manje. Nou fè dijesyon ak yo ti chita
pale osijè listwa pèp Ayisyen, depi nan Ginen. A 2 zè tapan, se rasanbleman pou di orevwa,
nou va wè demen maten zanmi.

Kan KPP tanmen eksperyans sa a pou premye fwa nan ane 2012 la. Men, daprè sa mwen tande nan bouch
35 timoun ki te patisipe yo, ak nan bouch pwofesè ak benevòl ki òganize aktivite sa a, dezòmè,
se va yon tradisyon. Nouini di limenm, li ta renmen enskri davans pou Kan KPP 2013. Li di: zanmi li fè,
pwofesè li jwenn, mango li manje, ji kann li moulen nan Pòtapiman….anverite, nan Kanada, nan pwen konsa !


Apre yon jounen aktivite san pran souf, ou ta gen dwa monte kabann ou dòmi. Men, si ou se yon moun ki gen
ladapdap menm jan ak mwen ou pa p vle dòmi twò long. Kidonk, evite dodin mesye a, anba pye mango a
dekwa pou ou pa ni kabicha nèt ale, ni reveye bridsoukou, ak tèt chaje.

Pòtapiman, pa gen kouran regilye. Sanbletil, ekonomi fanmi yo pa sifizan pou sipòte sistèm gwoup elektwojèn
vil la ap itilize jiskaprezan an. Se yon gwo pwoblèm, paske lopital la bezwen plis kouran pou li fonksyone.
Se vre sistèm panosolè yo efikas pou moman an, men se paske lopital la poko ap fonksyone nan tout kapasite
li.

Pa gen kouran vle di tou pa gen televizyon pou Lanmoukaji ak Nouini gaspiye tan. Apre yon ti repo, nou te gen
tan sou plaj dlo dous, tou pre lanmè a. Pa gen lontan, se yon marekaj dlo sal ki te la. Yon ekip moun pote
kole ak mesye Milou, epi alèkile se plizyè bèl plaj ki ofri moun Pòtapiman opòtinite pou yo fè fèt, brase komès,
pran swen sante fizik ak mantal yo, nan yon espas anti-strès wololoy.

Pou sa nou wè, pou sa nou tande nan Pòtapiman, nou ta ka pase anpil tan ap ekri. Gade, kijan mwen pa di
anyen osijè bèl beny nou pran sou plaj piblik Pòsali pandan nou te sou wout. Mwen pa pale n de bèl otèl
« Reposoire du Village » kote yo ka kuit yon pla Oma pou ou pou $15. Mwen pa gen tan di plis …
paske fòk mwen koumanse planifye retounen m nan Pòtapiman.

N.B. : nan zòn sid la, sou tout wout la, ou ka remake bèlte lanati. Men, konsa tou, nou ka remake jan moun
yo pwòp, yo renmen plante bèl ti flè choublak, flanbwayan, ak lorye devan pòt kay yo. Anverite,
moun sa yo konnen Ayiti se kinan yo, se pa moun k ap voye flè !

Jafrikayiti
jiyè 2012, Ayiti

Mesi tout ekip Konbit Pou Potapiman an. Nicole, Carole, France, Jean Marc, tout zanmi, fanmi ki te byen akeyi nou epi ede nou pase yon moman inoubliyab ansanm. Souple, vizite: www.portapiment.com


Dernière édition par jafrikayiti le Dim 29 Juil 2012 - 13:38, édité 1 fois
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
j 
MessageSujet: Re: PÒTAPIMAN PA P VOYE FLÈ !   Aujourd'hui à 13:36

Frantz Jean (Milou pou moun Potapiman) te refize "reve" vil kote kod lonbrit li antere a gen yon lopital nomal.
Li te AJI pou sa te ka tounen reyalite. Anpil moun Potapiman pote kole ak anpil moun lot kote, jiskaske Lopita
l Potapiman kanpe byen banda l ap bay sèvis. Enèji ki alimante batri lopital la, se yon Ayisyen ki nan syèl la
ki founi li. Zot abitye rele li Papa Bondye, osnon Manman Lanati. Se sa menm, enèji solèy la ki alimante
kokennchenn lopital sa a.




Zanmi yo, pa gen jwet non la a: La table est servie KPPman!



Met Saurel Deslormes kenbe nan men li eskelet yon bet ki pa ekziste anko nan rejyon an - ojis espesyalis
po ko konnen ki kalite bet li ye:

 
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
 

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents