| J'AI LU ça sur le net : jopi wrote:
|
Nan chèche m trouve tred sa ki pa te atire atansion m an 2007. Chapo, dok Jopi.
Et nous voilà en 2012:
Lansman ofisyèl ''Carnaval des fleurs'' kap òganize nan dat 29,30 ak 31 jiyè 2012 la : http://www.youtube.com/watch?NR=1&feature=endscreen& v=7oQ7lw0Xmmo
Ki koze kanaval flè nan yon peyi kote travay la ter se yon wont nasional o pwe ke yo prefere enpote menm prodwi alimanter ?!?
Nan yon peyi ki se yon desast ekolojik daprè tout rapò ak konsta ! Yo peyi kote korupsion telman gangrene mantalite, ke ajans yo sòti pou kite l deperi a mò.
On dirè ke yo planifye yon seri aktivite kom kanal pou katèl politisyen yo fè ekoulman lajan leta nan kont banker pèsonel yo ak pa zanmi e fanmi yo.
Nepotizm, favoritizm, rekonesans... an plèn explozion.
M pa konprann pouki sa yo pa wè, yo pa tande se envesti nan extravagans avek prodwi enpòte, sou pretext pou atire tourist !
Aparamman yo menm mete babouket nan bouch medya yo pou anpeche diskusion sou epidemi kolera ak lot kontajion kap fè ravaj nan peyi toujou.
Kel wont !
Bon, ki tourist konsyan e nòmal ki pral chwazi Ayiti, nan eta ke l lye la, kom destinasion pou bèl banboch avek amuzman sen ?!?
Sang-sale ? Indésirable ?
A mwens ke majistra transfòme la République de Pétionville -- comme dit l'autre -- an yon Jéricho, viziter kurye, konsyan e eklere yo pap manke ale chèche wè vrè vizaj peyi ; donk yap rive fas a fas avek reyalite nou kan mèm.
Kase fèy kouvri salte jodi; men fèy seche avan nou bat zye nou. Sutou nan peyi cho. Epi se kom si nou ta mete yon ti bandaid sou yon gro maleng.
Pas de compromis possible entre l'odeur fétide des égouts et le parfum des fleurs !
Gen bon konte nan demans kolektiv sa:
Le tourisme de la pauvreté peut inspirer les déprimés à reprendre courage et survivre. Ou le contraire.
Une menace d'exil en Haiti suffit à garder en ligne les jeunes ingrats en diaspora.
Les missionnaires et ONG en font du beurre à gogo.
Parions qu'un de ces quatre matins, quelqu'un osera créer une patente pour la marque haïtienne de pauvreté.
Sans blague !
Commenter cet article