J'ai lu ça sur le net :
SeThomas Sankara ki te di :Yon militè san fomatyon politik se yon kriminel an vakans. e li pat bay manti.fok manb fos paramilitè yo pa yon bann berger alman ki la pou devore pep la san ke yo pa genyen konsyans ke se frè, sè ,manman, papa ,kousen kousinn yo ke yap maltrete.
lèm tap gade Sous Lieutenant maura ki tap bat yon jen ti gaoson ki te ka genyen 17 lane ak yon koko makak paske yo di ti gason kon kase kay san pa genyen prev ke li te kase kay mwen te mande tet mwen eske maura konprann ke li te ka nan ka ti gason saa ou byen yon ti fanmil te ka nan ka ti gason saa.e sa pa maura selman mwen te kon wè ki ap bat jenn gason ayisyen.mwen sonje yon lot ofisye ki te nan bannann epi yon maten pandan map doimi mwen tande yo moun ki ap rele anmwee lem gade se ofisye komandna sous distrik la ki tap bat yon jen gason ke mwen te konn bay blag ak li,poukisa ofisiye ya tap bat li konsa paske yo te jwen li ki te pral traverse frontyè ya pou li al chache la vi li.ki donk lè yon moun tande map di ke ayiti pa beswen FADH la se mwen ki konnen de ki sa map pale.paske mwen te wè sa ayisyen tap pase anba militè ayisyen.Genyen moun ki ap pale de FADH san ke yo pa konnen de ki sa yap pale.Yon ofisye mwen te konnen pase preske twa mwa ap bat yon ansyen prefè Lascahobas sou duvalier jis li fè deyè nonm lan fè ver.
Commenter cet article