Yon Lèt Pou Ayiti
Lèt sa se pou ayiti Cheri
Sakap fet cheri?
Ayiti cheri, nou gen lontan nou pa pale
Chak fwa mwen we seleksyon nasyonal la pitit ou yo fè yon gòl
Mwen eksite…
Saw the soccer game, next stop Goal Cup 2013 Haiti an ale lets go!
Anou pale
Men nou gen lontan nou pa pale! Son nan la ri a di nou fache Ayiti
Pou jan nou te byen out te kwè nan tout mo’m! Min apre eleksyon ou di’m vire do’m
Woy!
Tan mwen Tan mwen, mwen fè anpil sakrifis
Ou blye m’gen madanm, m’gen pitit, m’gin frè, m’gen sè, m’gen manmanm Miyami.
M’te riske la vi’m pou’m te vin’ baw sèvis
Demil senk si tèlman ou te cho se mwen menm ou te voye negosye pou ou lan geto! Admaral, Dread Wilmer, Tupak, Mackenzi, Sel solusyon mwen te wè se Yele Ayiti
Men fanmi mwen te panse mwen te nayiv, pou lajan personèl mwen te depanse sou ou cheri, mwen voye ti moun ou lopital, bay gro lajan pou ti biznis, chak semèn mwen peye pou anterman ou toujou gen moun mouri
Se ou menm mwen te bay tout afeksyon’m, ou menm fe’m depanse lajan’ lan eleksyon.
Men cheri sa ki fèm pi tris, Coupe Du monde, BET, MTV, Drapo lan men ’mwen, ou Rele VIV WYCLEF, lè yo te diw m’te vole lajan lan menm-w ou di ABA WYCLEF, mwen ta pito tiye tèt mwen avan’m pran lajan pèp, se pa tout bagay ke ou wè sou net ke ou dwe kwè ! Bagay Nef
[Chorus]
Sak Ap fet Cheri….(Ayiti Cheri) Nou gin lontan nou pa pale …(twice)
Min nou gin lontan nou pa pale ! Son Lan La ri a di nou fache Ayiti
Pou jan nou te byen out te kwe lan tout mot’m ! Min après eleksyon ou di’m vire do’m !!
Cheri memwa’w kout, avan DoudouGoudou sete mwen mienm kite mennen Hollywood vin’wè ou, Angeli Jolie, Brad Pitt, Matt Damon, Petra MenCova, Akon, Farrakan
Sonje mwen te desan djèt la ak Bill Clinton,
Bill, men Martelly, mwen te fè introdiksyon, é tout ti moun ou ye cheri, yap chanje rap kreyòl, nou rap lan tout lang, anglé, panyòl, cheri lem tounen Kennedy Airport, langichat la vie NewYork, mape travay du, nou di mesi jezi, vré Gason pran responsabilite pou fanmi li, pagen rezon cheri pou fè jalouzi, ou bliye ou fèm pèdi kontra avèk Sony, Ti frè-m fache li di m’pap jam tounen Ayiti, pou jan ou di li renmen’w gade jan li trayi’w,
Ayiti tande’m byen, gen on lè cheri map tounen, sèl jam map’ka éde’w, mwen ekri on plan, tankou Dennis O’brien, fok mwen fe bilyon, mwen fèk sòti Abu Dabi I ’bati on konpayi, All HandzOnDeck nap fè gro beat, m’lage on mixtape, Clive Davis dim’ sa mwen vle, si tèlman check la gen zero ladan’l m” paka konte. ApriL Showers tande !!
[Chorus]
Sakap fèt cheri…
Ayiti cheri
Nou gen lontan nou pa pale
Nou gen lontan nou pa pale
Min nou gen lontan nou pa pale ! Son Lan La ri a di nou fache Ayiti
Pou jan nou te byen out te kwè lan tout mot’m ! Men aprè eleksyon ou di’m vire do’m
SOURCES :link
Commenter cet article