Si gen moun k ap peri
Se ou mem ki lakòz
Frè m
Nan rete kè pòpòz
Sè m.
Si bouwo ap rache lespwa
Zenglendo ap taye banda
Se paske w rete sou bounda w
Ap kalkile si w ta pale
Pou sila yo ki pa ka rele
Si ou ta antre nan batay
Ou si ou ta rete anba pay
Ap tranble tankou ti sourit
Devan kèk chat ki pa vo prit.
Lontan tout djòl yo fin fòbò
Men kòm ou pa vle fè jefò
Ou di lè w wè yo, ou wè lanmò
Se yo, kape koupe rache
Ou pa fè manti, nou gen prèv
Men si w pat tèlman pè fache
Yo pa ta ka gran lajounen
Kraze Izmery, kou koulèv
Sasinen frè nou Jean-Marie
Detripe ti Guy Malary
Epi tou nan kat kwen latè
Plede simayen simityè.
Si ou te pran mache sou yo
Tè a pou yo t ape vin cho
Moun pa ta mouri nan kacho
Pou yo pran zo yo fè lacho.
Men toutotan la ou rete
Tankou kremòl ap kalbende
Ya retounen nan cha blende
Rekomanse chire lespwa
Touye, simen dèy ak fè nwa
Sistèm kraze zo a ap ret la !
E si w gade figi w nan glas
Ke w pot pantalon ou jipon
W a va wè pòtre yon kapon
Ki demerite Lavalas
Commenter cet article