Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Prèch Monsenyè Thomas Wenski, Achevèk Miyami a, nan Legliz Notredam d’Ayiti nan okasyon Mès Minwi Jou’dlan, Premye Janvye, 2015

Publié par siel sur 7 Janvier 2015, 11:01am

Catégories : #AYITI ACTUALITES

Mgr Thomas Wenski

Mgr Thomas Wenski

Frè ak sè m yo, sa se premye fwa na ap selebre premye janvye a nan nouvo legliz sa a. Mwen kontan m la avèk nou. Nou konnen premye janvye tout blan yo tonbe pale kreyòl. Se vre wi, nou tande nan bouch yo tout: “Happy New Year”, sa vle di:. A pye nou ye.

Bon, nou fèk di 2014: “ale vouzan”; epi n ap vlope premye jou 2015 la ak lapriye. N ap lapriyè pou fanmiy nou yo, n ap lapriyè pou peyi kote n ap viv la, epi n ape lapriyè pou peyi kote kòd lobrit nou tère a, peyi d’Ayiti Toma, kap fete jounen jodi a 211 zan depi li vin endepandan. Onè respè pou tout zanzèt yo ki ban nou menm Ayisyen yon idantite. Yo fè yon bann esklav tounen yon nasyon.

Mezanmi, yo reyalize sa lòt moun yo te konprann pat posib. Yo fè yon lame esklav tòke kòn li ak lame Lafrans – youn nan pi gwo pwisans nan epòk la. Epi, li reyisi fè lame franse a mete bèk atè. Napoleon te blije bay legen: nèg nwe yo di: koze libète, egalite ak fratènite pa pou blan yo selman. Tout moun se moun, tout moun gen dwa viv ak diyite ak respè.

Jou ale, jou vini, 211 ane pase; epi, malgre tout, nou la. Peyi a poko fin anfòm. Men, nou la. Jan pwovèb di, pito nou lèd, nou la. Konsa, malgre tout, a pye nou ye. “Happy New Year”. Fò nou fè priyè nou yo monte, pou gras la desann sou Ayiti. Epi, nap lapriyè pou politisyen yo rezoud kriz politik la – peyi a se pa pou yon sèl blòk, li pa pou yon sèl kan. Peyi a se pou tout pitit li yo, pou tout frè Jis ak Sòyèt yo. Si yo lage pouvwa nan men ou – se pou w sèvi avè l pou fè kichòy positif. Malerèzman, twòp moun konprann pouvwa se lè ou kapab anpeche yon lòt fè kichoy positif.

Lanmou pou lapatri dwe fè tout moun mete tèt yo ansanm –pa pou chache enterè pèsonèl, men pou yo chache sa k nan anvantaj tout moun. Gen twòp moun ki di yo renmen lapatri – men, yo renmen l tankou pis yo renmen yon vye chyen. Epi, ki mele pis grangou chyen?

Men, jounen jodi a, nou mete sou panno lakay nou yon nouvo almanak; konsa, fò n vire paj la, fò n komanse ekri yon lòt chapit nan istwa peyi sa zanzet vanyan yo mouri kite bay pitit yo.

Yon Kiben yo rele Jose Marti te di yon fwa, “lapatri se agoni men li se yon devwa”. Nou menm ki konn agoni lapatri k ap soufri a, nou pa fèt pou nou bliye dwa n. Nan bwè nap bwè soup la jodi a, nou sonje kouman zanzèt kase chenn esklavaj yo; men, fò nou fòme yon chenn solidarite. Deviz nasyonal la di, “inyon fè lafòs”. N ap mande Bondye pou li fè Ayisyen yo kap viv andedan peyi a reyisi fè fòs nan yon vre inyon. Ni moun lelit ak moun nan mas pèp, ni moun deyò ak moun lavil dwe fè youn; epi fò genyen plis rapò, plis solidarite ant ayisyen andedan peyi a ak sa k deyo yo. Dyaspora se pitit kay tou yo ye. Epi, m ap pale pa sèlman nou menm ki nan dyaspora Ozetazini; men, mwen vle fè n sonje frè n ak sè n yo ki nan dyaspora Dominikani. Nou pa kapab bliye yo; nou pa kapab rèt an silans devan gwo enjistis tribinal dominiken an te fè nan revoke li revoke sitwayenite 250 mil “Ayisyen dominicanos”.

Mwen sonje yon fwa, nan ane 80 yo, lè zafè politik yo an Ayiti tap chofe anpil, yon nèg ki te yon nasyonalis wouj blije pran ekzil bò isi a– epi, pandan li Miyami ak manman li, yo fè yon pitit. Kom mwen renmen takine moun, mwen di li konsa, “Gade w! Nasyonalis jan ou ye a epi ou fè yon ti meriken. Li gade m, li di m, ”Monpè, manman chat met ba nan fou a, men li pa fe yon pen pou sa.”

Konsa, menmsi pitit nou yo fèt isit, menmsi yo pote paspò meriken, yo toujou gen san Desalin nan venn yo, yo Ayisyen. Epi, sa pap anpeche yo vin ameriken; okontrè plis yon moun fyè rasinn li, plis li renmen kilti li, se plis lap rann kom sitwayen peyi kote lap viv la. Idantite ayisyen an pa yon andikap, se yon avantaj.

Konsa, menmsi nou pa an Ayiti, li enpòtan pou n fete anivesè endepandans peyi d’Ayiti, li enpòtan pou pitit nou yo konn kilti nou, pou yo pale lang nou. Menm jan rasinn nesesè pou yon pye bwa, rasinn yo nesesè nan lavi yon moun. Koupe rasinn yon pye bwa, li tonbe, li mouri; menmjan parèyman, yon moun san rasinn pa resistan. Gade delikans ki genyen nan kèk gwoup jen ki tonbe nan fè gang. M ta di, pi fò nan yo pa konn rasinn yo. Menm jan po a vlope kò a epi li pwoteje l pou mikrob yo pa enfekte l, se konsa kilti a fèt pou vlope yon pep, pou pwoteje l.

Si po a malad, si po blese, mikròb yo ap anvayi kò pou fè dega. Frè m ak sè m yo, nan komansman ane a, fò n rekonnèt po a ki sipoze vlope kilti pèp la ak egalite, fratènite, libète blese; Wi, kriz politik la blese l, epi mikròb ambisyon pèsonel, mikròb kòripsyon an ap fè dega: ki fè, eleksyon pat fèt; Wi, kriz ekonomik la blese l, mikròb chomaj ak lavi chè ap kontinye fè dega pi rèd pase kolera– epi, nan ane ki fèk pase a nou toujou wè bòtpipèl ayisyen ap toujou mouri nwaye nan lanmè, dan reken pi dous pase lamizè; epi, divizyon sosyal la toujou yon gwo blesi – malgre gen lontan depi yo rekonèt lang kreyòl la kom lang ofisyèl peyi a, lang franse a ap toujou kòkòbe developman peyi a.

Nan 2015, nou mande Bondye yon bonjan sewòm kap geri tout maling sa yo, pou kilti ayisyen an, yon kilti ki rich, yon kilti etranje yo konn apresye kapab vin ansante. Konsa, timoun yo pa leve ak gwo konpleks, pou yo pa janm wont di se Ayisyen yo ye.

N ap fete premye janvye; men, nou toujou nan Sezòn Nwèl. Jezi fèt pou l pòte kè poze ban nou, pou fè nou viv tankou frè ak sè – paske se sa nou ye vre. Bondye kreye nou pòtre avè l; men, pou l sove nou, li vin samble ak nou – nan tout bagay sòf peche li pa janm fè. Si vin samble ak nou pou fè nou rive samble avè l.

Si pwovèb la di, “depi nan Ginen, nèg rayi nèg”; fò nou rèdi pou yo di, “depi nan Jezi, nèg renmen nèg. Jou Jezi te fèt la, mesaje syèl yo tap di: “Glwa anwo nan syèl la pou Bondye, kè poze sou tè a pou moun li renmen yo”.

Pita lè n bwè soup la lakay nou, ann mande Bondye pou li ban nou kalite kè poze sa zanj yo te anonse jou Nwèl la. N ap mande Bondye pou li fè n kado lapè nan ane k ap kòmanse a: lapè sou tout tè a, sitou nan peyi tankou lasiri ak Irak, lapè nan peyi d’Ayiti, lapè nan fanmiy nou yo, lapè nan katye nou, nan fwaye nou yo.

Sent Terèz Lafan Jezi te di yon fwa, “Bondye pa mete nou kom “jij di pè”; li mete nou kom “anj di pè”.

Sa vle di, Bondye pa mande nou pou n al chèche sa k gen rezòn, sa k gen tò, li mande nou pou nou al anonse lapè, pou nou al chèche mete lapè. Chèche konnen kote rezon an ye ak kote tò a ye se youn, chache mete lapè ant sa k gen rezon ak sa k gen tò a se de.

Dapre wòl w chwazi a w ap sevi ak mwayen diferan. Jij ap chache konnen; anj ap pòte nouvèl. Cheche konnen pa mennen byen lwen. Pòte nouvèl rive jous nan bout tè a. Chèche konnen fini nan fann nan deng yon moun: Pòte nouvèl fini nan fè moun ki pat kapab antann yo tankou chyen ak chat, vin fè yon sèl kòt fanmiy, pou lou abite avek mouton, pou tig kouche bo kote kabrit, pou bèf manje ansanm ak lyon.

Jij di pè se youn, anj di pè se 2. Jezi voye nou kom anj lapè, kom mesaje kè poze li vle fè n kado a. Sen Pòl di: Kite yo rekonsilye nou ak Bondye. Li voye nou deklare lapè pou sa k te lwen yo ak lapè pou sa k te pre yo. Li fè tout moun vin fè youn sèl antan l kraze miray rayisans la ak san li li vide sou kwa a. Pa gin ni grek, ni jwif. Nou pa gen pou nap ensiste sou diferans ant moun, ant klas moun ant ras moun. Nou tout nou fè yon sèl nan Jezi Kri. Depi premye jou Nwèl Jezi pote lapè pou nou; epi l ap sinyen mesaj lapè a sou kwa a.

N ap mande Manman Mari – li menm ki toujou ban n sekou - pou l fè nou sispann defann enterè nou tankou chyen kap defann zo ki nan bouch yo. Se pou nou aprann pataje – se sa jès bwe soup la ansanm vle di n. Konsa, pase pou nou pran pòz jij di pè nou, ann tounen tounen anj di pè, ann tounen mesaje kè poze, kado sa Bondye vle ban nou nan 2015.

Le sa a, nou mèt di, “Happy New Year”, a pye nou ye, tout bon vre.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents