"Blan an chaje ak Chyen Kouchan, kise Bouldòg li ka reveye nenpòt ki lè pou mòde moun ki kande dwat devan yo.
Mwen te byen raple avan piblikasyon rezilta Komisyon Verifikasyon an, blan an gen Chyen Kouchan bouldòg li yo ki nan peyi a, li ka reveye yo nenpòt ki lè , pou l voye yo mòde moun ki gen kolòn vètebral yo byen dwat pou kanpe nan figi yo pou di yo Non on on on on!
Pami chyen bouldòg yo reaktive yo, te toujou genyen Guy Phillipe. Men kounye a blan yo reaktive youn ki rele Evans Paul aka K-Plim. Arnel Belizaire se youn lòt tou. Gen anpil lòt ki pral parèt tèt yo la a. Paske, se pa la patri ki antrave. Se blan an ki wont. Fòk chyen kouchan yo lave wont pou blan an.
Chak fwa Ayisyen lonje dwèt sou blan kòm responsab malè li, toujou gen 2 zou 3 moun ki toujou jwenn yon jan pou revoye responsablite a sou do Ayisyen e dedwane blan yo.
Kategori moun sa yo ou rankontre yo trè souvan pami ansyen amplwaye Oganizasyon Entènasyonal, propriyetè ou amplwaye ONG, ak entèlektyèl ki toujou ap benefisye swa bous detid, swa konpliman entènasyonal pou ouvraj literè (ki pa syantifik). Si se blan ki finanse salè yo, opinyon yo toujou reflete opinyon patron blan yo.
Alòs, opinyon blan yo chita sou ajanda pou kenbe Ayiti nan enstabilite kronik. Pou w konprann Ayiti, byen, fo w gade istwa ak aktyalite peyi Afrik frankofòn yo. Yo di Ayiti se Premye Repiblik Nwa nan mond la. Se vre. Men model Repiblik ki aplike an Ayiti a, se li ki al reprodui an Afrik. Yo Prezidan tou-puisan san kont poutvwa reyel, paske si gen Palman, depite ak senate dwe tyoul Prezidan. Se an Ayiti yo te inogire Prezidans avi sou Petion. Blan franse al ekspòte model sa a an Afrik (Bongo, Eyadema. Piyaj kès piblik ak Lese Grennen, koumanse an Ayiti tou.) Plimen poul la, pa kite l rele. Nou konn fòmil sa a.
Se yon model ki ta pral fè chemen li ak prensipal eritye Politik Petion an, JP Boyer. Rekonsilyasyon Ayiti ak Blan franse yo apre Divòs la te siyen premye Janvye 1804 sou Plas Dam Gonayiv nan bouch Dessalines (Renonçons à tout jamais à la France…) se jèm ki pral pote peyi Dayiti pi move kou, ki plase l anba pat blan. Sou pretèks yap peye blan Franse dedomajman pou byen (nan byen yo te gen tèt Afriken ki te nan esklavaj yo tou) yo te pèdi nan ansyen koloni yo a Ayiti, Boyer te fasilite retou kèk franse, ki te vin gen tit propriyetè Mezon Komès, anba proteksyon diplomatik ki tou ba yo dwa ak privilèj enpinite. Tout se te Konsil de Frans. Se ak ekip “diplomat” sa yo tout konplo fèt, swa pou kenbe pouvwa, swa pou jete pouvwa.
Kouman sa fèt?
Boyer te rive kenbe pouvwa a pandan 29 lane, paske tout produi peyi a te konn fè nan (Kann, Kafe, Koton, Kakao, Kanpèch, elatriye) tout te konn anbake sou bato gratis ti cheri ale an Frans. Mèt Mezon Komès yo te prezan an Ayiti pou garanti operasyon sa yo, swadizan se yo ki achte pou al vann an Frans. Men lajan an pa antre, paske Ayiti dwe Lafrans. Sof sa ki te rantre nan peyi a nan epòk la, sete bon diven, bon romaj, bon chanpay pou dyòl elit la ak zam fann fwa pou ekipe lame a ki ap proteje Boyer ak piyajè ki nan antouraj li yo.
Konsa, apre 29 lane sou pouvwa, peyi a koumanse cho, paske Boyer pa fè wout, Boyer pa mete lekòl, Boyer pat fè inivèsite. Kazèn ak fò militè ki te koumanse konstrui apati dekrè Dessalines te siyen 8 Avril 1804 la, tout travay kanpe. Lè lòt lidè nan peyi a koumanse ap plenyen ak popilasyon an, djòb konsil yo se te pou pran poul sitiyasyon an pou voye di nan peyi yo sak pase. Lè Boyer pa ka kenbe ankò, konsil sa yo te chita pale ak group lidè nan opozisyon, pou di, depi yo siyen yap respekte angajman pou toujou kite machandiz anbake pou ale an Frans, yap rekonèt yo.
Se konsa mo "Blan Rekonèt" la vin antre nan vokabilè politik an Ayiti. Se menm Konsil sa yo ki te fè Boyer konnen ki lè pou l pati kite pouvwa a paske tel bato ap antre tel lè. Se konsa istwa tout prezidan ki apti an egzil yo dewoule. Blan rekonèt paske yo bay blan an garanti depi anvan yo monte, yap rekonèt pou yo kite blan yo jwui avantaj blan an genyen nan peyi a. Sizanka, nouvo prezidan an di li pap ka kenbe promès li, bouldòg ap lache nan wèl li. Yap jwenn zam ak lajan pou ranvèse pouvwa a. Se konsa Salnave te pèdi pouvwa a jouk li te pèdi lavi l tou. Se konsa Ayiti anvlope nan tibilans politik pandan tout ane de 1823 a 1915.
Lè Ameriken yo vin di tròp dezòd nan lakou dèyè do yo a an 1915, yo te antre an Ayiti. Premye sa yo te fè pran rezèv lò andedan Bank Santral la. Se konsa Bank Nouyok te peye Lafrans rès lajan li di Ayiti te dwe l la.
Depi lè a, Ayiti vin gen 2 blan ki ap ba li lòd. Lafrans, paske l toujou konsève rezo konsil li yo, ak Etazini ki pral vin simaye ajan pa l yo tou. Men ajan lokal USA yo nan elit Ayisyen an pi santi yo franse ke ameriken. Konsa, ameriken yo ka depanse gro lajan pou yon sèvis sabotaj, aloske ajan Ayisyen yo konn fè l gratis pou Lafrans. Lè m te di pou w konprann Ayiti fòk ou al gade aplikasyon menm politik sa a nan peyi Afriken Lafrans te kolonize yo. Apre Endepandans peyi sa yo nan ane 60 yo, La Frans mete an plas yon politik pou l kontinye jwenn tout kaliteavantaj.
Menm jan l te fè Ayiti abi a, li egzije peyi sa yo pou yo dedomaje l pou enfrastrikti li te konstrui pandan epòk kolonizasyon l lan, tankou rout ak batiman. Konsa, peyi Dafrik yo dwe vèse nan Banque de Frans (nan kès lakay Franse) tout lajan an deviz etranjè yo voye vann matyè premyè nan lòt peyi, an kòmansan pa menm Lafrans la. Epi li egzije pou peyi sa yo gen lame, fòk lame sa yo se li ki fòme ofisye yo epi pou zam lame sa yo sèvi se zam yo achte nan men Lafrans. Se li ki pou sèl kòk chante nan mache medikaman ki nan famasi, dispansè ak lopital. Se li ki pou fòme profesè lekòl, ak inivèsite. Epi fòk peyi sa yo vote nan menm sans ak Lafrans nan ONU. Si nou wè peyi sa yo ap vivote nan mizè, se pa fòt yo. Kolonizasyon an ap rapousuiv yon lòt jan. An konplisite ak Bagay ki rele Kominote Entèsyonal la. Anpil prezidan nan Afrik frankofòn nan se toujou yon kolonel Franse ki chef sekirite yo. Si yo ta menm manke vle aplike yon politik ki an favè peyi yo yap mouri asasinen yo anba je kolonel franse a. Si nou kwè m manti al fouye pou n konnen pi plis sou sak te pase Sylvanius Olympio nan Togo, Gade sak rive Patrice Lummuba nan Kongo, ak Thomas Sankara nan Burkina Faso.
Men gen yon bagay pou n plis konprann. Pouki se peyi Dafrik yo, jounal Oksidantal yo toujou ap di se yo ki nan koripsyon?
Selon yo liv ki rele L’envers de la Dette ki ekri pa François-Xavier Verschave, (download li la a
Liv la eksplike operasyon an konsa. Blan yo anonse an piblik, yon gro montan lajan pou èd ekonomik. Propagann. Sa yo di ak minis finans yo pa anba a se yon lòt pawòl ki pa ka rakonte an piblik. Men kouman yo bay lajan an. Pousantaj èd la se moso 4 a 6 pou 100 yo koupe nan enterè a yo ta dwe peye nan ranbousman dèt la. Epi yo deja antann yo ak prezidan an konbyen yap mete nan kont an Bank Suisse pou li, yap achte chato pou li an Frans, sa pou l kenbe nan men l nan peyi l pou lè gen eleksyon pou kandida blan yok a voye chache lajan nan men yo. Se sa ki eksplike toune an Afrik tout kandida franse yo anvan tout eleksyon. Nan lajan prete a tou, yo konn fòse prezidan Afriken yo bay lajan pou finance aktivite destabilizasyon lòt gouvènman Franse yo gen problem ak yo. Kouman Blan yo pilote eleksyon pou moun yo vle mete nan tèt peyi sa yo? Se la a liv L’Envers de la Dette la enteresan pou li. Teknik la se toujou mete zigzani anndan peyi a. Zigzani a se laperèz ant tel nanchon (group etnik) kont tel nanchon tankou Tutsi kont Hutu nan Rwanda, Yoruba kont Haoussa nan Nigeria, Moun nan Nò kont moun nan Sid nan Benin, Togo, Cote d’Ivoire.
Konsa, moun yo vle mete sou pouvwa a se pou program, men sou ak propagann laperèz kont yon group. Pou n konprann sa byen, se blan rasis ki tap konseye ekip Tèt Kale a ki te sèvi ak laperèz kont Lavalas pou kenbe Micky sou pouvwa a pandan 5 dènye lane a.
Se menm teknik la ki ap itilize toujou pou kenbe yon “chyen kouchan” ki rele Jovenel ‘Zoklimo” Moise nan jwèt politik la, ak apui kèk bouldòg tankou Anacacis, Sauveur Pierre Etienne ak plizyè jounalis ou mikroman enfliyan, ki mobilize pou misyon sa yo nan nivo diferan medya nan peyi a.
Blan yo ap aktivite rezo yo genyen an Ayiti a nan moman an paske si nou byen konprann, lajan Petro Caribe a ekip Tèt Kale/Bandi Legal la gagote a (Lamothe, Martelly, K-Plim), ou ka koumanse devine kote l ale.
Si nou suiv byen, pa yon nòt pa soti nan Transparency International ki denonse ekip tèt Kale a, sa vle di koripsyon an se te an favè yon pati nan blan yo. Suiv lojik ki dekri nan liv L’Envers de la Dette la. Eske yon pati nan kòb sa a pa al finanse opozisyon ki mande anraje pou mete do Maduro atè nan menm Venezuela ki fasilite prè bilateral sa a?
Kòm mwen toujou di l, Michel Martelly, Evans Paul, Jovenel ‘Zoklimo” Moise se prototip dirijan blan yo bezwen pou Ayiti. Tout avantaj ap toujou pou blan an.
Ayisyen, si w ka degaje w, degaje w ou byen ou mouri sou plas. Paske bandi Tèt Kale yo se kolaboratè aktif neo-kolonizasyon. Se pa etonan si se K-Plim ki te siyen papye pou fè kado LaGonav nan mwa Janvye 2016 la. Menm si ak sal jwenn nan, li ranmase l tankou po patat yo voye atè bay chyen, menm si satisfè l pou, tout suit apre, li achte yon Jip Mesedèz Benz 2016 pou 55 mil dola vèt depi Miami. Se pa peyi a li ta boule sèlman pou enterè blan yo.
-- Norluck Dorange
Chak fwa Ayisyen lonje dwèt sou blan kòm responsab malè li, toujou gen 2 zou 3 moun ki toujou jwenn yon jan pou revoye responsablite a sou do Ayisyen e dedwane blan yo.
Kategori moun sa yo ou rankontre yo trè souvan pami ansyen amplwaye Oganizasyon Entènasyonal, propriyetè ou amplwaye ONG, ak entèlektyèl ki toujou ap benefisye swa bous detid, swa konpliman entènasyonal pou ouvraj literè (ki pa syantifik). Si se blan ki finanse salè yo, opinyon yo toujou reflete opinyon patron blan yo.
Bien vu. Suite à l'échange entre la Commission de vérifications haïtienne présidée par François Benoit et les observateur de l'UE, on a eu droit illico à ce dédouanement.
A comparer avec ici l'article de M. Eric Toussaint sur l'utilisation de la dette comme moyen de subordination qui poursuit la même analyse que celle de M. Norluck Dorange.
Et un entretien+ vidéo autour du néolibéralisme et la pauvreté grandissante aux USA, capable à moyen terme de pousser les Etatsuniens à s'exiler.
Neoliberalism Will Soon Force Americans to Leave the United States
U.S. economic policy will eventually pressure U.S. citizens to emigrate just as it caused millions to leave Russia, the Baltic States and now Greece in search of a better life, economist Michael ...
Commenter cet article