Mèsi anpil pou klarifikasyon sou amandman konstitisyonèl 9 Me 2011 la. Nou edifye trè byen. Men sa ou bliye, e map raple w, gen lontan nou pa nan konstitisyon an. Michel Mateli fè tout 5 kan li sou pouvwa a ap vyole tout konstitisyon, e orijinal Konstitisyon 1987 la e Konstitisyon Amande a. Dayè, nap fonksyone anba 2 konstitisyon ke nou pa janm aplike vre, Konstitisyon amande epi Konstitisyon 1987 orijinal Kreyòl la. Tout moun, suivan moman an, rale youn oubyen lòt pou yo defann enterè pèsonèl yo nan agimantasyon yo. SISPANN FÈ PÈP LA SA, Mesye-Dam politisyen Ayisyen!!! Nan kriz pos-elektoral aktyèl la, tanto nou brake divès atik konstitisyon yo, tanto nou brake divès atik akò koken 5-6 Fevriye 2016 la.
Konstitisyon an aplikab si gouvènman Mateli-Loran lamòt-K-plim-phtk a te aplike konstitisyon an toutolon e ke se pat yon akò koken ki te fèt. Lè sa a, tout aktè politik yo ki enkli tout veritab pati politik ki te patisipe nan eleksyon yo e ki te nan lari a te reyini pou gade kouman aplike konstitisyon nan ka sa a oubyen èske konstitisyon an aplikab vre oubyen si se yon akò jeneral ant tout fòs politik yo kap pèmèt vanse. Se yon akò tèt chat nou te fè nan koulis ant prezidan sena (sena konteste a), prezidan chanm depite (chanm konteste a), prezidan sòtan, Mateli, ki te nan fen manda li epi sou lobedyans enstans entènasyonal yo, core gwoup, oea elatriye. Demach akò koken pa nan okenn nan konstitisyon yo.
Ou repran yon pasaj nan konstitisyon amande a pou di, (Cet article stipule que “ (…) Dans le cas où la vacance se produit à partir de la quatrième année du mandat présidentiel, l’Assemblée Nationale se réunit d’office (…) pour élire un nouveau Président Provisoire de la République pour le temps qui reste à courir.”)
Mateli te nan fen manda li nan 5èm ane a, e donk menmsi nou te nan konstitisyon, pasaj sa a pa tap aplikab nan ka sa a ditou de tout fason. Fòk nou sispann fè mètdam ak moun!!!
Tout sa w di yo te ka vre, e lojikman, ou trè pou se konsa nou rive suiv konstitisyon an, si (Ha, ha) si nou te nan yon sitiyasyon nòmal. Nou pa nan yon sitiyasyon nòmal ann Ayiti. Nan nan mitan yon gwo kokenn chenn kriz electoral kote 628,000 zonbi al vote nan seri eleksyon 9 Out – 25 Oktòb 2015 yo. SE PA TI BAGAY SA!!! Pratik ki mennen a kesyon sila anti-demokratik, anti konstitisyonèl, dezonèt, non-transparan. Se tout sa ki jounen Jodi a retire nou nan konstitisyon. Kriz ki devan nou an mande yon repons politik de tout fòs an prezans konsène yo.
Yon ti konsèy pou phtk! Si phtk vle rantre nan jwèt demokratik la seryezman, (kwak nou doute sa anpil), premyèman li dwe admèt nou tout nou nan yon labou e phtk jwe yon gwo wòl nan mete peyi a nan labou sila a. Dezyèmman, li dwe fè yon retrè taktik e kite lòt fòs politik yo fè divès efò kap fèt yo pou sòti nan labou a. POZE!!! Paske plis, nou sote/ponpe, fè eskandal, se plis labou nap voye toupatou. SISPANN! Anplis, admèt nou pèdi tranch batay sa a! Si nou bon gèrye, nou dwe konnen lè nou pèdi batay pou nou fè retrè estratejik. MOMAN SA A PA POU NOU! F-I-N-I!!!
Kidonk, pa pran pòz gwo demokrat nou, brake konstitisyon ti krik-ti-krak paske konstitisyon an pa teren nou; se pa nan kesyon aplikasyon konstitisyon phtk pi fò; nou pat janm aplike l lè nou te opouvwa pandan 5 kan an. Pa gen moun kap kwè nou, esepte 628,000 zonbi yo! Meyè bagay pou phtk ak alye l yo dwe fè se vin chita sou ban lekòl DEMOKRASI 101 Pèp Ayisyen ap anseye politisyen Ayisyen, Core Group la, Inyon Ewopeyèn, OEA, Nasyon Zini ak Etazini alatèt. Jounen Jodi a, mwen trè fyè pou di, “se PÈP VANYAN D AYITI TOMA, PEYI DESALIN LA, KAP BAY LEMOND ANTYE LESON SOU KISA DEMOKRASI YE VRE.”
Kenbe,
Kanmarad Kawonabo
Au sujet de l'art et la manière de fausser les résultats d'élections dites démocratiques : le témoignage d'un acteur, Sepulveda, qui aurait "aidé" à l'élection de l'actuel président mexicain (en anglais).
His teams worked on presidential elections in Nicaragua, Panama, Honduras, El Salvador, Colombia, Mexico, Costa Rica, Guatemala, and Venezuela. Campaigns mentioned in this story were contacted through former and current spokespeople; none but Mexico’s PRI and the campaign of Guatemala’s National Advancement Party would comment.
TRAD :
Son équipe a opéré dans les élections présidentielles au Nicaragua, Panama, Honduras, El Salvador, Colombia, Mexico, Costa Rica, Guatemala, Venezuela. A l'exception du PRI du Mexique et du Parti pour l'avancement national du Guatemala, les porte-parole des campagnes mentionnées dans cet article que nous avons contactés se sont abstenus de tout commentaire.
Le titre : How to hack an election
Signifiant : Comment pirater une élection
Vu le nombre de pays où ce hacker - qui déclare appartenir à la droite et s'être lancé dans ces stratégies de manipulations pour combattre la gauche en AM. du Sud - dit être intervenu, les pratiques de fraudes des woz (et celles dénoncées en RD) semblent toucher toute la région.
Commenter cet article