Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lu sur le net. Gabriel Fortuné pran devan ! Par Delmondo Charlemagne

Publié par Delmondo Charlemagne sur 21 Juillet 2017, 11:59am

Catégories : #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER, #LU SUR LE NET

Fortuné, inconnu, Martelly, Jovenel, inconnu : avant le carnaval et la caravane

Fortuné, inconnu, Martelly, Jovenel, inconnu : avant le carnaval et la caravane

- Nou sonje, Jan Gabi t ap defann nèg Bannann lan nan dènye eleksyon yo, si Jodi li denonse menm ekip sa, sanble je l louvri oubyen l fristre ,selon li, Gouvènman Moïse / Lafontant an p ap bay rezilta, yo deja pati sou echèk, yo ka fè yon move so kabrit.

Nou pa bliye kanaval okay la, je Gabi sanble pot ko louvri, eske retonbe yo pozitif? Brèf. Gabi pa yon ti Politisyen wòwòt dèyè manman, li byen konn tèren politik Ayiti a, depi w wèl rele Anmwe, konnen gen pwoblem, ou pa bezwen bwa pi wo oubyen grenn pwomennen pou wè sa.

Non karavàn nan sèlman di aklè se yon gwo cho medyatik ki atire atansyon moun, nou pa ka rate yon segonn nan kokennchenn cho sa. Kòtèj la ankò montre, Se yon kanpay elektoral avan lè, depite ,sènatè kòmanse ap prepare eleksyon yo, pwoblèm yo rete tenmplas!

Palmantè yo pa egare, Prezidan an tou pa egare, yo Se pwason kraze nan bouyon, anpil milya goud debloke , yo tout sou tèren, Se yon veritab karavàn chanjman , koripsyon an modènize, egzekitif fè yon tèt kole ak lejislatif la pou yon pi bon separasyon lajan leta pou kenbe pouvwa pi lontan, epi pèp la se figiran nan fim sa.

Ki wòl yon palman nan ka sa mesyedam? Eskè Palmantè yo ka konvoke oubyen entèpele yon Prezidan toutis ki pran plas 1er minis ak minis yo ? Eske yo ka entèpele Minis yo pou bay esplikasyon sou Jan lajan karavàn lan depanse ? Repons la Se NON, paske yo antann yo deja sou pwen sa, palmantè nan nò, Plato santral, sidès, Nòdwès, Nòdès, pran yon ti pasyans, Karavàn lan ap rive sou nou, yon ti moso gato pou nou chak , nou pa bezwen fristre ,nou tout ap jwenn. Tout pou nou mesyedam otorite, zewo pou pèp la.

Delmondo Charlemagne

17 jiyè 2017

New-York /USA

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents