'Eternel a donné, l'Eternel a repris????????
Tann mwen, pou ki moun w ap travay, ou menm?
Pou fòs fènwa yo oswa pou gouvèlman Azibe tchoul bandi legal yo?
Yon moun mouri asasine, epi se sa w pa wont tèt ou di?
Pè Simoly mouri anba men bandi sou moto, epi sa pa di w anyen?
Se reziye ou reziye w pou w di L'Eternel a donné, l'Eternel a repris, epi bon voyage Pere Simoli? Kòm si, menm yon ti moso jistis sou tè a pè Simoly pa t merite?
Ebyen moun mèt konkli ou byen kontan pè a mouri konsa!
Kote jistis pè Simoly sou tè a menm? Wi fout!!! Gad on lapèn, Letènèl!
Agnus Dei qui tolis pecata mundi, ou se yon vrè ka pèdi!
Si se kalite reziyasyon konsa ki pou fè moun konnen m kretyen, mwen prefere antre nan zobop!
Kounye a mwen wè tout bon ki sa ou swaf la?
Ou swaf lanmò! Ou swaf ansasinay!
Ou swaf krim k ap plede fèt sou viktim ki pa janm jwenn jistis yo.
PS. Dezole, men ou pa bay moun chans wè konsepsyon ou yon lòt fason!
/https%3A%2F%2Fwww.radiotelevisioncaraibes.com%2Ffiles.php%3Ffile%3Dnewsphoto%2FPeres_simoli_894034315.jpg)
Commenter cet article