Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


'Èske lè li bay koze kredi sa yo, se pa yon fason pou li prepare lopinyon Ameriken, Ayisyen ak Entènasyonal la pou pimpe plis ke 60,000 Ayisyen ki benefisye de pwogram TPS la tounen ann Ayiti san bri, san kont? ' A propos des énormes progrès qu'aurait fait Haïti selon l'administration US

Publié par siel sur 2 Janvier 2018, 17:36pm

Catégories : #LU SUR LE NET, #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

'Èske lè li bay koze kredi sa yo, se pa yon fason pou li prepare lopinyon Ameriken, Ayisyen ak Entènasyonal la pou pimpe plis ke 60,000 Ayisyen ki benefisye de pwogram TPS la tounen ann Ayiti san bri, san kont? ' A propos des énormes progrès qu'aurait fait Haïti selon l'administration US

Nou ta renmen wè ki Ayisyen ki pran oserye vye koze sa a ki sòti nan bouch Rex W. Tillerson asavwa li note “pwogrè fòmidab” nan lane 2017 la ann Ayiti. Nan domèn sekirite, èske li okouran dapre JILAP, gen 330 moun ki enkli 15 ajan polis ak Pè Joseph Simoly asasen touye pa bal an 2017?

An Fevriye 2017, Ayiti enstale yon enkilpe ki sòti nan yon “eleksyon”/seleksyon fwodile ak malatchong ke pèsonn pa kwè ladann nan peyi a. Se te senpman volonte sektè prive san konsyans la ak peyi kolon enperyalis yo ki te mete Jomo nan tèt leta a pou jwe wòl tyoul yo. Se menm Etazini sa a kote nan “eleksyon” malatchong 2010-2011, sekretè deta li, madan Hillary Clinton, te kwoke Swit Miki kòm prezidan nan gòj Pèp Ayisyen an.

Antèm de demokrasi, dwa de lòm ak eta de dwa, èske Tillerson konnen konbyen kouch gaz lakrimojèn Pèp la pran nan men lapolis nan ekzèsis dwa demokratik li, kantite moun lapolis bat, arête epi touye nan manifestasyon pasifik kont bidjè kriminèl la ak tout lòt deriv ak gagòt gouvènman Moise/Lafontant an? Se pa “demokrasi” pou lagalri sa a Pèp Ayisyen an angaje l.

Èske li konnen, de Me a Sektanm 2017, konbyen Ouvriye ki pran kou nan men lapolis epi sibi revokasyon nan faktori kote yo tap travay lè yo tap manifeste pou yon ajisteman salè minimòm 800 goud, e finalman se 3 adoken Jomo mete sou yon pitans de 335 goud CSS la te bay la?

Monchè, apre plis ke 100 tan d “amitye” ak “patnè” de long dat, pou Ayiti nan eta de mizè, de soudevlopman, densekirite tout kalite, enkli ensekirite alimantè kote FAO sòt deklare plis pase yon milyon Ayisyen ap mouri ak malnitrisyon, nou pa bezwen lenmi ankò. Wa di plis peyi kolon enperyalis yo declare “amitye” ak detèminasyon pou “soutni” Ayiti, se plis nou tonbe nan twou santi a pi rèd ankò.

Ositou, nou kapab konkli san ekivòk ke Rex W. Tillerson pa konnen, pa konprann, pa wè anyen nan reyalite Pèp Ayisyen an. Èske lè li bay koze kredi sa yo, se pa yon fason pou li prepare lopinyon Ameriken, Ayisyen ak Entènasyonal la pou pimpe plis ke 60,000 Ayisyen ki benefisye de pwogram TPS la tounen ann Ayiti san bri, san kont? Gouvènman Moise/Lafontant pa dwe kouri bat lestomak yo, plen tèt yo ak fòs awogans yo abitye afiche nan sikonstans sa yo apati swadizan “konpliman” san pye, ni tèt yo sot resevwa nan men seKretè deta meriken an, Rex W. Tillerson. SE YON PYÈJ, YON PO KANN AK TOUT FOUMI LI PARE POU NOU. SI NOU RANTRE LADANN NOU CHIRE AN GRAN JAN!

Kidonk, okontrè, se yon okazyon pou nou montre nou trè “HUMBLE” nan deklarasyon nou, montre Ayiti gen anpil mal ak doulè pou sòti nan sitiyasyon latètranble a menm 8 tan apre e tou siklòn Matye a kontinye pwodui efè dezastrez toujou. Epitou, nou gen yon lòt dezas ki jisteman se kesyon KORIPSYON ki fin gangrenen ke nou deside konbat. Sa mande restorasyon ENDEPANDANS enstitisyon tankou UCREF, ULCC, KOU SIPERYÈ DÈ KONT, POUVWA JIDISYÈ A pou yo fè tout TRAVAY ANTI KORIPSYON NESESÈ NASYON AN.
Jounen Jodi a, Pèp Ayisyen an dwe reyalize li se SÈL ATIZAN CHANJMAN LI VLE NAN PEYI A. PÈSONN PAP FÈ L KADO ANYEN DITOU.

Kanmarad Kawonabo

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents