MEN KOUMAN (Mycheline Sylin) MANMAN Stanley Noël RELATE FÈ KI LAKOZ ZAK SASINAY PITIT GASON L LAN BAY DELEGASYON ELÈV LISE PETYON YO
Jou kite, 24 novanm 2018 la yon gwoup bandi ki t ap soti nan lasalin pou antre fòtouwon presizeman RI SEN MATEN t ouvè kout zam sou Liseyen an,
men Viktim zak sasinay la pat chita pou kòl t gn granmoun bò kote l la l, sepandan lè granmoun yo wè moun yo ap vini yo pete kouri men Stanley t ret chita paske l t ap ekri sou tlf li e tande mizik nan yon kas se sak fl pat gntan chape poul li tou, e se menm moman sa yon gwoup bandi legal ki t gn gwo zam fann fwa nan men yo ouvè kout zam sou jenn liseyen an, daprè sa Manman an rapòte n li di n ke lè bandi legal yo ap ouvè kout zam sou pitit la yo di l anhhh APA W RETE OU PA KOURI.....
Manman an di n ke lè l tande bri bal yo deyò a li t ap fon piwèt andidan kay la, li kouri l leve pou di PITIT M AN DEYÒ A epi lè l rive se Stanley li wè k ap benyen nan san malgre Stanley pran 9 bal li pat mouri SUR LE CHAMP, li menm gntan pale ak Manman l, men kisa Stanley di Manman an pandan l fin resevwa 9 bal nan men bandi legal yo "Stanley di, Manman apa w kite m ap benyen nan san an ou pa al dèyè moun pou al lopital ak m e Manman an di Pitit m si w mouri nan kisa w ap lage m e la Stanley di, Manman m ap mouri paske m pran yon bal bò kèm nèg yo mechan Manman m ap mouri kanmèm" epi Manman an kouri rele yon chofè moto ki zanmi fanmi an pou kouri al lopital jeneral avè l e se nan lopital la STANLEY mouri ak yon mayo nwa sou li epi rès pa entim li lage devan je tout moun
Manman an souliye pou nou ke,
Gn plizyè TEMWEN OKILÈ ki t ap gade lè y ap ouvè kout zam sou pitit li a e temwen sa yo rapòte l ke, se yon "Machin zoreken san plak ki t ap sot lasalin ki ouvè kout zam sou Stanley t gn plizyè moun nan machin lan" e Manman an di ak elèv yo ke pa gn manti nan sa se bandi ki t nan yon zoreken blan ki ouvè kout zam sou pitit li a...
Delegasyon ELÈV LISE PETYO YO,
Pwopoze ak Paran Stanley pou yo ta antere l ak *INIFÒM SOU LI* pou ka voye yon mesaj klè bay leta zenglendou an ke malgre Stanley soti nan yon "Zone de non droit" jan jounalis tyoul sistèm oligachi a konn dil lan, t chwazi pran chimen lekòl jouk li rive nan Ns4 (FIlo) e fok nou di tou ke Stanley apèn tèmine nan AMERICA kote ke l t ap aprann pale Anglè, e pou di ak mouche leta a ke *Se lekol n ap mande l nou pat janm mande l pou l bann bal*...
Paran Stanley di n ke y ap fin konsète ak Lot fanmi ki aletranje e se yo menm ki t ap reponn ak tout egzijans viktim lan pandan l t vivan donk fok yo mete moun yo okouran d sa pou yo ka bay apwobasyon pa yo, elèv yo pwopoze pou chante fineray la nan Katedral pòtoprens lan apre ya al
Antere l nan vil pwovens kote ke Paran an di l ap
Antere l la ke nou menm nou pa oblije di men ki kote l ap antere........
Elèv yo,
Ap òganize yon konferans pou laprès nan jou k ap vini yo la pou denonse zak sasisay sila e mande jistis ak reparasyon pou fanmi viktim lan.....
Nan menm optik sa a,
Elèv yo pral fon *Levé de fonds* pou paran Stanley pa pou penmèt ke yo antere l men pou Manman l ka kanpe yon biznis dekwa pou l ka reponn ak bezwen lot pitit gason an..
Ap gn tou yon jounen *DE DEUIl* nan lise petyon e lise a pap fonksyone jouk STANLEY antere, jou lavèy antèman an ap gn yon 1 MINUTES DE SILENCE nan lise a kote tout elèv ap kanpe sou lakou an la main sur le coeur pou salye memwa kanmarad nou
N ap di ke depi aprè lanmò STANLEY NOËL la, Minis Edikasyon an anlokirans Pierre Josué Agenor Cadet pa janm pwononse l sou zak sasinay ke menm leta zengloudou l ap sèvi a voye tiye a nou di voye tiye paske BANDI PA F ZAM, KATYE POPILÈ YO PA F ZAM Kouman f bandi gn zam????? Pawòl sa m pran l nan mizik yon Rapè ki pote MAWON ANN Di....
NB: Stanley Noël mouri douvan lakay li l, se la l t chita anvan menm bandi legal yo ouvè kout zam sou li....
Nou lanse yon ULTIMATUM bay leta kowonpi a pou f limyè sou zak sasina frè nou, zanmi nou, kanmarad nou, STANLEY NOËL dekwa pou paran l ka jwenn jsitis ak reparasyon si non n ap pran LARI A pou mande jistis....
Manman an, di l pèdi tèt sèkèy li
Nou jwenn Manman an ak senti mare
Nou jwenn Manman an ak yon figi kote lavi depafini, lespwa neye nan dlo je li....
LETA ZENGLENDOU SASINEN STANLEY NOËL DOUVAN PAPÒT KAY Li...
Peyi a pèdi yon lespwa,
Lise Petyon pèdi yon lespwa,
Lajenès pèdi yon lespwa,
Se pa selman Paran ki pèdi se nou tout ki pèdi.....
*LETA SE LEKÒL NOU MANDE W POU KONSTWI, MENN PAT MANDE W BAL, POU KIW TOUJOU BAN NOU SA W KONNEN K AP DETUI NOU*
*LETA PA RENMEN N SE TÈT LI L WÈ AK TI MINORITE KE L AP SÈVI A*
YON JOU SE PA LETA K AP SASINEN N SE NOU K AP SASINEN LETA
Tèks:Saviola Fortuné
Commenter cet article