Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Konprann reyalite « Kanaran 70 » fas yon leta ki bay legen- Par Mondy Methelus. Pitit Kabarè

Publié par Mondy Methelus sur 23 Novembre 2019, 14:22pm

Catégories : #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #AYITI ECONOMIE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

Extrait

Malerezman, Ayiti moun gen kapasite pou yo wè e fè kòmsi yo pa wè, tande fè kòmsi yo pa tande, konprann fè kòmsi yo pa konprann. Men majorite moun kabarè konnen, bandi kanaran 70 an 2017 te antre nan konfli pou delimitasyon ki te konsène Meri kwadèboukè ak Meri Kabarè. Ak zam nan men yo, bandi sa yo pèmèt Meri Kabarè jwenn avantaj la sou Meri Kwadèboukè. Depi lè sa a jouk jounen jodi a se yo menm ki egzije moun nan anviwon an ki Meri pou yo peye enpo. Sa pèmèt anpil nan bandi sa yo gen chèk nan Meri Kabarè, epi otorite yo itilize yo pou lòt batay politik ki marande ak konjonkti politik peyi a.

 

Grav ensekirit san bout sa a, mare ak ensousyans Leta a ak sosis bandi sa yo mare ak otorite nan komin nan fè yo panse yo se mèt e seyè. Po kase a jounen jodi a popilasyon an k ap peye l. Malveyan ak zam sa yo depi kèk tan plante yon ensekite san parèy sou wout nasyonal nimewo 1 an. Kote nan yon premye tan yo te konn mete wòch sou wout la bò 3è a 4è nan maten pou pwovoke aksidan pou pwofite fouye chofè k ap soti an pwovens ak pasaje yo. Twouve sa pa ase, yo tonbe nan brake moun gran jounen, touye moun lage nan raje, vòlè moto moute nan mòn nan ak yo jouk yo rive jounen jodi a nan ransone enstitisyon nan komin nan. Anpil enstitisyon sa yo kolabore anba krent yon evantyèl anvayisman avèk tou pou favorize pasaj san kè sote pou materyèl ak anplwaye yo. Zak nou site la yo fèt nan peryòd kote peyi a ap fonksyone nòmalman.

Men, peyi lòk san rete n ap konnen depi yon bon bout tan anndan peyi a vini agrave sitiyasyon sa a nan men popilasyon san defans lan. Vin fè bandi sanfwa ni lwa sa yo pwofite konjonkti difisil sa pou sible yon lòt kategori Kòm viktim yo ki se medam yo. Yo kanpe machin, kidnape fanm fè yo pase semèn oubyen mwa ap vyole yo sou mòn nan, zak sa a pa epanye tifi 13 lane ki poko nan lavi ak granmoun fanm 75 lane ki kite lavi gason. Temwayaj kèk viktim rive fè kwè yo vyole yo nan raje toupre lari a(wout nasyonal nimewo 1) devan kadav lòt fanm ki t ap fè rebèl. Enfènal[menm gason nèg yo fè souse afè yo].

Gou lanfè sa a popilasyon kabarè a ap goute byen lontan an, sa fè kèk tan li santi l pa nan bouch li sèlman. Lè l ap tande kantite vwa k ap sòti nan divès lòt komin k ap plenyen pou sa yo sibi sou wout nasyonal nimewo 1 an ap ogmante chak jou pi plis. Lè l konnen pwoblèm ensekirite sou wout la se premye koz ki fè latriye Otèl ak Plaj sou kot akaden an fèmen pòt yo. Lè l fouye nan achiv pou l konnen yon dizèn polisye deja pran nan anbiskad nan 70 epi pèdi lavi yo, pami yo twa(3) pitit Kabarè malerezman. Lè l konnen leta tèlman okouran nivo ensekirite nan zòn sa a, li remèt san grate tèt, 10% nan efektif 3 inite Lapolis la(BOID, USGPN, CIMO) bay Lafito sèlman pou kapab sekirize « Les Moulins d’Haiti », BMPAD ak Port Lafito akoz ekzistan bandi sa yo nan paraj la.[…]

Finalman, gen bagay ki ta merite deplore men feblès ak krent yo nou kennen yo. Ekzanp Leta atravè moun ki reprezante l yo vin twò fèb, pa gen anyen ou ka ekzije l ni plenyen ba li. Nou finalman remake Lapolis ekziste se pou pwoteje byen grannèg ak politisyen ki nan pouvwa. Kamera ak mikwo jounalis pa gen tan pou vyolans, agresyon, vyòl, dappiyanp, zak maspinaj k ap fèt sou moun, genyen plis sansasyon nan politik-politisyen yo, mache nan kòlòk, konferans zotobre-politik ap bay. Òganis dwa moun yo kapab pa an mezi pou antre nan « VAR »70 pou pwodui rapò… Bagay yo grav! Se tann pou n tann; n ap tann!

N ap kaba la, men si te gen yon ti vestij Leta ki rete toujou, nou ta mande l tikras bagay sa a, pase yon traktè ; nan « VAR » 70 la, pou retire ti touf bwa nan 2 bò wout la ki sèvi kachkach pou bandi yo lanjounen kou lanjelis. Sa kapab fasilite lapolis si yon jou l ta chwazi fè entèvansyon l. Sa te ka ede popilasyon an travèse avèk mwens lapèrèz. Paske lè w pa konn sa k kache nan raje a yon sèl nèg sifi pou kanpe yon machin, fouye, vyole, dechèpiye yon ventèn pasaje pou kont li. Avan nou panse mete yon komisarya oubyen yon baz militè nan zòn sa a jan Chrisler Thélusma toujou mande sa.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents