Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Pou yon altènativ sitwayèn a Jovenel Moise e Phtkk : sitiyasyon eksepsyonèl, mezi eksepsyonèl ! Pa Sergo Alexis*

Publié par siel sur 26 Mai 2020, 20:47pm

Catégories : #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #AYITI ECONOMIE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

Yon gwoup jèn Pwogresis angaje te reyini nan vil Petigwav nan jounen kite 30 novanm jouk 2 desanm 2018. Apwè konferans 3 jou sa yo, yo te sôti yon fèydewout politik pou twouve yon solisyon ak kriz ke Repiblik la tap travèse a. Pami pwopozisyon yo tefè yo, nou pat jwenn kote yo te pale nide Legliz, nide pati politik, ni sektè prive, ni ôganizsyon popilè. Se yon pis nouka eksplwate pou n ka trouve yon altènativ sitwayèn endepandan tout pati politik yo ak kominote entènasyonal la tou !

Jan yo abitye fè konferans nasyonal yo, moun sa yo, sou banyè « sosyete sivil » la, sa pajanm mache. Se wet kô w pou m met pa m. Yo fè youn an 2003/2004, ki abouti an 2010 ak Michel Martelly e PHTKK.

Odebi lane 2000 yo, kant sektè dèzafè yo te vle debarase yo de Aristide kite gen pwoblèm ak kapitalis finansye nasyonal e entènasyonal, Konvèjans demokratik la, ak konplisite entèlektyel analfabèt, te “vann” nasyon an yon “ Nouvo kontra sosyal” ki toujou pokoka rive. An 2010, menm kalte moun kite la an 2004 yo enstale yon gouvènman mafya nan tèt pyei a. Gen yon jounalis ameriken ki rele Moisés Naïm ki pibliye yon atik nan Slate magazine 12 oktôb 2012, ki eksplike kisa ki yon Leta mafya, li di : 

“ Yon Leta mafya pa viktim sibôdinasyon fonksyonè, sètadi ki soumèt, ak rakèt mafya ki deyô Leta, se Leta a menm ki pran kontwôl rezo kriminèl yo. Pa pou derasine yo men pou l mete yo osèvis dirijan yo ak tout akolit politik e ekonomik li yo.” Sèklè enèt. Kisa nou wè k ap pase ak gang yo ? 

Fason moun PHTKK jere fon Petwokabe a, fon pou rekonstwiksyon an, fè mèsene vin nan peyi a pou asasine pwôp pèp li, mete yon ekip malfra ak valpa nan pôs responsab fonksyon piblik yo ; prezidan Repiblik la limenm se yon enkilpe pou blanchiman lajan sispèk, elatriye. Pagen manti nan sa, sebyen yon Leta mafya ki nan tèt ekzekitif la ak tout Palman san wete pouvwa lajistis la. Egzanp zak kriminèl moun Phtkk, Boukliye ak AAA elatriye san limit !

Mwen pale de Leta mafya pouke chak sitwayen ki ap angaje l nan batay kont koripsyon, pou respè tout moun epou yon repatisyon ekitab richès peyi a, kapab idantifye advèsè yo, pou byen etidye mwayen pou mennen lit la, pou asasen yo pa fin touye tout moun kigen testikil nan kouy yo. 

Konferansye yo ka prevwa 2 ou 3 pèsonalite nan premye jou konferans sitwayèn an, kika vin Premye minis e vote yon sèl moun avan fen konferans lan. Pyès moun kifè pati gouvènman pwovizawa a, pou kesyon konfyans, etik ak transparans pap ka prezante nan okenn pôs elektif nan eleksyon kigen poufèt avan fen manda gouvènman pwovizwa a. Yon Premye Minis ki sôti aletranje kiswiv aktyalite ayisyèn lan ekipa gen akwentans ak pyès zotobre an Ayiti se t ap ideyal kôm Premye minis men pa obligatwa

Pou yon altènativ sitwayèn a Jovenel Moise e Phtkk : sitiyasyon eksepsyonèl, mezi eksepsyonèl !  Pa Sergo Alexis*
Pou yon altènativ sitwayèn a Jovenel Moise e Phtkk : sitiyasyon eksepsyonèl, mezi eksepsyonèl !  Pa Sergo Alexis*
Pou yon altènativ sitwayèn a Jovenel Moise e Phtkk : sitiyasyon eksepsyonèl, mezi eksepsyonèl !  Pa Sergo Alexis*
Pou yon altènativ sitwayèn a Jovenel Moise e Phtkk : sitiyasyon eksepsyonèl, mezi eksepsyonèl !  Pa Sergo Alexis*

Chak moun dwe pran reponsabilite politik sitwayen yo

Kontteni gravite sitiyasyon Ayiti jodi a ak absans ide novatè nan pati politik tradisyonèl yo, chak sitwayen ayisyen k ap konbat koripsyon ak enjistis dwe ini yo sou yon gouvènman pwovizwa ki gen yon pwojè vyab e fyab. Minorite entelektyèl  pwogresis ki anddan peyi a dwe ini l ak sa ki deyô yo, ki ap lite poufè pwosè Petwokaribe a, dwe ôganize yon Konferans Sitwayèn Nasyonal, ki enspire desa jèn pwogresis yo te fè nan vil Tigwav la, san gwoup moun mwen te site piwo yo : pati politilik, politisyen, pastè, ougan, sektè dézafè, kominote entènasyonal, elatriye.

Istwa de Twazyèm vwa ke Boulos ap pale a se yon pyebwa ki kache forè a ! Fôk li tafè prèv ak volonte pou yon viraj 360° pou l ta denonse tèt li ak tout lôt malveyan nan sektè prive a k ap maspinen pèp la eki ap detwi nasyon an. 

Kidonk, Twazyèm Vwa a, se vwa tout sitwayen kap lite kont zak malveyans kipaka vwa yon kapitalis iltraliberal ! 
 

Fas atout zam fanfwa ki nanmen enmi yo, zam solid panou se mobilizasyon popiplè pou ranfôse rapôdefôs nou pou n ka rive atenn objektif nou fikse yo. 

Okipe beton an pou la jenès pwogresis tout tandans, tout klas daj, tout kategori sosyal ka enpoze pouvwa a ak tout lopozisyon, Konferans sitwayèn nasyonal la kont prinsip konstitisyon an pandan yon bout tan. Sitiyasyon ekspsyonèl mezi eksepsyonèl. Politisyen ak Leta echwe, sitwayen fèt pou l enpoze l pou l bayo prinsip demokratik ! N ap bezwen solidarite sitwayèn entènasyonal la pou n fè fas ak malvèsasyon anddan epi Kô gwoup la ki pwal vle enpoze fôs li. 

Ideyal sèke apwè Konferans sitawèn sa a, konferansye yo sôti yon fèydewout ak yon gouvènman pwovizwa pou 2 zan, kit Jovenel Moise ale an 2021 kit li ale an 2022. Sa k pi enpôtan, se pou n kontinye ap denonse, mobilize, debat sitou pou n twouve solisyon ak moyen imèn. Sètadi moun kredib 

- Okenn manm nan guvènman pwovizwa a pagen dwa pou l patisipe nan pwochen gouvèman eli a, ni kandida pou yon pôs elektif dèke l aksepte te pasipe nan gouvènman pwovizwa a. Sitwayen yo kipa gen anbisyon politik pèsonèl men ki ap panse peyi, gen anpil chans pou l jwenn yon gwo solidarite sitwayèn pou l rive atenn objektif fikse yo.

- Mete anplas Premye konsèy elektoral pèmanan ak apwi entelektyèl konferansye yo.

- Moun kifè pati konferansye yo pap ka patisipe ni nan gouvènman pwovizwa a ; ni nonplis paka prezante nan okenn premye eleksyon yo pou kesyon etik, konfyans ak transparans. Men kèk ladan yo ka fè pati Konsèy elektoral pèmanan an, si yo te efikas nan deba konferans lan.

- Tabli tout kad jiridik e teknik pou ôganize pwosè Petrokaribe a kika kontinye ak gouvènman ki pwal eli nan eleksyon gouvènman pwovizwa a pwal ôganize a.

 

Menmsi se yon gouvènman tranzisyon, fôk li déjà kreye yon ministè Fonksyon piblik fô kipou travay ankomen ak ministè Finans lan, pou kômanse fè refôm nan sèvis piblik yo. Objektif : redwi privilèj ak koripsyon pou fè rantre lajan nan kès Leta : Egzekitif, Palè Prezidansyèl, Palman, enstitisyon piblik, dawn, defason pou n ka pèmèt ministè Finans lan fè resèt fiscal. Gouvènman pwovizwa a ap bezwen kôb pou l redwi lavichè, gen dola ekspatriye Ayisyen yo tou, pou l kanalize, pou ôganize eleksyon yo pou evite ke se Blan kipeye l pou nou.     

Pwopozisyon sa yo se yon baz refleksyon ke tout sitwayen konsekan ka amelyore pou rive fè pèp la konprann gen solisyon ak pwoblèm yo ; se ide, panse nouvèl ak detèminasyon ki manke ! kantamwen, mwen pa kandida nan anyen, mwen deja militant m ap ranfôse detèminasyon m pou patisipe nan ranvèsman rejim phtkk a ! 

                                                                                                                                                                                                                                         
    •    Militan sitwayen, Paris, France

         Jounen ki 26 me 2020    

 

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents