Prezidan Ayisyen Jovenel Moïse, k ap gouvène san palman aprè manda palmantè yo ekspire an janvye san eleksyon pa janm fèt, ap fè fas a yon dal kesyon espesyalman sou koze kilè manda prezidansyèl li ap ekspire menm
Moïse monte sou pouvwa apre eleksyon prezidansyèl 2015 yo ki te oblije refèt aprè yo te dekouvri plizyè iregilarite ki te leve kesyon sou vòt la. Pwosesis konplike eleksyon yo fè inogirasyon Moïse la pran yon delè 1 an. Vrè kesyon an kounya se si lane sa konte nan manda 5 an prezidan an.
Jou ki te 29 me, Biwo Sekretè Jeneral Òganizayon Eta Ameriken, Luis Almagro, pibliye yon kominike kote yo endike pozisyon Sekretè jeneral la sou koze manda Prezidan Moïse la:
Sekretè Jeneral OEA ap ankouraje tout fòs politik an Ayiti pou yo jwen yon mwayen pou yo kopere pou yo konfòme yo a lèt ak lide lòd konstitisyonèl, pou yo respekte manda prezidansyèl 5 an. Nan kontèks sa a, manda prezidan Jovenel Moïse ap fini 7 fevriye, 2022.
Li tou: Etazini vle depòte yon gwo asasen an Ayiti
Nan mitan kriz politik Ayiti ye a, kòmantè OEA yo sanble yon entèvansyon nan koze yon peyi manb, sa ki ale kont lwaenstitisyon an. « Òganizasyon Eta Ameriken pa gen plis pouvwa ke sa ki ekri nan dokiman sila, pa gen oken pwovizsyon ki otorize pou li entèveni nan zafè ki anba jiridiksyon peyi manb yo. » Se sa premye atik nan dokiman an di. Pa vrèman gen lòt mwayen pou eksplike kisa ki tonbe « anba jiridiksyon peyi manb yo ».
Kominike près OEA te vini apre yon lèt tou louvri Edmonde Supplice Beauzile, ki prezide pati politik ayisyen Fusion an, te ekri bay Almagro. Aprè li raple istwa abi antidemokratik enstitisyon peyi a soufri anba administrasyon Moïse la, Beauzile note ke Moïse « angaje nan yo kanpay san rete » pou li ralonje manda li a rive 2022. Beauzile di tou li « espere [OEA] ki distinge tèt li nan le pase lè li apwouve omwen yon eleksyon ki gen pwoblèm, p ap akspete sipòte yon diktatè ki pa demontre okenn respè pou kontitisyon an, lalwa oubyen demokrasi. »
SUITE dans le lien.
/https%3A%2F%2Fayibopost.com%2Fwp-content%2Fuploads%2F2020%2F06%2FWebp.net-compress-image-675x380.jpg%23width%3D675%26height%3D380)
Poukisa OEA ak Jovenel Moïse nan menm bato ?
Prezidan Ayisyen Jovenel Moïse, k ap gouvène san palman aprè manda palmantè yo ekspire an janvye san eleksyon pa janm fèt, ap fè fas a yon dal kesyon espesyalman sou koze kilè manda prezidan...
https://ayibopost.com/poukisa-oea-ak-jovenel-moise-nan-menm-bato/
Commenter cet article