Komite Mobilizasyon Kont Diktati ann Ayiti (KOMOKODA)
Brooklyn, NY 11226
komokodanyc@gmail.com
Kontak: Dahoud Andre, 347-730-3620
Marie Lourdes St Jean Beauté, 917-345-2817
Madi 4 out 2020
KOMOKODA drese yon barikad nan Nouyòk pou bloke TOUT kandida k apral nan eleksyon ak Jovenel Moise
KOMOKODA vle di Komite Mobilizasyon Kont Diktati ann Ayiti. KOMOKODA se yon òganizasyon patriyòt Ayisyen nan Nouyòk, Ozetazini ki fonde nan mwa Oktòb 2014. Nou bay tèt nou responsabilite defann peyi nou, defann enterè peyi nou, epi defann pèp Ayisyen an apati espas kote n ap viv la. Nou bat lestomak nou fò pou bon jan kanpay 2 lannen nou te mennen pou anpeche lafanmi Clinton retounen nan Mezon Blanch lan; Nou bat lestomak nou fò dèske se travay KOMOKODA ak lòt Ayisyen konsekan nan Nouyòk la ki fè Martelly soti tèt bese nan kanaval “Labor Day” sou Eastern Parkway; Nou fyè dèske travay nou fè ti kouyon Jovenel Moise te blije anile vwayaj li pou l te vin bat djòl li bay manti nan LONI nan mwa septanm ane pase a.
Nou konstate jodi a, yon lòt fwa ankò, lènmi pèp Ayisyen an yo ap ranje kò yo pou yo woule pèp la nan farin ak yon lòt eleksyon bidon. Y ap chache foure yon lòt apatrid, restavèk, tchoul Meriken alatèt peyi nou, epi plen palman an ak yon bann ti visye k pare pou vann vòt yo pou yon plat manje ak yon viza.
Nou lage mesaj sila a deyò bonè, byen bonè kòm yon pinga pou TOUT pati politik, TOUT kandida, kit sa manm KOMOKODA abitye sipòte epi fè wout ansanm ak yo, kit sa n abitye fè manifestasyon kont yo lè yo vin nan zòn nan pou n di yo Atansyon! Depi y al rantre nan malpwòpte eleksyon Meriken/Core Group/PHTK a pa pran chans vini frite nan Nouyòk la. Menm sa Madan Clinton te pran nan men nou an, se sa k ap tann yo; Menm sa k voye madigra malmaske Martelly al remize kazak wa kanaval li a, se sa k ap tann yo; Menm sa k fè Jovenel pè met zago l nan Nouyòk la, se sa k ap tann yo.
KOMOKODA di nou pa nan ni 7 fevriye 2021, ni 7 fevriye 2022, fòk viris PHTK a disparèt imedyatman nan figi pèp Ayisyen. Nou ankouraje tout patriyòt konsekan, anndan kou deyò peyi a, pou ranmase kouraj nou, ranmase responsabilite nou pou n retire peyi nou nan kondisyon li ye jodi a.

Commenter cet article