Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


KI RÔL ENTELEKTYEL AYISYEN DWE JWE NAN KRIZ POLITIK LAREPIBLIK LA JODI A ? - Par Sergo Alexis

Publié par Sergo Alexis sur 6 Février 2021, 16:35pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES, #CULTURE

KI RÔL ENTELEKTYEL AYISYEN DWE JWE NAN KRIZ POLITIK LAREPIBLIK LA JODI A ? - Par Sergo Alexis

Jean Fils-aimé enpostè ou opôtinis ?

Tèks revi e korije.

Lè mwen fin tande Doktè Jean-Fils Aimé nan emisyon ak Valéry Numa jou ki te 2 fevriye a, mwen pran espwa, pou premye fwa nan vi militan m ke gen mwayen pou n mete Ayiti nan yon vwa de ripti ak yon sistèm ki an mank de panse. Mwen fè yon pôs sou Facebook sou sa, yon zanmi m di m ke Jean Fils-Aimé se yon empostè, ki oblije m oryante ide m parapô ak enfômasyon ke zanmi an ban mwen an !

Nan tout peyi dimond ak nan tout revolisyon sosyetal, entelektyel toujou alavangad sosyete ki anfante l la, savledi li konnen pwoblèm yo, pwiske popilasyon an denonse yo toulèjou. Kidonk, ròl entelektyel la se panse pou jwenn solisyon pwoblèm yo. Se preske menmjan ak yon pwoblèm matematik kise yon syans egzat.

Yon entelektyel sepa senpman yon literè, kidonk yon moun k ap ekri ou pale bon fransè literè. Kit li fisik, matematik, jeolojik, medikal, elatriye, se entelektyel. Chak moun sa yo gen obligasyon patriyotik pou yo panse dabò pou peyi yo e fè yon ansanmb pwopozisyon pou epanouyisman popilasyon an ; esi nesesè nan yon kad inivèsèl.

Nan listwa nou, gen anpil pèsonalite entelektyel ki tante defann koz jistis sosyal pou tout moun, anpil nan yo mouri pousa. Mwen pa vle site non paske m pa vle bliye youn. Moun sa yo pa konplis ou responsab de kwakseswa nan malè Larepiblik jodi a. Yo pa rive, paske Ayiti konstwi depi premye janvye 1804, pa vrèman apwè lanmò Dessalines..., nan divizyon ak lagè pou pouvwa. Pou yon rezon trèsenp, ki konsène ke mwen, sèke nou pat panse fè yon Kongrè pou Inite Nasyonal apwè Kongrè pou Inyon Nasyonal kont lesklavaj ki tefèt nan vil Archahaie avan lendepandans lan.

E nan lit pou pouvwa a, ki anrasine nan relasyon sosyal ak politik nou yo, se souvan mou ki medyòk entèlektyèlman ou tousenpman nan panse, ki rive pran prouvwa a nan vyolans fizik ak psikolojik. Mwen vle di, Chèf yo reye yon klima laperèz ki fè ke entelektyel yo pèdi nan espas de libète yo ki anpeche yo travay ansanmb pou jwenn solisyon nan pwoblematik sosyetal ayisyen an.

Sesidi, nan istwa nou e nan listwa dimond, toujou gen yon seri de opôtinis ou konze kila, pou defann yon alye mye sosyal. Gen plen egzanp. Men nou ka panse asa ki te rive an 2004 la. Kote yon seri entelektyèl patfè prèv davangadis. Yo konplis nan yon desizyon entènasyonal ak pifô bizismann an Ayiti  odepan de diyite yo ekont enterè jeneral peyi a pou kelke dola ak kèk pri entènasyonal literè pèsonèl. Gen lòt entelektyèl tou, yo twonpe sosyete a pou yo ka rive nan ran sosyal ideyolojik kapitalis la. Kidonk, yo vin boujwa tankou tout boujwa ak anpil kôb vôlè nan kès Leta ou blanchiman lajan sal. Men gen yon ran sosyal li pap Janm ka antre fasilman se ran sosyal ki egziste menm vityèlman, sa yo rele aristokrasi a. Menmsi Ayisyen pa janm pwononse mo sa a nan gran piblik, gen anpil moun ki panse l e yo pale sa nan salon ak kôkôday yo !

Pandanke m tap ekri tèks sa a, mwen resevwa yon apèl de yon zanmi m kap viv nan vil New York, ki wè pôs Facebook sou Fils-Aimé a, ki di m ke mwen nan erè, si m pran Jean Fils-Aimé pou modèl. Li di m « Misye se yon enpostè » E lè li ban m prèv ke misye te mètseremoni nan pasaj Jovenel Moise nan vil Montréal,  mwen kômanse ap poze m kesyon e mwen fini atik la nan sans enfômasyon zanmi an.

Mwen abitywe gade ekspoze Fils-Aimé sou zafè spirityèl e istwa sou Youtube, mwen rejwenn li nan plizyè aspè nan domèn sa yo. Mwen te toujou konstate ke l se yon briyan entelektyel ki metrize sa l ap di yo ; m pat janm al fouye zo nan kalalou, pa egzanp sou paj Facebook li, pou m te wè prèv ke misye, li tou, gen eksplikasyon pou l ta bay sou akwentans li ak rejim PHTKK A ! Paske li site non moun, nan antretyen li a, ki paka patisipe nan sistèm gouvèman li pwopoze a paske moun sa yo gen kont pou yo rann devan lajistis ! Toukôm li site non lôt moun ki entèg daprè li e ki gen konpetans teknokratik.

Aprè zanmi an fin rele m, mwen repase entèvyou l la ak Numa a nan tèt mwen,  mwen poze kesyon, poukisa se Valéry Numa e poukisa li te koul konsa ak Numa ? Mwen pale de sijè a ak yon zanmi m an Frans, ki di m nou paka kalifye Doktè Fils-Aimé de enpostè. Li se yon inivèsitè briyan ki anplis benyen ak diplôm. Vrè kalifikatif la, se opôtinis. Mwen rele yon zanmi o Kanada ki abitye kotwaye Fils-Aimé, pou m te konnen si misye te gen yon dosye otke sa ki afiche sou rezo sosyo yo, se menm remak posibilte opôtinis la li fè de Fils-Aime ; mentou kote enpe blengpleng de pèsonaj la ki ambete milye entelektyèl la ak milye protestan kretyen an.

Si gen yon bagay pozitif, mwen reteni de antretyen sa a, sèke pou mwen, Fils-Aimé montre vwa ke chak entelektyel pwogresis dwe pran pou kreye linite nasyonal la. Kongrè jenero ou KONFERANS NASYONAL, sepa mo ki pwoblèm lan, gwo sousi a deja sèke se yon nonm jije opôtinis pa lôt moun nan sosyete a ki pwopoze yon chemen pou chanje sistèm repetisyon gouvènman pwovizwa avan yo, ki enpwodiktif ! Sètadi, nan pwopozisyon Jean Fils-Aimé, nou wè yon gouvènman tranzisyon ki sanble ak yon gouvènman salipiblik fondamantal pou jete baz chajman. Se nan sans sa a ke mwen te pote soutyen m ak pwopozisyon Jean Fils-Aimé yo. Men annokin manyè, mwen pa wè yon gouvènman tranzisyon dwe dire 3 a 5 lane. Yon gouvènman k ap travay vrèman, 2 lane dwe sifi, maksimom 3. Paske fôk gouvènman sa a evite kriz ak ôganizasyon politik yo.

Paske si nou konprann n ap rete nan chire pit ak yon istwa de pwason kraze nan bouyon, sètadi ôganize konferans nasyonal  ak Legliz, sektè prive, sektè inivèsite, elatriye, se lave men siye atè. Nou pap janm ka jwenn solisyon fasil ak pwoblèm yo. Fotdemye, mwen fè konpromi sou pwopozisyon pati politik tradisyonèl yo, ki, sou presyon popilè, aksepte pataje gato pouvwa ak sektè sitwayèn an. Men la tou, pagen anyen ki klè, paske jèn entèlektyèl ki kapab yo e ki nan mouvman sitwen patriyòt yo, kontinye gen laperèz ak latranbad akoz sistèm mafya k ap asasine pitit pèp la. Jodi a se PHTKK ak pitit MAKOUT !

Fòk sektè entèlektyèl pwogresis la, mete testikil nan fès li, kondi John Colem Morvan, pou l fè yon pwopozisyon altènatif pou sòti nan kriz n ap sibi jodi a.

Kidonk nou kontinye ap tann yon lidè alamanyè deyon Martin Luther King ou Mandela, ki kapab panse yon Inite nan divèsite, kote elit yo mete yo ansanm pou yo pwopoze yon pwojè sosyete  ak yon pwogram gouvènman pou pati politik yo kote pitit pèp la, ki pòv la, ka jwenn pati pal la nan richès Repiblik la. Pa Tirès la !

 

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents