Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Polisye ayisyen yo gen yon pwoblèm, fòk yo aprann nou trete konpatriyòt parèy nou ak plis respè.  

Publié par siel sur 22 Novembre 2023, 22:12pm

Catégories : #REFLEXIONS perso, #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #AYITI ECONOMIE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

Merci à J.Nesi et S. Alexis qui ont aimablement accepté de traduire mon texte en créole.

Merci également à AC pour le résumé et le commentaire en français
 
•    Résumé et bref commentaire:   Traitez vos congénères avec respect et soyez solidaires avec eux et le monde traitera les Haïtiens, vous y compris, avec respect et se sentira plus solidaire avec vous et votre peuple.  C’est simple, mais difficile à faire comprendre et surtout à réaliser quand l’éthos de référence pour les uns comme pour les autres dans ce pays d’Haïti est celui de la plantation esclavagiste coloniale. Un brin de confucianisme et une goutte de vrai christianisme, voilà ce qui transformerait cette société résolument  brutale et cette culture sadomasochiste.  Bonne lecture et bon visionnement!  AC
 
 Ki kote polisye yo jwenn mannyè sa a, depi yo kanpe yon jenn gason, fòk yo pran sak li , chapo li, epi vòltije l atè?
 Noumenm polisye nou pèdi  tèt nou. Nou kwè k se konsa nou ka mete lòd sou Ayisyen parèy nou ? Nou meprize Ayisyen frè nou menm jan ak polisye dominiken. Fòk yon jou ki gen pou rive, nou foure nan mwal tèt nou pawól sa a : plis  nou fè Ayisyen parèy nou abi, plis nou mete laperèz nan tèt yo. Nou ka konprann edikasyon nou resevwa nan fanmi nou fè nou abitye  ak kout baton, men nou pa wè ak laperèz nou pa ka ale pi lwen. Moun ki sibi laperèz la paka di non, li paka pwoteste, li paka frape pye-l atè pou l di li pa dakò, li pa gen anvi mande jistis, laperèz la fè yonn pa gen konfyans lan lòt t, li fè youn rayi lòt.
 
Ki sa ki fè sa menm, depi Ayisyen an gen yon ti kal pouvwa nan men l, fòk li mache fè abi sou lòt  moun, kòmkidirè se yon vis ki donnen nan kò li ? Ou pa ta di tou nou pa aprann anyen lan istwa nou, kote se enjistis  ki te sèl kok chante, kote pi gwo te ka vale pi piti. E dirijan yo pwofite sitiasyon sa a kote yo pa rete meprize moun ki pi ba pase yo, yon fason pou rapousib zak rayisab ak abi sou moun ki fèb. Fòk nou veye, nek nèg ki gen zam sou yo, pou yo kanpe sou zafè maltrete pèp la, pou yo sispann tounen « bandi legal ».
 
Mwen deja rakonte nou istwa kite pase nan peyi Giyàn,  kote yon Giyanè ap maltrete yon Ayisyen lan ayewopò Giyàn, alòske li  pa t gen rezon fè Ayisyen-an sa. Lè mwen te wè bagay sa a, mwen te antre nan koze-a pou m te kritike misye, Giyanè a fè m  konprann koze sa pa pou mwen ; li di mwen al okipe zafè mwen. Li te panse mwen te yon konpatriyòt li, pou li mwen pa t  ka Ayisyèn, mwen konprann poukisa li te fè madanm nan sa, paske se konsa li abitye trete Ayisyen k i ap viv lan Giyàn. Mwen wè menm bagay sa a  Gwadloup. Mwen te achte koz la pou mwen. Fwa sa-a, yon mesye ki ap travay nan dwàn Gwadloup  la sòti pou l fè mwen peye frekansite m. Li te deside anmègde m,  li di mwen fòk mwen ba li wè sak mwen yo, li bwase bil tout sa ki te nan sak yo, men li fè sa ak anpil prekosyon, ou pa te ka imajine sa, li fè atansyon pou trèz li pa pile  katòz.

Men tonnè, Bondye nan syèl tande m, noumenm Ayisyen  toulajounen  n ap chante kantamwa , nou di nou se kretyen vivan, n ap fwape lestomak nou swadizan nou fyè deske nou Ayisyen, nou pa ka rantre sa nan trou sèvèl poul nou an, pou nou konprann si nou pa respekte Ayisyen parèy nou nan peyi n , semenm jan l an peyi etranje yo pap respekte n ; yo non plis, semenm jan mesye nèg k ap travay nan dwàn, polisye  an peyi etranje, tout  sa ki genyen yon ti otorite ,yo ap toujou panse yo gen dwa pou maltrete Ayisyen jan yo vle, kom si se an Ayiti nou ye.

Ayisyen, yo pa aprann nou kouman nou dwe gen bon manyè youn ak lòt, paekzanp, di mèsi,  sitou lè moun nan se yon malere. Mwen ta renmen wè kouman nou t ap konpòte nou si Aysiyen ki anfas nou an pa t yon malere, men pito yon zotobre, yon Milat. Nou  pa kwè ke lemondentye ap wè imaj nou ap plede lage sou rezososyo yo, sou Youtube, elatriye ? Nou tande pawòl sa a touttan, « yon moun ki vle yo respekte l, fòk dabò li respekte tèt li.». Èske nou konprann sa pawòl sa vle di ? 

Nan yon fim ki rele « Michel Martelly, men pès woz la », Martelly di li pa t  vle vin prezidan peyi a paske li kwè fòk li ta transfòme mantalite 12 milyon Ayisyen yo. Li gen rezon di sa. Kidonk, li chwazi vin prezidan paske li makònen kò li ak tout vye mès peyi-a. Sa vle di vyolans nan jouman, vyolans nan maspinen moun, vòlè sa ki pa pou ou, fè abi sou moun, koripsyon…

Ayisyen ap pale de 1804 tout lajounen, sa vle di nou rale bak sou 2 syèk , nou chita sou sa, nou fè kòmsi tan an kanpe sèk depi lè sa a. Ak kroyans sa a, ak yon fondasyon pouri konsa, nou mèt fè anpil bri sou kanal n ap konstwi a,  se konsa nou kwè nou ka rekonstwi yon lot Ayiti : kite m ri ! 

 Mwen pran komparezon sa a, jan V.Numa konn ap di :" Èske yon moun ki pa janm fè twalèt li, tonbe benyen kò l ak pafen epi li byen abiye, èske nou ka di se yon moun pwòp ?" Yo mete sa nan tèt nou, si nou pa gen  yon konpòtman makout youn ak lot, si nou pa trete Ayiyen yo tankou zannimo, yo pap gen disiplin. Fòk nou panse alanvè. Èske tout Ayisyen ki ap viv nan peyi etranje pa respekte règ  ak disiplin yo jwenn nan peyi ki akeyi yo a ?

Epi nou chita akize moun ki ap mouri anba grangou, se yo nou bay responsab, alòske se gouvènman yo pou nou ta  akize piske se yo ki pouse moun yo nan sitiyasyon depandans sa a.
Bann moun fou…

Ces liens sur le même sujet de l'héritage esclavagiste instituant un sadomasochisme legal.

https://www.elsie.news/2023/11/on-ne-peut-diriger-les-haitiens-si-on-ne-les-bas-tonnent-pas-autrement-dit-les-haitiens-seraient.html
 
  https://www.elsie.news/2023/11/quels-sont-les-youtubeurs/influenceurs-qui-encouragent-les-haitiens-a-maltraiter-les-plus-faibles-voici-quelques-commentaires-qui.html

Le texte original en français dans le lien.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents