EXTRAITS.
"Kounye a , an nou gade jan anviwonman an jwe sou relasyon entim ant patnè yo.Kouman vyolans la manifeste l.Eksperyans relasyon anvan yo nan fanmi konte anpil pou konprann relasyon entim patnè yo ap viv chak jou. Mank atansyon nan anfans yon moun se yon kòz relasyon chirepit ak vyolans pi devan nan la vi youn moun. ”Yon anfans kontrarye kapab gen yon efè pi lwen nan pèsonalite yon endividi, nan konpetans sosyal li ak kapasite l pou fè fas kare ak jere relasyon entim li”( Howe,1997:117). Gen yon lòt fenomèn pou nou lonje dwèt sou li ki se “relasyon depandans ak lòt la(co-dépendant, nan lang franse). Se sila yo ki enterese bay lòt la atansyon depase san li pa atann li jwenn afeksyon nan atansyon an retou. Se yon mank lanmou endividi a nan anfans li ki mande anpil bezwen sekirite ak atansyon. Atitid sa se yonn nan sous vyolans nan relasyon entim ant patnè (ibid, p 180). Pou nou ka analize vyolans n ap pale a, Howe fè konnen :”yon bon pati konpòtman ki menase epi vyolan se yon tanta pou kontwole lòt la epi anpeche l kite fwaye a” ( ibid, p 183).
Sa k dwe fèt ? Kesyon sa pa gen yon sèl repons. Pwoblèm vyolans nan relasyon entim ant patnè se yon gwo mòso. Nou jwenn anpil kòz , sa ki nan sistèm la, kòz ekonomik epi devlopman sikososyal yon endividi depi anfans li. M ap ban nou reflechi sou pwoblèm sa nan jounen entènasyonal Eliminasyon Vyolans kont fanm ak ti fi (25 novanm 2023) ak sou fason pou jwenn mwayen pou evite move ajisman sa yo menm rive elimine yo. Annatandan, nou ta renmen lonje dwèt sou enpòtans wòl kominikasyon nan relasyon ant patnè. Konsa Gottman (1979), se Fischer ki site l (1987) :”patnè ere yo manifeste menm nan sitiyasyon dezakò nan yon diskisyon , yon atitid aksepte pozisyon patnè li a. Men, patnè ki pa viv ere yo gen yon defisi kominikasyon yo menm nan pa aksepte ditou pozisyon lòt patnè a”."
" Analiz vyolans nan relasyon ant patnè entim", Pwofesè Hancy PIERRE - Rezo Nòdwès
Relasyon ant patnè entim se yon relasyon entim ant patnè pou nou pi byen di l.Kidonk se relasyon an ki entim anplis nou jwenn plizyè nivo entimite tankou yon premye kontak (yon konesans),yon ...
Commenter cet article