Apèl pou Pwopozisyon
Konferans Anyel Asosyasyon Etid Ayisyen
23 à 25 Oktòb 2025
1825 | 2025: Restitisyon ak Reparasyon
Asosyasyon Etid Ayisyen (HSA) konsidere de tèm ki makonnen, ki se restitisyon ak reparasyon, pou make bisantnè dedomajman Lafrans te fòse Ayiti peye nan lane 1825 pou endepandans politik li ak liberasyon pèp li.
Nou envite pwopozisyon ki an dyalòg avèk apèl ki lanse nan pase pou jistis reparatris pou esklavaj ak eritaj li yo, epi avèk apèl ki lanse pou restitisyon pou lajan leta Lafrans te pran pou li te rekonèt Ayiti kòm yon peyi ki granmoun tèt li. Apwòch miltidisiplinè sou kesyon reparasyon ak restitisyon, ki souliyen Ayisyen ki refize bay legen, ki reziste, epi ki defann endepandans ak dwa grandèt peyi a, pral pèmèt nou rive nan yon lavni ki anrasine nan epistemoloji ak otodetèminasyon ayisyen, epi valè fondalnatal peyi a, ki se egalite ak libète pou tout moun.
LI PI PLIS »
|
Commenter cet article