Mwen espere nou wè ki lyen ki genyen ant moun kap resevwa pri nan men òganisasyon entènasyonal ou rejyonal yo e endijans mondyal la. Pwemye moun ki rele viv demokrasi, apre Etazini finn bombade Venezuela, se madanm ki te resevwa pri Nòbèl la pè a an 2025. Sa montre se toujou pwofil mounn ki pi dosil, ki pi sèvil nan yon sosyete ke loksidan toujou rekompanze pou ranfòse sik endijans lan.
/image%2F1034110%2F20260107%2Fob_00e07d_sm-1760199333-893758.jpg)
Source photo : https://www.africa-press.net/benin/toutes-les-actualites/prix-nobel-de-la-paix-2025-a-corina-revers-pour-trump
Donk se yon endijans lè Ayisyen ap plede aplodi Ayisyen ke Blan ap anobli nan kelke swa domèn lan. Li leu pou nou komprann ke menm leu yo pa vizib, men tout oòganisasyon ki ap fabrike la renome nan mpond oksidantal la se o sevis lòd dezimanizasyon an ke yo ye.
La kilti, tankou la renome se zouti geostratejik yo ye, se pèp ki gen elit endijan kap kouri dèyè mounn kap resevwa pri nan men Blan pandan yap abandone teritwa peyi yo bay asistans entènasyonal la pou pèmèt gangsterizasyon sosyete a tounen inik reyalite. Nan zye stratèj oksidan yo Ti Lapli ak Dany laferyè, Izo ak Emeli Pwofèt gen menm valè nan wòl difewan ke yap jwe sou echikye Ayisyen an.
Commenter cet article