Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Enfolèt No 15 | Mas 2026/ Noupapdòmi

Publié par siel sur 11 Mars 2026, 15:17pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES

Pa gen bon gouvènans san transparans ak patisipasyon sitwayen

 

 

Atelye Sitwayen Pa Dòmi nan Collège Sacré-Coeur de Papaye nan Hinche.

Se nan eleksyon yo chwazi prezidan, premye minis ak divès lòt pòs. Sa montre tou yon lojik òganizasyonèl ki klè. 4 kandida te prezante nan klas filo pou pòs prezidan. Moun ki te jwenn plis vwa a te eli prezidan; dezyèm lan vin premye minis; twazyèm lan konseye; katriyèm lan sekretè deta. Kat moun sa yo ansanm chwazi rès minis yo pou fòme ekip gouvènmantal la. Depi oktòb 2025 yo an fonksyon, ak yon manda ki dire 10 mwa, ki ap fini nan mwa jiyè 2026. Gen règleman, gen manda, gen delè, gen responsablite.

 

Eksperyans sa a montre kapasite òganizasyon ak lidèchip pa yon kesyon laj sèlman. Si jèn yo jwenn espas ak ankadreman, yo ka dirije, planifye, pran desizyon, rann kont. Se nan sans sa a Grégory Mathieu Joseph di si li ta gen chans rankontre Premye minis an plas la, li t ap mete aksan sou yon reyalite souvan neglije : jèn ayisyen gen potansyèl, men yo souvan pa jwenn sipò pou devlope kapasite yo. Lèfini, li t ap pwopoze entegre kou lidèchip nan pwogram fòmasyon lekòl yo pou fòme jenerasyon ki pa sèlman aprann, men ki konnen kijan pou dirije ak pran inisyativ.

 

Men Gregory pa kanpe la. Yon lòt enkyetid li t ap pataje ak PM lan se pwoblèm metòd nan nouvo segondè a. Pou li, pwogram akademik lan poko fin ateri, sa ki gen gwo konsekans sou elèv yo. Li enpòtan pou responsab edikasyon yo gade sa ki pa mache pou elèv ki fini lekòl yo, pou yo pa soti sèlman ak yon diplòm, men ak yon konpetans oswa yon metye ki ka sèvi yo nan lavi.

« Bèl diskou pap ka ranplase volonte politik reyèl pou konbat kriminalite ak gang nan peyi a. »

Transparans: yon kondisyon pou yon lòt demen

 

Chak jou ki pase, chay lavi a vin pi lou sou do majorite sitwayen nan peyi a. Moun ap viv ak laperèz, ak ensètitid, ak santiman Leta pa wè yo, pa tande yo, pa pwoteje yo. Gouvènman pase yo pa rive òganize enstitisyon yo pou reponn ak pwoblèm sosyal yo. Se la a nesesite tranzisyon an te sòti. Li se yon repons ki dwe bay ak yon kriz ki deja depase limit nòmal li.

 

Nenpòt ekip ki pran responsabilite pou jere peryòd enterimè a ap eritye chay echèk ekip ki pase yo sou zepòl li. Aprè manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an te fini, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé twouve li kòm sèl kòk chante nan tèt peyi a. Li vin pi enpòtan pou nou goumen akoz gouvènman enterimè sa yo tounen moman piyaj ak satisfaksyon enterè pèsonèl. Gen yon minimòm peyi a ap tann, yon minimòm ki pa negosyab.

 

Kesyon sekirite a pa yon slogan. Li pa dwe van pou politisyen ak òmdafè kowonpi ale lagonav. Li gen yon enpak dirèk sou lavi nou tout, e li rete youn nan pi gwo pwoblèm pou rezoud anndan peyi a. Aprè echèk KPT a, nouvo ekip sa bay plis kè sote toujou, poutèt li pa parèt klè pwoteksyon lavi, diyite ak byen sitwayen yo se yon priyorite. Sitwayen yo mande rezilta. Bèl diskou pap ka ranplase volonte politik reyèl pou konbat kriminalite ak gang nan peyi a.

Transparans pa yon favè. Se yon yon dwa. Se yon lòt kondisyon esansyèl pou bon jesyon fèt pandan tan gouvènman enterimè a. Peyi a twò lontan wè gwo desizyon ki pran nan fè nwa, anba tab, ak yon seri moun ki pap defann enterè nasyon an. Gouvènman enterimè a dwe koupe fache ak pratik sa, kiltive transparans nan fason li jere resous yo ak pran desizyon yo. Konfyans ant sitwayen yo ak Leta pap rekonstwi ak deklarasyon, men pito ak aksyon ak rezilta.

 

Akò 3 avril la jisteman te sèvi kòm baz pou trase limit yo: yon misyon tanporè, sekirite kòm priyorite, òganize eleksyon yo, enstalasyon yon ògàn kontwòl, zewo tolerans pou koripsyon ak konfli enterè. Limit sa yo te klè pou tranzisyon an pat yon objektif an li menm, men yon wout pou n sòti nan kriz la. Malerezman, KPT a twonpe tout moun, e li echwe. Kesyon an kounye a, èske gouvènman ki monte an ap pran menm wout ak KPT a, oswa chwazi pran yon lòt chimen ?

 

 
 

«Transparans pa yon favè. Se yon dwa.»

Patisipasyon Nou Pap Dòmi nan elaboration yon dokiman pou Konbat Koripsyon

 

An desanm 2025, Ansanm Kont Koripsyon (ECC) ak sipò PNUD, te pibliye Feuille de Route Consensuelle autour de la Lutte Contre la Corruption, yon dokiman divès aktè sektè piblik ak sosyete sivil la travay sou li pandan plizyè mwa nan dis depatman peyi a. Se yon rezilta refleksyon serye ak onèt pou trase yon chimen konkrè pou mete fen ak anpil ane gouvènans kawotik nan jesyon lajan piblik, epi raple pèp ayisyen bouke tann moun ki nan pouvwa yo ki gen pou rann kont.

 

Se nan konviksyon sa a Nou Pap Dòmi te patisipe kòm òganizasyon patnè nan demach kolektif sa ki mennen nan elaborasyon dokiman sa. Pwosesis la se yon pati nan liy aksyon nou ki toujou chita sou mobilizasyon sitwayen ak defans enterè kolektif la. Nou Pap Dòmi te pote kontribisyon l kòm yon òganizasyon endepandan nan lide pou tabli yon baz dyalòg ak angajman klè pou konbat koripsyon, jwenn plis transparans ak jistis nan peyi a pou yon chanjman pwofon ki ka ede rezoud kriz la. Nou kwè yon lòt mòd gouvènans posib nan mete fòs nou ansanm.

 

 

Eleksyon pou jèn k ap vote premye fwa

 

Toujou nan kad pwojè Sitwayen Pa Dòmi, Nou Pap Dòmi te òganize madi 3 mas pase a yon Space ak Monique Clesca ak Etzer Emile sou tematik “Eleksyon pou jèn k ap vote premye fwa”. Diskisyon an pote anpil refleksyon sou plas jèn yo nan pwosesis elektoral la ak sou defi patisipasyon yo nan pwochen eleksyon yo.

 

Anplis de patisipasyon jèn yo ki fondamantal nan pwochen eleksyon yo, diskisyon an te panche tou sou modèl eleksyon ki fèt nan peyi a pandan 25 dènye ane yo. Li te klè pou entèvenan yo, kalite eleksyon sa yo fè pati motè kriz ki gen nan peyi a. Ou ka koute tout space la sou page YouTube nou an.

 

 

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents