Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Ayiti-Eleksyon : Òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan di li “pa gen kandida” li “pap apiye ankenn kandida”

Publié par siel sur 10 Novembre 2010, 10:37am

Catégories : #AYITI ACTUALITES

madi 9 novanm 2010

Pozisyon Tèt Kole sou eleksyon novanm 2010 yo

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 4 novanm 2010

 

 

Nan okazyon eleksyon novanm 2010 yo, Komite Egzekitif Nasyonal Pèmanan TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN (KENPTK) ap raple tout dirijan ak kad TK, tout manm TK ak rès peyizan nan 10 depatman peyi a, tout bouradè ak zanmi TK, tout près la ak piblik la anjeneral : JISKA NOUVÈLÒD, TET KOLE PA GEN KANDIDA, NI TET KOLE PAP APIYE OKENN KANDIDA NAN ELEKSYON KOMINOTE ENTÈNASYONAL LA AK GOUVÈNMAN AN ANONSE POU METE PREZIDAN, SENATÈ AK DEPITE PA YO POU KONTINYE DIRIJE PEYI A NAN ENTERÈ PA YO, KONT ENTERÈ PEYI A AK ENTERÈ PÈP AYISYEN AN.

 

 A l'occasion des élections de novembre 2010, le Comité exécutif national permanent de TET  KOLE TI PEYIZAN AYISYEN (KENPTK) rappelle à tous les cadres et dirigeants de TK, à tous les membres de TK et aux autres paysans des 10 départements du pays, aux  sympathisants de TK ainsi qu'à la presse et au public en général que: jusqu'à nouvelordre, TET KOLE n'a pas de candidat, TET KOLE n'appuie aucun candidat aux élections annoncées parle gouvernement et la communauté internationale pour élire leur président et  leurs députés et sénateurs afin de continuer à diriger le pays dans leur propre intérêt et contre celui du pays et du peuple haïtien.


Konsiy Asanble Nasyonal TET KOLE sou eleksyon klè kon dlo kòk. Li di : annatandan TK ak lòt mouvman sosyal popilè yo rive akouche pwòp altènativ politik pa yo, TK ka gen kandida oswa apiye kandida, sèlman nan 3 kondisyon sa yo :

1. Fòk patisipasyon TK nan eleksyon yo fèt nan kad yon regwoupman plizyè òganizasyon popilè / pwogresis.

2. Fòk kandida yo deside apiye a bay prèv l ap soutni yon pwojè politik popilè / pwogresis, ki nan enterè pòv yo.

3. Fòk desizyon pou patisipe nan eleksyon an soti nan Kongrè osnon Asanble Nasyonal TET KOLE.

 

Les consignes de l'assemblée nationale de TET KOLE à propos des élections sont claires comme l'eau de roche. Elles s'expriment ainsi : en attendant que que TK et les autres mouvements sociaux populaires arrivent à mettre en place une alternative politique qui leur soit propre, TK pourrait avoir des candidats ou bien appuyer des candidats si les trois conditions suivantes se trouvaient réunies :

1- La participation de TK ne pourrait se faire que dans le cadre d'un large regroupement d'organisations populaires progressistes.

2- Pour être appuyés les candidats devraient donner l'assurance de leur adhésion à un projet politique populaire/ progressiste.

3- La décision de participer aux élections devrait être prise par le Congrès sinon par l'Assemblée nationale de TET KOLE.


Jodi a 3 kondisyon sa yo poko ranpli. E lè n gade kandida pati ak regwoupman politik yo prezante pou prezidan, pa gen youn ladan yo ki parèt ak yon pwogram politik ki koresponn ak vizyon yon pati politik ki ka pote osnon ki ka soutni, menm yon ti kras, osnon pou yon ti moman, yon pwojè politik popilè / pwogresis / demokratik.

Kandida pou prezidan ki jiska prezan parèt plis devan nan sondaj yo, anrasinen swa nan vizyon politik dedwat ak ekstrèm dwat ki pa janm danse kole ak mas pèp la depi 1804, swa nan kontinwite politik lavalas popilis anachis la k ap amadwe epi lolo pèp la depi 20 lane pou ka sèvi avè l pi byen, nan enterè gwo lidè politik yo ak gwo boujwa ti koulout.

 

Aujourd'hui ces 3 conditions ne sont pas remplies. Et si l'on considère les candidats que les partis et regroupements politiques ont choisi de présenter à l'élection présidentielle, il ne s'en trouve pas un seul parmi eux qui a un programme politique qui porte, sinon soutient, même un tant soit peu, même en partie, un projet politique populaire/progressiste/ démocratique.

Les candidats pour la présidentielle qui semblent aux premiers rangs dans les sondages, s'inscrivent soit dans une vision politique de droite ou de l'extrême droite qui n'a jamais été

en harmonie avec la masse du peuple depuis 1804, soit dans la continuité de la politque populiste anarchise de lavalas qui endort le peuple depuis 20 ans, pour pouvoir mieux l'utiliser dans l'intérêt des leaders politiques et des bourgeois sans mérites.


Anplis, nan venn tou 2 gwo kouran politik sa yo se san restavèk pisans etranje kap koule. Jodi a, se konkou y ap fè pou wè kiyès nan kandida yo kap rive montre li gen plis talan ak plis konpetans pou sèvi enterè blan an pi byen. Anverite, ak kalite kandida sa yo, vrè enterè peyi a ak vrè enterè mas pèp la pap ka fè yon pa kita, yon pa nago!

Kanta kandida pou plas senatè ak depite yo, si w pase yo nan paswa gwo krib, se apèn si w ka jwenn 2 zou 3 ki rete. Si w ta rive konte ant 5 ak 10 ki rete nan krib la, ou ta mèt konsidere sa kòm yon gwo pa pozitif ki ta merite jwenn ankourajman mas pèp la atravè òganizasyon popilè ak pwogresis li yo !

 

De plus, dans les veines de ces 2 grands courants politiques c'est le sang des restavek (domestiques) des puissances étrangères qui coule. Aujourd'hui, ils font un concours à celui des candidats qui démontrera le  plus son talent et  sa compétence à servir au mieux les intérêts des étrangers. En vérité, avec des candidats d'une telle qualité, les intérêts réels du pays et ceux des masses populaires n'avanceront pas, ne serait-ce que  d'un seul pas.

Quant aux candidats aux postes de sénateurs et de députés, si vous les passez au crible d'une passoire, c'est à peine si deux ou trois surnageront. Si vous arrivez à en trouver 5 ou 10 qui restent dans la passoire, il faut considérer cela comme un énorme pas positif qui mériterait d'être encouragé par le peuple à travers les organisations populaires et progressistes !


Kidonk tout moun ki ta wè nan eleksyon sa yo yon mwayen pou mas pèp la ta soti nan ma labou li ye jodi a, detwonpe nou ! Kale je nou ! Rete klè, veyatif epi vijilan. Eleksyon sa yo se yon kokenn jwèt koken makyavelik fòs okipasyon etranje yo ak gouvènman Preval / Bellerive la ap planifye pou chache kenbe epi ranfòse dominasyon ak pouvwa pèsonèl yo sou peyi a ak sou mizè pèp ayisyen an. Se pa pou anyen jwèt la make san depi kanpay la kòmanse !

Pou tout rezon sa yo Komite Egzekitif Nasyonal TK envite dirijan, kad ak manm TET KOLE nan 10 depatman peyi a, fè tout jefò pou respekte epi fè aplike toupatou konsiy ak modòd Asanble Nasyonal mouvman an. An menm tan nou envite yo rafrechi lizyè yo sou dispozisyon atik 53.1 ak 53.2 Regleman Entèn TK yo prevwa kont tout manm ki ta devye prensip oryantasyon ak règ mouvman an, nan non enterè pèsonèl yo oswa enterè politik pa yo.

 

Ainsi, qu'ils se détrompent ceux qui  croient  voir dans ces élections le moyen  pour les masses populaires de sortir de la boue dans laquelle elles se trouvent aujourd'hui.

Ouvrez les yeux ! Restez claivoyants, attentifs et vigilants. Ces élections sont une énorme farce machiavélique que les forces d'occupation et le gouvernement Preval/Bellerive planifient afin de maintenir et renforcer leur domination et leur pouvoir personnel sur le pays et sur la misère de peuple haïtien. Ce n'est pas pour rien que cette mascarade a été tâchée de sang dès le début de la campagne.

 

Pour l'ensemble de ces raisons, le Comité Exécutif national de TK invite les dirigeants, les cadres et les membres de de TET KOLE des 10 départements du pays à prendre toutes les mesures nécessaires afin d'appliquer partout les consignes et mots d'ordre de l' Assemblée nationale de l'organisation. Nous les invitons également à revoir les dispositions des larticles 53.1 et 53.2 de réglement interne de TK qui prévoit des sactions contre tous les memebres qui dévient des principes, orientations et  règlements des statuts de l'organisation.

 

Pou pèp ayisyen an k ap trimen jouk jodi a anba tant, 10 mwa aprè tranbleman tè a epi ki pran anba kolera okipan yo, nou di kouraj ! Ann goumen pou kanpe pwòp fòs politik popilè pa nou kòm altènativ politik ki kapab rive wete nou nan mera!

 

Au  peuple haïtien, qui  10 mois après le tremblement de terre continue à suer  sous les tentes, et qui se trouve pris dans une épidémie de choléra apportée par l'occupant, nous disons courage !

Luttons ensemble pour construire notre propre force politique populaire en tant qu'alternative politique capable de nous sortir du désastre.


ELEKSYON ANBA OKIPASYON FOS ETRANJE AK GOUVENMAN RESTAVEK PA YON SOLISYON POU MAS PEP FOS PEP LA AK AVNI PEP CHITA NAN KONSTRIKSYON BON JAN OGANIZASYON POLITIK POPILE AK PWOGRESIS

 

Les élections sous l'occupation des forces étrangères et  avec un gouvernement  soumis n'est pas une bonne solution pour le peuple. L'avenir du peuple se trouve dans la construction d'une organisation politique populaire et progressiste,  compétente et professionnelle.

 

 

POU KENPTK,

ROSNEL JEAN BAPTISTE

GERTA LOUISAMA

JEAN JACQUES HENRILUS

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents