Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Editorial Radio Ibo : les acquis de la democratie a l'eau ?

Publié par siel sur 1 Novembre 2011, 10:31am

Catégories : #AYITI ACTUALITES

Editoryal Radyo Ibo: Demokrasi a nan dlo ?

Haïti: Hérold Jean-François

Ki donk 27 oktob 2010 la, tout mobilizasyon ki fèt nan peyi a depi ane 84 yo e menm anvan ki rive nan 7 fevriye 86 kote diktati Duvalier a te chavire, tout leve kanpe pou di non nou pa vle diktati se demokrasi nou vle, tout gany sa yo, tout progrè nou te panse nou te fè, tout libète nou panse nou te gen dwa jwi, nou dakò pou yo tonbe nan dlo lè yon pouvwa tou nèf kote pifò moun ki ladan'l yo se te sila yo ki te kanpe ankwa pou rèv je klè demokrasi a pa te janm ateri, gonfle ponyèt li anba je nou pou li enpoze peyi a yon zak violasyon piblik kote yo pase anba pye atik 114, 114-2 ak 115 konstitisyon an, kote pandan n'ap pale avè'w la a yon Depite, kelkilanswa sa nou ka reproche'l trouve'l ilegalman nan prizon ?

Mouvman rache manyòk nan

kòmansman tranzisyon an nan été 86, mobilizasyon pou vote yon konstitisyon ki ban nou dwa djòl nou, ak ki garanti yon seri libète sitwayen yo ka jwi, mès liberasyon Gonayiv 11 fevriye 86, koukouwouj kont tout apranti diktatè ak pouvwa poutchis ki pase nan tranzisyon an, manifestasyon ban nou Charlot Jacquelin, mach fanm yo pou reklame egalite ak dwa sosyete a pa te rekonèt yo, mobilizasyon sektè demokratik la ak konkou yon bann ak yon pakèt òganizasyon peyizan ak sosyete sivil la, ti legliz nan tout peyi a, pledwaye, foròm adwat a goch, leve kanke ti krik ti krak pou reklame dwa travayè, kouri dèyè Prezidan ki vle fè tranzisyon an trennen, tout kalite fòmil gouvènman ak eksperyans, Konsey Deta, Konsey Saj yo, kanpe bab pou bab ak sila yo ki panse diktati ta ka tounen lè yo fè va nan eleksyon fo mamit palmantè konteste, mach chire soulye pou nou revandike chak fwa plis libète, manifestasyon san pran souf grenn nan bouda, militan tonbe, militan leve pi rèd, goumen kont koudeta, anpil chire pit pou nou rive enpoze eleksyon chak fwa gen yon pouvwa ki te vle pete koken, libète lapawol lib e libè kote tout opinyon tout tandans pase. Kidonk pandan preske 26 lane, tout lit, tout batay ki mennen pou nou rantre nan yon kilti tabli tradisyon respè dwa moun, tout bagay sa yo se lave men siye atè pou nou konstate tankou aktè ki pa konsène pouvwa tou cho tou bouke sila pran rèv tout yon peyi li mache sou li.

Non, nou pa vle kwè sa. Nou pa vle kwè nou ka rale yon bak preske 26 lane pou nou tounen nan men nan bouch, nan plenn hm, pale nan zòrey paske tankou yo te konn di lontan sou Duvalier, mi yo gen zòrèy

Kote fanm ak gason vanyan ki se gadyen tout libète nou rive genyen pandan preske 26 lane ki pase depi 7 fevriye 1986 yo ? Kote Òganizasyon dwa moun yo, òganizasyon sosyete sivil yo, Palman an ki resevwa kalòt marasa ayè 27 oktob la, kote pati politik yo ki malgre feblès yo te toujou pote labanyè nan vann lide yon lòt Ayiti, yon Ayiti miyò ki chita sou baz respè lwa yo ak Konstitisyon an, kote mas popilè yo pa janm konte depi 1804 e ki toujou pote boure devan bann an paske tout chanjman se pou pote pi bon kondisyon lavi pou yo ak pou pitit yo. Pa di'm nou dakò ak maledve ki fèt 27 oktob la nan ayewopò a. Pa di'm nou pare pou nou bouche nen nou bwè dlo santi sa. Pa di'm nou ap kanpe gade san nou pa yon lòt fwa ankò di non nou pa vle diktati, tout san ki koule deja yo se pou demokrasi ka boujonnen.
Sa ki pase jounen 27 oktob la grav anpil, se yon kou nan do kont peyi a, kont demokrasi nou ap chache a, se yon kou trayizon moun ki prete sèman pou yo defann Konstitisyon an. Se chire paj Konstitisyon an ki ba nou tout yon seri garanti. Si jodia nou pa di anyen, demen tou pa' n dèyè.

Mezanmi, pa gen diktatè si pa gen sitirè. Kijan moun ki bò kote Prezidan an ka dakò asosye yo nan kokenn kalòt yo bay peyi a nan figi'l? Kijan nouvo Minis Jistis la fè dakò pou li mache nan wout kwochi sila? Nou tande Komisè gouvènman an ap li Konstitisyon an ak yon linèt ki pa pèmèt li wè atik 114, 114-2 ak atik 115 la. Li asime sanble Konstitisyon l'ap li ladann'l lan ta yon move kopi sa nou tout nou ap li ladan'l lan. Ki sa nouvo Premye Minis la ki te al vizite prizonye Palmantè a panse de sa ki pase a, li dakò ak sa ? Kijan li fè di gad penitansye yo se yon Palmantè an fonksyon ki nan men yo la? Kijan yon palmantè an fonksyon ta ka nan prizon san pa te gen dispozisyon legal kòrek ki te pèmèt sa ?

Kote fanm ak gason ki gen nen nan figi yo pou yo di chef yo non nou p'ap mache nan lojik ou vle antre peyia ladan'l lan ? Nan peyi nou, yon lòt fwa ankò, nou konstate moun ki sou pouvwa gen memwa kout. Yo bliye egzanp sila yo ki ayè wa pa te kouzen yo, sila yo ki te gen tout kalite non, kanson fè, grenn plen, grenn sonnen, plengrennen, zotobre mèt peyi bann fanatik te konn di yo kale bouda yo jan yo vle ki te sètoblije chape poul yo nan kouri an vitès pou malè pa rive yo.

Moun ki egzekitan tout move zèv pouvwa souda yo bliye, lè gen kouri se pa gro chèf ki konn rele tèt yo tankou konnia chèf siprèm yo yo janm jwenn, se ti chèf piti yo ki toujou viktim kòlè popilasyon an oswa ki konn pase nan jigman kòm bouk emisè. Si kou sa pase konsa tankou yon lèt la pòs eben nan prochen tan k'ap vini yo prizon ak simityè pa'p gen ase plas pou mete tout sila yo ki pa'p janm pè di yo pa dakò.

Nou rive nan moman kote chak moun, chak fanm, chak gason, chak òganizasyon, chak esntitisyon dwe fè tande vwa yo pou yo denonse sa ki pase nan ayewopò a 27 oktob la. Pouvwa otoritè, diktati ak kraze zo pase mòd, sosyete a dwe kanpe tankou yon sèl blòk pou li di non nou pa dakò. Zak ilegal arestasyon yon Depite an fonksyon montre nou lajistis, jouk kounie a se yon pouvwa restavèk e sa ki pi grav la sèke se moun nan aparey jistis la menm ki nan tete lang ak pouvwa egzekitif la pou li kwaze pye'l sou do pouvwa sa ke konstitisyon 1987 la nan atik 60 la tabli tankou yon pouvwa endepandan tankou pouvwa lachanm yo ak pouvwa prezidan an.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents