Entwodiksyon
21 fevriye 1997 - 21 fevriye 2011, 14 lane apre, dirijan nan tèt Inivèsite Leta a deside pase anba lit mas popilè 1986 yo. Yo deside chire dispozisyon transitwa 1997 yo ki se rezilta batay, goumen kont tout regim boutdi mas popilè yo te tanmen.
Depi 14 lane sila, se kriz sou kriz nan fakilte ki nan Inivèsite Leta Ayiti – ILA a. okenn dilijans pou bon refòm jan dispozisyon tranzitwa yo mande l la pa tanmen. Nan kòz pa gen refòm, Inivèsite a pa janm reponn ak reyalite peyi, Inivèsite pa janm reponn ak pwoblèm mas yo ap viv. Se konsa, nan plizyè antite tankou fakilte Etnoloji, fakilte YERA/IRESS, INAGHEI, fakilte medsin ak lòt tout kalte pwoblèm toujou ap poze. Kriz sou kriz nan peyi a, kriz ap layite kò l tout kote.
Nan lane 2007, ekip k ap dirije Inivèsite a fè kanpay sou eslogan “Une décénnie perdue” kòmkwa yo pral mete Inivèsite sou ray. Men se te sou ray esklizyon, sou ray manipilasyon, sou ray makoutism (nou pap janm bliye lè konsèy egzekitif la te pran desizyon fè eskadwon lanmò yo antre nan fakilte medsin nan lannwit 29 dawout 2009), sou ray sasinay, sou ray neyoliberalizasyon, elatriye.
Sa k ap pase nan sèten Fakilte nan Inivèsite Leta a
Sak ta di makout ak fachis ta alamòd konsa nan peyi Dayiti aprè Itlè, Pòlpòt, Misolini, Tibobo, Tiboule, Bòs pent, madan Max Adolphe, Lukner Desir, Franswa Divalye elatriye te finn mouri ? Sak ta di baboukèt la ta pirèd nan Inivèsite Leta a apre lanmò Roger Lafonfant ak anpil manm eskadwon lanmò makout ak divès regim sanginè militè yo nan peyi Dayiti?
Depi kèk tan nou ap viv nan Inivèsite Leta Dayiti a yon sitiyasyon ki sanble tèt koupe ak netwayaj etnik Itlè tap fè nan kèk peyi Ewòp, ak sa Franswa Divalye tap fè nan peyi dayiti pandan rejim dansere li tabli nan peyi a pandan yon bon bout tan ki fè nou paka bliye travay yon moun tankou Roger Lafontant te konn fè nan Inivèsite a tankou : arestasyon ilegal, represyon ak reprezay, egzekisyon somè ak eliminasyon politik.
A la traka ! Anpil moun te panse aprè yon tan se tap yon lòt men se byen konte mal kalkile paske ti mari pa monte Ti pa desann se rad sèlman li chanje, li la pirèd! Apre tout batay ki te fèt nan Inivèsite a pou retire anba zago loray yo epi transfòme l, mete l osèvis developman ak transfòmasyon sosyète miwo miba a pou mennen l nan yon sosyéte san fòs kote. Nan sans, noua p sonje batay UNEH, FENEH, KILEH ak dènye batay Fwon Rezistans pou otonomi Inivesite a te mennen nan lane 2000 yo. Sa k ta di pèsekisyon ak represyon politik ta tounen sèl mwayen pou rezoud nenpòt ti pwoblèm nan Inivèsite a ?
Si Itlè tap fè netwayaj etnik nan kèk sosyet ewopeyèn yo, pandan dènye ane sa yo(2008- 2011) nou konstate avèk lapèn kouman yo ap chase, arete, maspinen , egzekite, asasinen etidyan ak pwofèsè akòz pozisyon politik ak ideyolojik yo. Nan sans nap fè sonje kouman yo te mete deyò :nan Fakilte Etnoloji Pwofesè Yves Dorestal, Jean Anil Louis-juste; nan IERAH/ ISERSS James Darbouze sou baz pozisyon politik ak ideyolojik yo.
Nou pap bliye tout pwosesis makoutizasyon Inivèsite a nan fè kèk fakilte tounen kazèn : ki moun ki ka bliye ka fakilte Medsinn la ? Ki moun ka bliye kantite fwa fòs okipasyon yo ak lapolis kriminèl la anvayi espas fakilte nou yo tankou jan sa te fèt nan ENARTS, nan Lekòl Nòmal siperyè ak nan Fakilte etnoloji kote yo te arete, maspinen ak bonbade ak gaz lakrimojèn. Nou pa ka konte konbyen fwa yo flite INAGHEI ak Fakilte syanzimèn nan chase etidyan paske yo pa dakò ak sa kap fèt nan peyi a ak pwojè lanmò ki ap aplike nan Inivèsite a. Ki moun ki bliye presyon, menas vyolans tout kalite ki tap egzèse sou Pwofesè Jean Anil Louis Juste jouk yo rive fè kò sasinay sou li kèk èd tan anvan tranbleman tè a. Janil ou toujou prezan ou ap toujou prezan !Pirèd ankò konsèy Inivesite a, rektora a pa leve ti dwet yo. Sa sispèk anpil lè nou konnen jan yo pat vle wè Pwofesè sa nan Inivèsite a ! Enben nap swiv !
Machinn represyon an kontynye pi rèd apre yon rezilta pou yon ti bout tan epi trè sispèk, pwofesè Blot, youn nan kasik Inivèsite Leta an Ayiti a yo, te fin pibliye pou kou li fè nan twon komen nan fakilte Etnoloji ki rele « entwodiksyon nan antwopoloji », plis pase 80% etidyan te konteste (sou plis pase 430 etidyan, apenn 20 konsa te rive pase kou sila a) rezilta tèt anba sa a ki pa koresponn avèk ansanm devwa, egzamen, sòti ak lòt aktivite akademik ki te reyalize nan kad kou sila a epi ki dwe antre nan total nòt yo. Kidonk Objektif pwofesè a, Boksè Blot, apati rezilta sa a, te parèt sispèk anpil, pou pouse do majorite etidyan yo nan Inivèsite Leta a. Sa ki te bay anpil pwotestasyon, jouk rive bloke dezyèm kou pwofesè gwo ponyèt la tap fè nan dezyèm vakasyon jounen an. Se konsa, Fred Wiliamson Eliassaint, youn nan twa(3) etidyan ki tap sanbilize epi mobilize rès etidyan yo kont rezilta tisourit pwofesè maspinè a, te rive nan diskisyon avèk pwofesè a ki di li pat wè lòt fason pou kalme etidyan an, sinon yon souflèt. Sa kite vin lage yon sèl chalè ak tansyon nan fakilte a, aprè yon zak delenkan konsa. Yon lòt bò yo ta di yo mete deyò twa(3) kanmarad nan yo de(2) ki pa gen ankenn repwòch sou do yo si se pa pozisyon politik ak ideyolojik yo.
Oligachi tilolit gwo trip ki nan tèt Inivèsite a pa chome ak woulo konpresè yo a lè yo ta vle pouse do twa(3) kanmarad etidyan nan IERA/ISERS paske yo gen yon pozisyon politik ak ideyolojik ki pa bobo ak pwojè refòm neyoliberal/neyokolonyal ak restavèk ki ap aplike nan Inivèsite a. Se avèk anpil wont nou konstate kòman moun sa yo pa respekte okenn prensip, lèn konsidere Pierre BUTEAU jij epi viktim , lèl akize etidyan yo agresel epi li deside fè tèt li jistis nan pouse do twa etidya yo.
Tout swit aprè yo fin lanse kanpay pèsekisyon kont twa etidyan yo, Mesye dam yo pase pase yon vitès siperyè nan pase anba pye tout gany demokratik inivèsite leta a te jwenn nan lit 1986 ak 1997 ki te akouche dispozisyon twanzitwa fevrye 1997 yo.Se konsa yo òganize konkou ak bay rezilta magouy lèn konsidere yo pa afiche rezilta konkou ane sa a; se pi rèd atò lèn konen ki valè jenn gason ak jenn fanm ki sou beton an , k ap chache yon moso ledikasyon ,epi se 60 moun pwofesè BUTEAU ak pwofesè Itaziène deside pran nan konkou ane sa a, san yo pa di ki kritè ki te kenbe pou ki fè se sèlman 60 moun ki reyisi konkou sa a ,pwiske yo pa afiche yo. Dirijan yo tèlman enkonpetan e montre yo pa gen ankenn kapasite pou jwenn solissyon pou pwobèm ki ap brase bil fakilte a jounen jodi o upa konn ki moun ki pwomosyon, ki moun ki ap dirije ki bagay(nan dènye reyinyon dirijan yo te gen ak pwomosyon ki te antre ane dènye a yo pran desizyon pou fè l fè yon sèl ak pwomosyon ane sa;yon senp pwofesè francés ap dirije depatman patrimwàn e touris; madan Rosalie Bosquet=Madan Itazienne Eugene okipe pou kont li 4 pòs)
Jounen jodi a nap konstate ak anpil kè sote kouman dirijan Inivèsite yo, sitou nan nivo Fakilte Etnoloji, ap limen flanbo divizyon an nan mete etidyan a fas pou jistifye represyon ak envazyon sou yon seri etidyan pou pozisyon yo. Mezanmi nan kisa nou pran la? Madigra nou pap pè w se moun you ye paske mas pap ka rete tout tan!
1. Lè nou konsidere invèsite kòm yon espas akademik, kote diskisyon ak deba dwe prensipal demach pou rezoud konfli ak pwoblèn ki poze nan espas la;
2. Lè nou konsidere tout fakilte ki respekte tèt li genyen yon seri règleman ak prensip ki di kouman pou li fonksyone; san se pa souflèt ak kout pren ki dwe tire pou rezoud pwoblem ak tout fòm bouch gonfle ki ka genyen nan fakilte sila a;
3. Lè nou konsidere atik 4-d, atik 4-h ak atik 5, règleman entèn fakilte Etnoloji a ki di kouman pou jere tout sitiyasyon konfliktyèl nan nivo fakilte a;
4. Lè nou konsidere pwofesè Blot mete sou kote tou mwayen pou regle konfli a, jan regleman entèn faikilte a di l la; epi kouri nan laprès fè yon popagann manti sou sa ki te pase a;
5. Lè nou konsidere not kontwovèse delege etidyan nan Consèy Inivèsite a nan dat 12 jiyè 2010 la ki di klèman se pwofesè Blo ki te frape etidyan an;
6. Lè nou konsidire nòt rektifikatif delege Pierre Inodyl FILS pran pou denonse epi montre dezakò l ak itilizasyon malonèt yo te fè ak premye nòt la pou yo mete etidyan yo deyò nan fakilte a;
7. Lè nou konsidere menm nan manti Blot tap bay nan laprès yo li te sèlman kesyon de yon etidyan epoutan yo tap pral pose deyò twa (3) etidyan;
8. Lè nou konsidere Blot rekonèt li te souflete etidyan, Blot pa ka alafwa Bouwo epi viktim, li paka jij epi pati nan menm konfli a;
9. Lè nou konsidere ansyen doyen Paul Antoine siyen desizyon sa;
10. Lè nou konsidere desizyon sa a antre nan kad yon machin represyon ki enstale nan inivèsite a depi kèk tan;
11. Lè nou konsidere pwosesis makoutizasyon Inivèsite leta a ki koumanse, sa ki te gen ladann yon seri envazyon MINISTA ak lapolis sou zòd otorite Inivèsite a nan divès fakilte depi 2008;
12. Lè nou konsidere tout represyon sa yo antre nan kad yon woulo konpresè pou toufe tout rezistans ak pwotestasyon kont pwojè refòm neyoliberal ak restavèk ki ap aplike nan Inivèsite a;
13. Lè nou konsidere jan Konsèy egzekitif UEH a kouri bay benediksyon l avèk desizyon youn nan konsiltan nan konsèy la, san li pat gen okenn ladrès pou ankete sou sitiyasyon an;
14. Lè n konsidere pozisyon mò rèd dekana fakilte etnoloji ki pa vle okenn chita pale sou desizyon an;
15. Lè nou konsidere refòm tisourit ki ap fèt nan fakilte etnoloji ak nan divès fakilte nan Inivèsite Leta(separasyon depatman antwopososyoloji nan etnoloji kip a kenbe kont de resous ki disponib pou sa, yon sèl pwofesè ap fè kou nan tout nivo san li pa kalifye pou sa,yo ap chase kou pou ranplase yo ak yon seri kou kip a korespon ak okenn lojik, dirijan ki ap ogmante kou pou ogmante lè yo, depatman ki ap fonksyon pwogram abolotcho, nominasyon pwofesè ki pase nan fakilte a yon fwa pafwa) ;
16. Lè n konsidere jan dirijan nan divès fakilte nan Inivèsite Leta a ap bay tèt yo grad devan deyè san yon pa respekte prensip ak regleman entèn fakilte yo ak dispozisyon transitwa a vle ;
17. Lè nou konsidere gen moun ki ap okipe 4 pòs jan yo vle : Konsiltan youn nan rektè yo, Chèf depatman, Manm konsèy direksyon fakilte, reprezantan pwofesè nan konsèy inivèsite a ;
18. Lè considere gen mou ki okipe gwo pòs nan Inivèsite e ki ap fè e defè ki pa gen yon bout lisans (yo gen dwa dwe kou nan depatman Syans Politik INAGHEI epi y ap plede di yo se istoryen) ;
19. Lè nou konsidere dirijan nan IEARA /ISERS bay tèt dwa ak pouvwa pou chanje regleman entèn fakilite san oken respè pou prensip ki dwe gide gran desizyon sa yo ;
20. Lè nou konsidere ansanm demach etidyan IEARA/ISERS mennen bò kot dekana(ref :lèt 19 janvye 2011, lèt 27 oktòb 2010, rapò rankont ak Prof Pierre Buteau,petisyon 18 oktòb 2010, lèt 22 oktòb 2010l, lèt 8 fevriye 2011) pou lonje dwèt sou sitiyasyon malouk ki ap develepe nan fakilte a ak pou rive rezoud pwobèm jan regleman ak prensip yo mande sa e;
21. Lè nou konsidere jan yo ap itilize bous pou kowonp, instrimantalize etidyan nan Inivesite Leta a sitou jan sa ap fèt nan IERA /ISERS pou fèmen bouch etidyan ak anpeche yo revandike dwa;
22. Lè konsidere majorite pwofesè, pèsonèl administratif nan IEARA/ISERS pa gen nominasyon e dirjan defakto ki nan tèt li yo se daso yo pran direksyon fakilte a ;
23. Lè konsidere dirijan IERA/ISERS pa gen ankenn legalite ni lejitimite pou dirije fakilte, se sèlman ak gwo ponyèt, koripsyon, favoritis et bous pou fèmen bouch pwofesè, anploye ak etidyan pou yo pa revolte.
Revandikasyon yo
Sou baz konsiderasyon sa yo nou deside antre an grèv jiskaske nou bay vi nou :
1- Pou yon lòt kalite Inivesite Leta ki mare kòd lonbrik reyalite, kòz ak developman fòmasyon sosyal ayisyènn la nan enterè mas yo rann pòv, travayè yo, peyizan yo ouvriye yo, timachann yo ak mas popilè yo an jeneral ;
2- Pou sispan pèsekite etidyan nan Inivèsite a ak Entegrasyon tout etidyan yo nan Etnoloji ak nan IERAH/ISERSS ak pran dispozisyon pou pitit moun yo rann pi pòv yo ka resevwa pen lenstriksyon, rann rezilta konkou IERAH yo piblik, paske pitit dirajan Inivèsite yo se nan gwo Inivèsite lot bò dlo yo ye;
3- Elabore yon manyèl ak yon plan etid pou chak depatman nan fakilte etnoloji ak IERAH /ISERSS;
4- Mete anplas bonjan bibliyotèk ak laboratwa pou etidyan fè rechech kòm sa dwa ;
5- Mete kanpe yon komisyon ki ap la pou akonpaye etidyan nan travay memwa ;
6- Dinamizasyon aktivite rechèch ak estaj nan Inivèsite an jeneral ak IERA ak Etnoloji an patikilye ;
7- Amenaje lakou, batiman akademik ak admistratif fakilte etnoloji a ;
8- Nap mande pou bon ankèt fèt nan Inivèsite pou pini tout kòwonpi ak moun ki ap fè poze move zak nan Inivèsite a.
9- Mete an plas yon pwosesis pou yon veritab refòm jan dispozisyon tranzitwa a mande l la.
Refòm tout bon vre nan Inivèsite osnon lanmò!
Refòm inivesite a pap fèt sou baz tipwojè ki soti nan koperasyon entènasyonal restavek !
Aba privatizasyon Inivèsite a !
Viv yon Inivèsite granmoun nan yon peyi granmoun !
Commenter cet article