- Pauline a écrit:
-
Wou panse ke desisyon jistis aysyenn genyen yon lyen avek vizit Martelly - nan Mezon Blanch kay Obama ?
- Nous l'ignorons
- peut-être
- mais une chose me parait certaine, la visite du président Martelly n'a pas été bénéfique
- pour son mentor
- Jean Claude Duvalier .
- On peut comprendre pourquoi que Martelly se trouve présentement au Vatican .
- Il a vraiment besoin de prier pour son Baby doc ...
Sa te etone'm ke nou pa t' poze'n kèlk kestyon sou vizit sa a.
Mwen pa renmen fe ipotèz men mwen te
mande si
se pa kanè Sweet Mickey sot pran.
Menm enperyalis koudetatis yo ka trouve ke misye vin yon problèm.
Jès premye janvye a ka se sa ki koule'l.
Dany Laferrière ki rive la a te pèdi yon kamarad Gasner Raymond rejim
Divalye te asasine.
Lan rankont ki sot pase antr Dany ak prezidan franse a,
nou pa konn ki sa ki te di.
Sweet Mickey ap fè fanfawonad. Y'ap di'n pou nou fout jije pwazon Baby Doc
sa a men nou lan tete lang
ak divalyeris ki ap kraze peyi a net.
Nou refize poze jès pou montre nou vle gen yon Etat de droit serye.
M'ap sonje depi premye jou mwen te di pou nou koupe tèt bèt la
si nou vle gen soufl.
Men se pa t' ak Mateli sa t'ap ka fèt.
Li ka rive lan yon pwen pou li di JCD ke li fè sa li te kapab pou li.
Se pou yo sènen Mateli pou yo kestyone'l itou.
W se premye mwen tande ki vle we bagay yo konsa.
Rien n'est certain mais je peux dire vous avez pris
vos vit-Admin-es ce matin.
Mwen swete kanaval sa a pase byen.
Commenter cet article