Poésie :Totalito. Par Jean Herby
Chak kwen lakay se yon zen
Nan zo pouvwa Nou jwen n komedyen
Antouré ak visaj pengwen
Pou Fè n bliyé tout pèn nou genyen
Demon ak zanj ap fété nan lakou guinen
Pandan diyité n ap trennen lakay dominiken.
Yap jwé marél avè n nan kalfou bizango
Yo fé n tounen an ron tankou toupi nan tolalito
Ak bel pawol é bèl piwèt yo
Nou fixé Fey bèk yo ak son petro
Yo vlé fè nou pè ak zombi yo
Kon n itilizé pou simayé lanmo.
Nou wè yon dans chanpwèl
Kotè Tout zotobwé ak zèl
Tankou Lougouyou yo chanjé koulè
Lang yo filé tankou vipè
Kazak sou yo chagé ak filè
Pou apran n tout riz malfektè
Pou yo fè tolalito akansyèl.
Jean Herby
Commenter cet article