Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Ti Gout pa Ti Gout ak Jan Mapou

Publié par Elsie HAAS sur 17 Février 2010, 10:32am

Catégories : #AYITI ACTUALITES

Dans ce texte en ayisyen/créole, l'auteur attire l'attention sur les risques de vol  des documents d'archives et des oeuvres d'art du patrimoine haïtien. Il recommande à tout un chacun de refuser d'acheter, et de signaler les offres de vente qui pourraient leur être faites. Il rappelle le précédent de l''Irak avec les vols faits dans le musée et la bibliothèque de Bagdad. "Est-il déjà trop tard ?", se demande-t-il, sachant la rapidité avec laquelle ont agit les pilleurs en Irak.
L'auteur, Jean Mapou, suggère également la création d'un
"Comité d'urgence" avec quelques Haïtiens compétents sérieux et  disciplinés, des Haïtiens sages, qui se respectent et qui aiment leur pays.



                                                            KONBIT NASYONAL!
Nan gwo dezas 12 Janvye-a yoùn nan premye viktim yo se atis ak ekriven. Nou ka site mizisyen ki pèdi enstriman yo; atis pent, atis dekoratè, eskiltè, achitèk ki pèdi zèv yo, youn seri travay ki pa gen pri e ki pa kapab ranplase. Ekriven pèdi liv yo, bibliyotèk prive yo, dokiman rechèch yo, maniskri travay ki te pare pou pibliye. Lè youn atis pèdi zèv li, lè zèv youn ekriven disparèt se pa yo senpman ki pèdi, se peyi-a. Se istwa peyi-a ki ale; se limanite ki pèdi. Lè nou tande George Anglade, Pierre Vernet, Jean-Claude Lespinasse, ki mouri ak 100 seminaris, lè nou aprann gen youn bann moniman istorik tankou Legliz Katedral, Legliz Sakrekè, Legliz Anglikan, Inivèsite, Otèl, Palè Nasyonal kraze… Kè nou senyen, dlo pa ka sispann koule nan zye nou.
Se sèten nan sikonstans sa yo gen youn grap moùn anndan peyi-a osnon ki soti lòt kote ki pral fè va sou dokiman sa yo ak zèv sa yo ki se eritaj kiltirèl peyi-a. Y’ap ranmase yo, voye yo al sere nan lòt peyi, vann yo sou entènèt… Y’ap piye tou sa yo jwenn ki gen valè.

Sitiyasyon sa-a te rive nan peyi IRAK apre twoup ameriken yo te anvayi Bagdad. Dwèt lonng yo te gentan dechèpiye mize yo, bibliyotèk Bagdad ki te chaje ak dokiman ansyen, fyète pèp Irak la, galta fyète limanite. Yo vole, yo piye.
Malgre bonm k’ap pete maten midi aswè, yo te gentan glise soti kite peyi IRAK. Yo te kenbe enpe men majorite richès atistik, ki nan patrimwàn peyi Irak te gentan disparèt. Èske sa rive nou? Èske li twò ta pou sa rive nou? Èske mize Nasyonal kraze? Èske gen zèv atis nou yo ki te ekspoze nan galri ki disparèt yo? Poko gen rapò ofisyèl sou sa. Depatman lakilti twò bizi pou li fè youn envantè, konsakre youn ti tan pou fè youn relve sou zèv ki pèdi, sou atis ki mouri, sou dokiman peyi-a ki disparèt, sou òganizasyon benevòl katye yo, sou bibliyotèk ti seminè kolèj sen Masyal, sou bibliyotèk nasyonal, sou achiv nasyonal …elatriye.
Youn ti chans pou nou sèke Ayiti se manm UNESCO depi 18 Novanm 1946. Yoùn nan misyon òganizasyon entènasyonal sa-a, akote edikasyon ak kominikasyon se pwoteje zèv, atizay ak eritaj kiltirèl youn peyi espesyalman lè yo gen youn valè imanitè. Lè youn peyi se manm UNESCO epi gen gwo dezas konsa, UNESCO dwe fè sa li kapab pou li pwoteje eritaj patrimwàn peyi sa-a. UNESCO gen anpil lòt travay li t’ap fè an Ayiti nan domèn edikasyon.
Anvan katastwòf-la Ayiti se yoùn nan peyi ki an premye ki t’ap patisipe nan oun inisyativ UNESCO pou alfabetizasyon. Yo te lanse pwogram sa-a nan lane 2007. S’oun pwogram ki te pral woule sou 3 ane ak youn ekip konseye Kiben. Bi yo se te rive alfabetize 3 milyon moùn ki pa konn ni li, ni ekri an 3-an. achte pyès kiltirèl ki sot Ayiti. Yo lanse youn kanpayn pou pwoteje eritaj peyi-a tankou dokiman, koleksyon èv atistik: penti, eskilti, ki soti nan mize ak galri, osnon nan legliz yo.

Direktè jeneral Oganizasyon Unesco Irina Bokova voye youn lèt bay sekretè jeneral Nasyonzini-an Ban Kimoon pou l’mande sipò li pou pwoteje patrimwàn kiltirèl ayisyen-an. Li mande pou zèv sa yo pa kite peyi-a epi mete sekirite tout kote sa yo pou bare vole, osnon anpeche volè vòlò yo. Li menm mande pou nasyonzini ta pase youn rezolisyon pou bloke tout moùn k’ap soti kite peyi-a ak pwodiksyon atistik yo osnon vann, osnon transfere zèv kiltirèl yo. Li mande pou yo avèti Interpol, the world Customs organization pou ede ranfòse lòd sa-a. Li fini pou l’di li enpòtan pou yo verifye orijin tout zèv kiltirèl y’ap enpòte osnon ekspòte, ofri pou vann espesyalman sou entènèt.
Baze sou move esperyans an Irak ak Afganistan, UNESCO mande espè entènasyonal yo pou ede Ayiti pwoteje eritaj kiltirèl li ki se youn sous idantite enpòtan pou rekonstriksyon peyi-a.
Fok mwen di nou se pa pawòl van. UNESCO deja ede sove achiv gran ekriven Georges Corvington, youn istoryen ki ekri Port-au-Prince au cours des ans, tout youn seri etid sou Kapital-la ki rakonte nou konbyen fwa tranblemanntè, siklòn, dife kraze Pòtoprens ak peyi-a. Si lakay edikasyon-an te fèt pou edike ti Ayisyen sou pèp li, sou peyi li, sou anviwonnman li, enben, noutout ta konnen sa ki pase lontan nan peyi-a ki ta penmèt nou prepare pou sa ki rive Jodi-a. Se pa premye fwa tranblemanntè kraze Pòtoprens. Jounen Jodi-a, UNESCO ap chache sove miral ki dekore legliz Episkopal sent Trinite, Katedral ak Sakrekè, …

Kidonk si yo ta vin vann nou nenpòt ki dokiman istorik, nenpòt ki pyès atizay osnon dokiman nou ta sispèk ki soti an Ayiti e ki soti nan patrimwàn nasyonal-la, pa ezite pran enfòmasyon sou moùn nan epi avèti lapolis lamenm. Avèti Interpool. Avèti FBI. Pou noumenm jenès-la ki maton nan konpitè fòme youn brigad vijilans pou nou bloke aganman _ Ayisyen kou etranje _ k’ap dechèpiye zèv nasyonal peyi-a.
Nou dwe pitit ak pitit-pitit nou yo sa. Nou dwe tèt nou sa. S’oun responsablite sivik. Ayiti demen–an se pa pou nou nan jenerasyon sa-a. Rekonstrui peyi-a pral mande anpil tan, anpil lajan, bonjan tèt ansanm. An nou mete kanpe youn “KOMITE DIJANS” ak kèk Ayisyen konpetan, serye, disipline, Ayisyen ki gen sajès, ki respekte tèt yo e ki renmen peyi yo pou youn Konbit Sovtaj ak Rekonstriksyon Nasyonal.

Jan Mapou
Koukouy Mayami
mapoujan@bellsouth.net
Mercredi 17 Février 2010
Haïti en Marche • Vol XXIV • N° 04

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents