Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Un commentaire suite à la lettre de Mme Maxine Waters à Ban Ki moon, concernant le choléra en Haïti.

Publié par siel sur 8 Juillet 2013, 16:56pm

Catégories : #LU SUR LE NET

Maxine Waters, Danny Glover kon' yon bagay ke anpil moun Nwa pa renmen di pou yo pa koupe yo les vivres. Ayiti fenk kare viktim de enjistis lan main puisans oksidantal yo. Yo pa konn sa pou yo fe ankor pou detrui popilasyon an. Lan liv ofisyel sou orijin SIDA, se yon moun Ayiti yo di ki te al pran virus la an Afrik lan ane 60 yo e ki pote'l an Amerik. Yo byen monte kou yo wi; se pa UNESCO ki te vin rekrite Ayisyen pou Afrik lan gwo vag endepandans yo...

LONI se oganizasyon comploteurs, parasites, charognards, kote anpil moun jis ap defand job yo jodi a. Yo pa gen entere pou Ayiti kanpe. Sa te sanble ak yon jes abil leu Bankimoon te chwazi Michele Montas pou porte-parole li. Gen anpil moun ki kwe ke gen yon rezon politik dèyè sa lan kestyon lanmor Jando a. Se menm jan UNESCO sa fini pa rekipere Michaelle Jean pou fe konprand ke se yo ki boss ki ka faire et defaire. Apre goudougoudou ke tout etranje koulye a ap pale de yon zak malveyan, yo brote kolera lan fyèl ti peyi a. Ap toujou gen yon rezon pou jistifye prezans yo an Ayiti. 

Mwen-menm, mwen fin konen poukisa mwen te toujou ap kenbe fierte'm devan yon band moun. Men jodi a, fok mwen rand mwen a levidans, se yon peyi restavek Ayiti ye depi w lage pouvwa lan men san zave ti chyen ki bezwen blan a di yo "good job". Se ti vagabon sa yo ke blan toujou al cheche pou pase kaka lan figi moun tout kote.

Gad jan Ameriken Nwa ap goumen, ap senyen pou yo pa fin detrui yo lan peyi Etazini e pi yo jwenn fos ak santiman pou yo ap defand Ayiti devan malveyan satan. 

Fanm sa, se yon fos tou d'bon.

Nou pa ka gen rezon devan moun sa yo, mezanmi. Kelke swa sa yo fe nou pa ka reklame yo dedomajman paske pa gen yon LETA Ayisyen ki kanpe pou defand popilasyon a. Se la vre kestyon a ye: kouman fe ke devan tout enstans se pa yon aksyon konserte Ayisyen prezante devan yo? Ayiti pa p'fè yon pa e se ap toujou konsa tout otan nou aksepte ke yon destabilize peyi a e ke yo anpeche gouvenman nasyonalis pran pye.

M'ap kontinye aji dans l'anonymat pou ede e defand moun Ayiti, mwen pa wont di mwen se Ayisyen devan etranje, men mwen wont kan m'ap pense trankilman ke se subi peyi sa a ap subi.

Gen yon band moun ki renmen ap di ke Ayiti reyalize pi gwo revolisyon pase e Franse e Ameriken, mwen rekonèt ke gen lan yo ki renmen peyi a e ki ta vle fe pou peyi yo wi. Men an mena tan, mwen pa bezwen tande diskou konsa lan radyo ankor pou fe lot ap di ke nou pa fe anyen ak endepandans sa a. 

Li tan pou Ayiti sorti anba main dyabl yo. Li lè pou nou soti lan zafe folklor sa a, se fout manti, la pauvreté n'est pas une vertu. Nou dwe afranchi'n de tout moun k'ap tand nou tonbe pou yo vin kanpe. Ke se o nivo fanmi jiska peyi, nou fout sipoze aksepte kreve pou kor'n e met pye'n lan bounda tout atoufè ki ap pran poz yo se Bondye. 

Sel sa m'konnen e ke m'serten se ke depi nou tonbe lan bay manti ak yon band moun, ak yon band media, peyi sa F-I-N-I.

M'ale
Sources : link
Voir aussi

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents