Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Constat et craintes d'un internaute à partir des "agissements" de KPlim (en créole)

Publié par siel sur 29 Février 2016, 13:13pm

Catégories : #LU SUR LE NET

Constat et craintes d'un internaute à partir des "agissements" de KPlim (en créole)

Men 10 konsta ke mwen fè dènye jou sa yo :

1) Nèg la pa tap regle anyen nan primati ya, li te vle rete ad vitam eternam

2) Li te gen yon manda presi : Fè eleksyon li echwe la dann, epi li pase nan lòt bagay tankou siyen vye dekrè kap bon pou li ak ti klik li, epi pèp la menm ap vejete

3) Menm nèg sa vle pou lòt la rete nan akò ki te siyen an kòm kwa dirije peyi an, menm si se pou 2 jou, se egzekite stricto sensu sa ki di nan ankò a. Zafè k gade si gen moun kap mouri nan ensekirite alimantè, nan sechrès, nan zika kap fè ravaj, zafè k gade si mesye ki tap piye depi 5 kan yo kontinye ap piye pandan 2 jou ki rete yo a.

4) Lè Prezidan mande yon « Task Force » pou yal fè yon “ Audit” nan administrasyon piblik la, anpil moun di se pa wòl li. Antanke garan administrasyon leta a, se wòl li poul souke ensititisyon pou yo jwe wòl yo. Si administrasyon ki te pase a pat fini ak enstitisyon yo, Prezidan pat menm bezwen pale de sa, puiske yo tap deja konnen fòk yo odite ansyen administrasyon an avan sa kap vini an pran plas.

5) Nap bay nèg la presyon poul fè 120 joul la (a la verite se 90 jou) vit, fè eleksyon epi bay talonl , pandan se tan nap mete mi nan jwèt la, nap fè dilatwa, fè tan pase, aprè pou nou di ke se li kap mete estrateji poul fè plis tan.

6) Nou soti nan yon egzekitif ki te genyen nan tèt li 2 nèg ki pat janm travay nan administrasyon piblik la, yo pa genyen pratik leta a epi yo pat rive lwen lekòl (sa pa vle di yo pa entelijan pou sa). Reyalite sa konn fè etranje pran nou mal lè nou vwayaje oubyen lè nap interaji ak yo nan ONG. Jounen jodi a, nou genyen 2 mesye byen fòme, ki konnen administrasyon piblik la byen. Nouvel reyalite sa a kapab voye yon iimaj klè bay etranje yo, ke ayisyen vle lave figi yo.

7) Mesye kap met mi nan palman yo, pèp la ap swiv yo byen. Li pasyan, men pasyans lan gen limit, Chen grangou pa jwe.

8) Gouvènman kap vini la ap trè teknik, men malerezman vye rat politisyen isit pap kite yo delivre machandiz la. Nan sans sa a mwen wè avni peyi a trè sonb.

9) Anpil machandaj pral fèt nan palman an pou yo kite yo pase. Si yo pase se pral aprè gro negosyasyon lamama ak òf pòs. Opsyon sa pral fè palmantè yo genyen pye yo mare nan chèz, yap gen grenn zannno kay ofèv, donk yo pap ka kontrole egzekitif la vreman. Si Gouvènman an pa pase, sa vle di yo rejte « Declaration de politiques générales » li ya, nap nan zen pi rèd. Entèpretasyon ti pati ki di «La procédure recommence » lan pral fè gwo deba. Anpil nèg pral
sispèsta nan bay gwo eksplikasyon gwo liv, gen lòt tou ki pral “voye vant yo”.

10) Nou genyen premye semèn mwa mas la pou gouvènman monte, KEP monte, komisyon Evalyasyon Eleksyon monte (li menm li ka tann dezyèm semèn nan). Si sa pa fèt,transition an ap dire pi piti 1 an. A bon entendeur, salut !

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents