Nou dwe mande tèt nou poukisa se nan gwo goumen pou ke direktè Sant tabilasyon an te gen aksè a lojisyèl Sant tabilasyon an nan kad eleksyon 20 Novanm 2016 yo nan yon peyi “Souvren”?
May
19 nov.
Thomas Sankara, nan Burkina Faso, te di li pa gen pwoblèm resevwa èd kap ede peyi a sòti nan èd. Ayiti resevwa anpil èd chango! Se èd ki kenbe peyi a nan èd total kapital, sa vle di, depandans total, je fèmen; se de èd anpwazonen ki kokobe, desounen ak zonbifye lespri ak nanm peyi a ak Pèp la.
Depi 2005, Sant tabilasyon an nan men teknisyen etranje kote yo fè e defè eleksyon ki pa janm reflete volonte Pèp Ayisyen an. Ane pase, koze sant tabilasyon sa a bay anpil tèt chaje nan chanje done, ak fòs 628,000 vòt zonbi.
Nou dwe mande tèt nou poukisa se nan gwo goumen pou ke direktè Sant tabilasyon an te gen aksè a lojisyèl Sant tabilasyon an nan kad eleksyon 20 Novanm 2016 yo nan yon peyi “Souvren”? Pou ke se Jedi nan lasware 17 Novanm a 2 jou (48 èdtan) de eleksyon yo ke direktè a finalman gen mo pas pou lojisyèl kap kontwole done kap sòti nan biwo vòt yo.
213 lane de sa, nan lasware 17 a 18 Novanm 1803, zansèt nou yo te nan aso final kont kolon yo ki te pral ba nou Endepandans ak Emansipasyon zam alamen. Jounen Jodi a, 18 Novanm 2016, nou anba lokipasyon, sou titèl total pou menm yon mo pas yon lojisyèl nan sant tabilasyon, se nan goumen pou nou rive jwenn li e pran kontwòl pwosesis la. Sak pase la a? Nou pa gen teknisyen an lojisyèl? Èske gen yon bagay Ayisyen pa ka fè lè li vini pou siviv? De 2005 a 2016, pa gen okenn Ayisyen nan peyi a ki te kapab aprann lojisyèl andedan sant tabilasyon an?
Nou ka bezwen èd, se vre, men, fòk nou pa tonbe nan ridikil nonplis sou kesyon an. Sa se yon fason pale. Men gen yon bann ak yon pakèt teknisyen Ayisyen kalifye ki gen metriz kesyon lojisyèl yo deja, e nan peyi a, e nan lòt peyi ki alatèt anpil gwo konpayi. Fòk nou pa kite moun betize ak nou. Mezanmi, sa se mwenn bagay nou ka fè pou tèt nou. Sikoz depandans la si tèlman fò nan lespri ak nanm nou ke nou mande èd pou menm de bagay nou kapab fè san gwo pwoblèm, ni gwo jefò. SA GRAV!!!
Poukisa nou nan eta sa a? Se jisteman paske klas dominan yo ak peyi kolon enperyalis yo fè fayit total nan vini ak yon pwojè sosyete ki ka benefisye Pèp la, menmsi, pa kont, yo byen jere pwofi kap rantre nan pòch yo sou do Mas Popilè yo. Se klas reyaksyonè yo nan peyi a sou lobedyans peyi kolon enperyalis yo ki mete peyi a nan eta sa a.
Pou tout sa chanje, fòk mas popilè yo rive fè yon revolisyon nan lespri yo ak nanm yo pou yo rive wè sa pa kapab kontinye konsa, e ke fòk se yo menm ki pou mete yon fen a dezas/kalamite, kapitalis-enperyalis yo enpoze sou yo a.
Le CEP prend enfin le contrôle du centre de Tabulation, selon Pierre Espérance
Haiti/Elections : Jour "J"-2, le CEP a le plein contrôle du CTV selon Pierre Esspérance Port-au-Prince, vendredi 18 novembre 2016 (rezonodwes.com).- A moins de 48 heures du déroulement du scruti...

Commenter cet article