Mwen dakò avèk ou pa gen onorab ditou nan paleman an. Se yon bann ak yon pakèt sousou kolon yo mete la pou fè kòb epi defann enterè yo nan vann resous ak richès natirèl peyi a epi ede peze-souse Pèp Travayè a nan peyi a.
Se yon bann machann peyi ak machann fòs travay bon mache Pèp la. Sèl sa yo konn fè trè byen se vòlè, gagòt, gabji, vyolans ak koripsyon. Se pou sa priyorite yo se vote pwojè lwa sou swadizan difamasyon paske yo pa vle pesonn lonje dwèt sou yo akoz dwèt long siperyè yo. Se sa e se sa sèlman kap regle nan zafè lwa kont difamasyon an.
Mwen pa dakò ak ou lè w di, “VOUS AGISSEZ PAR IGNORANCE.” Okontrè, yap aji an konesans de koz a 100%. Yo gen mèt e mèt yo se kolon lokal ak etranje yo. Yo konnen yo la pou fè travay moun sila yo. E nan fè travay malonèt sa a, yap jwenn moso gato pa yo. Kidonk, yap aji plito par ensousyans, enkonsyans, an bon jan reyaksyonè, moun de dwat e neyo-divalyeris.
/https%3A%2F%2Frezonodwes.com%2Fwp-content%2Fuploads%2F2017%2F03%2Fgarry-muzeau-1.png)
Lettre ouverte aux parlementaires! par Garry Muzeau
Jeudi 23 mars 2017 ((rezonodwes.com))- Honorables Sénateurs, Honorables Députés, Permettez-moi de vous signifier que dans une proportion de plus de 80%, vous qui composez le Parlement haïtien, ...
https://rezonodwes.com/lettre-ouverte-aux-parlementaires-par-garry-muzeau/
Commenter cet article