Pawòl la di, “lè vakabon opouvwa, plas moun serye se nan prizon!” trè byen tradui espri pwojè lwa sou difamasyon sa a. An jeneral, moun kap denonse malfra kap fè koripsyon, gagòt, gabji, vòl, move zafè se moun de byen; lwa sa a vize mete baboukèt nan bouch yo otreman yap manje pèn prizon pou swadizan difamasyon kont koriptè yo. Se yon lwa ki pou pwoteje moun ki nan koripsyon yo e ki pral lejitime, legalize enpinite tout malfra nan administrasyon piblik ak sektè prive a.
Kidonk, paleman tenten an ap etabli wayom simityè nan peyi d Ayiti ak lwa selera sa a. Tout moun serye dwe kanpe an kwa anfas pwojè lwa sa a depi kounye a swa pou li pa rive pase ditou; e si pa malè li ta rive pase diferan etap yo, goumen pou abolisyon li tou senpleman epi dezobeyi li an mas nan gwo mobilizasyon ak manifestasyon nan lari pou Pèp la denonse tout koripsyon, tout gagòt, tout vòl kap fèt epi moun kap fè yo a.
Deplizanpli, mwen reyalize, ann Ayiti tou kòm atravè lemond, rezon ki esplike tout povrete sa a, tout mizè sa a nan lemond se paske moun kap dirije yo, ki gen pouvwa ekonomik ak politik nan men yo pa moun vre. Yo pa Homo sapiens sapiens vre. Yo plis Homo sapiens cannibalis. Yo gen resanblans nou, petèt gen menm kòd jenetik ak nou men yo pa rive atenn nivo konsyans ki ta fè yo moun tout bon. Se sa ki esplike nou ka gen de enègimèn tankou Hitler, Mussolini, Duvalier, epi enègimèn ki konstitye chèf nan peyi d Ayiti yo.
Konsa, nou ka konprann esklavajis yo, fonsye yo ansanm ak kapitalis/boujwa fè pati espès sa a, Homo sapiens cannibalis la. Yo rayi moun. Se sak fè yo pa gen pwoblèm touye nou pou ti krik, ti krak, peze-souse nou, eksplwate nou a lekstrèm. Kidonk, nou menm moun, Homo sapiens sapiens, dwe leve kanpe kont kanibal yo non sèlman ann Ayiti men sou tout planèt la.
/https%3A%2F%2Frezonodwes.com%2Fwp-content%2Fuploads%2F2016%2F01%2Fsenat-haiti.jpg)
Sénat : Texte de la Proposition de loi portant sur la diffamation!
Vendredi 24 mars 2017 ((rezonodwes.com))- PROPOSITION DE LOI PORTANT SUR LA DIFFAMATION Vu les articles 28 et 29 de la Constitution amendée de 1987 ; Vu les articles 313 à 322 du code pénal haï...
https://rezonodwes.com/senat-texte-de-la-proposition-de-loi-portant-sur-la-diffamation/
Commenter cet article