kreyolconnection • il y a 21 heures
Ala kote gen koze mezanmi!
Nan peyi Lilabèy, se kabwa k rale bèf, se devan pòt ki sèvi dèyè kay.
Nan jwèt konsa, nou pa p sispann fè laviwonn dede!
Pou de twa grenn dola ewopeyen, reskonsab frankofil bankal ministè edikasyon Ayiti yo mare konplo ak blan fransè nan espektak sinema gratis frankochònri pou souflete Akademi Kreyòl Ayisyen an, la a, nan figi tout pèp la, gwo jounen, nan lane 2017, an plen venteyinyèm syèk!
Ala kote gen voksal mezanmi!
Si se konsa, nou fèk kare kontinye fè lagolago ak lamayòt lontan aprè madigra!
/https%3A%2F%2Fwww.radiotelevisioncaraibes.com%2Ffiles.php%3Ffile%3Dnewsphoto%2Ffeuilleton_francais_639031478.jpg)
Un feuilleton en Créole pour l'apprentissage du Français
Le ministre de L'Education nationale et de la Formation professionnelle (Menfp), Pierre Agénor Cadet, en compagnie de l'Ambassadeur de France en Haïti, Elisabeth Beton Délègue, ont procédé, l...
Commenter cet article