Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lu sur le net à propos de la promesse de l'inculpé fait-président d'électricité 24h/24 dans tout le pays en 2019 : "Suiv mouche byen e wap ka wè sentòm yon kondisyon ki rele “Twoub manyako depresif.” (mis à jour)

Publié par siel sur 20 Juin 2017, 11:59am

Catégories : #LU SUR LE NET, #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #DUVALIER, #PEUPLE sans mémoire...

Lu sur le net à propos de la promesse de l'inculpé fait-président d'électricité 24h/24 dans tout le pays en 2019  : "Suiv mouche byen e wap ka wè sentòm yon kondisyon ki rele “Twoub manyako depresif.” (mis à jour)

Moun ki soufri ak kondisyon sa a trè grandyoz; yo di anpil bagay grandyoz e yo vle se yo ki pou ap fè yon pakèt bagay san reflechi; yo pa ka chita anplas; e yo awogan.

Youn nan rezon ki fè mouche ap dirije sou mòd kanpay elektoral se jisteman paske li konsyan trè klèman se pat kanpay elektoral ki mete l “prezidan” Jodi a. Kidonk, psikolojikman, li panse fòk li kontinye fè kanpay elektoral la epi kontinye eseye konvenk moun li te mennen kanpay elektoral anvan yo te deklare l “prezidan.” Fòk li pa bliye tou KEP a pat fè yon konferans pou laprès pou te anonse rezilta eleksyon yo; li te annik lage rezilta a nan sit wèb la. E sa trè siyifikatif politikman. Andotre tèm, yo pat wè figi yo kanpe devan kamera ak jounalis pou lage kalite manti sa a. Sa tap parèt aklè nan figi yo.

Kidonk, se toujou an mòd kanpay elektoral, mouche espere kontinye fonksyone jouk li fin fè 5 kan li a. Li pa bezwen konnen kisa kap vin apre. Sèl sa ki enpòtan pou li se moman an. Fòk li di de bagay grandyoz; fòk li etone moun; fòk li fè dè pwomès fafeli tout jan, tout mannyè.

Suiv mouche byen e wap ka wè sentòm yon kondisyon ki rele “Twoub manyako depresif.” Moun ki soufri ak kondisyon sa a trè grandyoz; yo di anpil bagay grandyoz e yo vle se yo ki pou ap fè yon pakèt bagay san reflechi; yo pa ka chita anplas; e yo awogan. Yo trè kwè nan tèt yo e eksesivman endividyalis. Tout sa lye a lespri grandyoz la. Men tanzantan yo fè depresyon tou.

Grandyozite a kenbe yo “high” tankou moun kap pran dwòg pou kenbe tèt yo “high.” Yap di w tout sa ou vle tande nan moman an kitaske anyen nan sa yo di yo pa reyalizab vre. Yo vle fè moun kwè yo gen gwo vizyon. Se zafè k gade nou si nou vle pran nan pawòl grandyozite moun sila yo.

Sou kesyon elektrisite a, ann gade ki dispozisyon gouvènman an pral pran depi kounye a pou nou gen elektrisite 24 sou 24 disi 2019 kidonk nan 18 a 24 mwa konsa. Epi kouman mouche fè konnen TPS la pral pwolonje yon lòt 12 mwa ankò? M ta renmen mouche esplike pi klèman karavan jistis la lè nou konnen travayè nan bwat leta OAVCT ap fè revandikasyon depi 3 semèn ki pa janm respekte; komisè gouvènman nan Pòtoprens mete kominike deyò pou felisite lapolis sou jan yo tal maspinnen Ouvriye nan faktori soutretans yo kap revandike 800 goud pa jou e li mande tou pou lapolis anpeche Ouvriye manifeste sou wout ayewopò a; etidyan ak pwofesè pran lari pou pwoteste lefèt pwofesè yo pa touché pandan plizyè mwa pandan yo gen madanm, pitit, fanmi pou okipe. Devan tout priyorite dè priyorite sila yo, mouche a ap divage sou mete sou pye lame.

Mezanmi, tout sa pou di, nou anfas yon jèn pèsonaj kap soufri ak yon kondisyon de “Twoub Manyako depresif.” Fòk nou trè veyatif pou nou pa pran nan koze kredi.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents