Minis Ayisyen Dyaspora, Stephanie Auguste, mande Ofis Nasyonal Idantifikasyon atravè direktè a, Wilson Fièvre, pou ta enplante yon kat idantifikasyon nasyonal ekstèn pou Ayisyen kap viv a letranje. Sa vle di, anplis $1.50 ak prelèvman sou minit apèl telefonik nou yo, bann mafya rejim tèt kale/kale tèt yo bezwen takse dyaspora a pi plis toujou.
Anplis, yo vle vòlò yon lòt sòm de 10,000 goud pa lane sou chak Ayisyen nan dyaspora a si yo vle jwenn nenpòt sèvis nan men enstitisyon piblik yo ann Ayiti. SA RELE VÒLÈ!!! Li pa gen lòt non.
Se pa nan 3 Wa sèlman nou pran la a non. Gen lè fòk nou ajoute yon lòt Wa oubyen plizyè lòt Wa nan sa nou pran la a, mezanmi. Gen lè tou, dyaspora a tounen ZONBI! Kilè nap leve kanpe ansanm ak Pèp la sou teren an pou rele, “ANMWE, BARE VÒLÒ DÈYÈ BANN MAFYA YO NAN PEYI D AYITI!!!”
Kanmarad Kawonabo
/https%3A%2F%2Fi2.wp.com%2Frezonodwes.com%2Fwp-content%2Fuploads%2F2017%2F07%2FMinistreStep.jpg%3Ffit%3D960%2C640%26ssl%3D1)
Haiti/Diaspora: Une carte d'identification externe, pourquoi faire ?
Au niveau du droit sur les relations diplomatiques, le passeport à lui seul identifie le citoyen étranger en déplacement vers un pays d'accueil Port-au-Prince, samedi 15 juillet 2017 ...
https://rezonodwes.com/haitidiaspora-une-carte-didentification-externe-pourquoi-faire/
Commenter cet article