Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lu sur le net " Lajan ki afekte a paleman an plis ke doub sa ki alwe a lasante. Se yon grabday ki ale pou lasante. Se yon grabday ki ale pou ledikasyon. Se yon grabday ki ale pou agrikilti. Pi gwo mago a ale pou palman an ak prezidans la..."

Publié par siel sur 16 Septembre 2017, 09:23am

Catégories : #LU SUR LE NET, #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

Lu sur le net " Lajan ki afekte a paleman an plis ke doub sa ki alwe a lasante. Se yon grabday ki ale pou lasante. Se yon grabday ki ale pou ledikasyon. Se yon grabday ki ale pou agrikilti. Pi gwo mago a ale pou palman an ak prezidans la..."

Mario Caonabo
septembre 16, 2017 à 6:52
Ou twonpe w grandman! Objektif enpozisyon taks ak tarif gouvènman Moise/Lafontant an se pa devlopman peyi a okenn. Lajan ki afekte a paleman an plis ke doub sa ki alwe a lasante. Se yon grabday ki ale pou lasante. Se yon grabday ki ale pou ledikasyon. Se yon grabday ki ale pou agrikilti. Pi gwo mago a ale pou palman an ak prezidans la. Se yon sous revni pou gwose kofrefò pou boujwazi biwokratik la akimile kapital apati pozisyon yo okipe nan leta a. Dayè, gouvènman sa a se yon sipòtè enkondisyonèl plan neyoliberal peyi kolon enperyalis yo ap aplike nan peyi a. Plan sa a detwi tout endistri nasyonal nou yo.

Kounye a, peyi a pap pwodui anyen ditou. Debakman pwodui pèpè detwi tout pwodiksyon nasyonal. Plan neyo liberal la se yon plan lanmò e se li gouvènman sa a sipòte menm jan ak sila ki te vini anvan li yo. Destriksyon pwodiksyon nasyonal la se baz destriksyon peyi a ak pèp la. Lè w pa gen pwodiksyon nasyonal, ou pa gen devlopman posib e plan neyo liberal la kont pwodiksyon nasyonal.

Kidonk, lajan taks ak tarif gouvènman an ap pouse pou li yo pa pou devlopman peyi a ditou. Li nayif pou nou panse se taks ak tarif ki pral devlope peyi a sou okenn fòm. Se boujwazi biwokratik la kap devlope mekanism pou akimile kapital, pwen bar. Se pou sa yo bezwen retounen ak lame kraze zo a, pran kontwòl dirèk lapolis la, e mete kanpe fòs paramilitè tankou ataché yo. Brèf, yo vle tounen ak yon lòt fòm de Tonton makout nan peyi a.

Pèp Ayisyen an trè entelijan. Sanble ou pa rekonèt kapasite Pèp Ayisyen an pou wè sa kap pase anba je yo. Anpil moun depi kèk tan tap di, yo pa konprann kouman èske Pèp Ayisyen an pa janm reyaji fas a tout gabji, koripsyon, vòl otorite leta yo ap komèt nan peyi a. Yo menm mande èske Pèp Ayisyen an tounen zonbi?

Epi, osito Pèp la leve kanpe, nou vle fè konprann se “lidè” politik kap manipile yo. Sèten nan nou refize mete nan zo bwa tèt nou ke Pèp Ayisyen an entelijan. Nou pa reyalize, nan jounen Jodi a, se “lidè” politik yo kap suiv mouvman Pèp la e pa lenvès.

Ou di “Viv yon vrè revolisyon san blofè ki sou teren an.” Dakò! Men tousuit apre, ou renye revolisyon an paske ou di tou “Viv yon Ayiti kote ni gran nèg ni malere peye taks pou devlopman peyi a.” Pou mwen, revolisyon an se pou fini ak koze gran nèg ak malere a, pwen bar.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents