Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lu sur le net : "Sispann tout vye demagoji tèt anba nou yo. Tout moun konnen se “aloral” tout ekip phtk a fonksyone nèt, tèt kale! Men nou dwe konnen tou TWOU MANTI PA FON!!! "

Publié par siel sur 29 Octobre 2017, 13:16pm

Catégories : #LU SUR LE NET, #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

Mario Caonabo
28 octobre 2017 à 11:14
Permalink
Tout moun konnen Ocnam se ti kòk a Jomo, pa gen dout nan sa. Tout yon seri eksè zèl ala ti bobo/bòs pent lap fè se pou plè Jomo, e poukipa, nan pwòp benefis li tou.

Lòt koze yo, premyèman, Pèp Ayisyen pa bay Jomo okenn manda 5 kan. Se sektè prive a ak peyi kolon enperyalis yo ki enpoze l (PWEN BAR). Kidonk, li pa “prezidan” Pèp Ayisyen an. Fòk sa klè dabò pou nou tout. Ositou, afè manda 5 kan an, Pèp Ayisyen an pa rekonèt li. Se bagay ki gade sila yo ki mete mouche nan tèt leta a pou defann enterè gwo zouzoun lokal ak entènasyonal yo.

Dezyèmman, jiska dat, Jomo antere konstitisyon an ak tout lwa repiblik “bannann” la, peyi yo fè tounen savann la. Gen pwojè lwa sou difamasyon (ki deja vote nan sena kwoupyon an) kote lap pouse palmantè vote pou mete baboukèt nan bouch laprès ak pèp la. Gen enstitisyon sila yo ULCC, UCREF ki sipoze endepandan, li foure anba zesèl li; gen lwa finans 2017-2018 la ki se yon bidjè kriminèl kont Pèp Ayisyen an. Gen tou tout pratik represyon kap fèt kont manifestasyon Pèp la nan lari a atravè lapolis ak eskadwon lanmò yo. Kidonk, vreman vre, pa gen yon sèl zak gouvènman komokyèl sa a poze ki pa ale nan liy dwat pou kraze konstitisyon an ak lwa repiblik la.

Twazyèmman, kouman ou ka di “prezidans” la pa imise nan koulwa yon lòt pouvwa alòske nou trete pouvwa jidisyè a an paran pov. Lwa finans 2017-2018 la montre sa klè. Dayè, anpil jij denonse sa sitèlman yo bijo rantre an grèv paske nap maltrete yo. Nou pa ba yo resous pou yo fè travay yo, youn, e de, nou ankouraje koripsyon kap gangrennen enstitisyon jidisyè a. Separasyon pouvwa a an mèt jwèt la pa vle di pou nou kenbe tout pou nou epi vag pouvwa jidisyè a nan alokasyon adekwa finansman enstitisyon yo.

Sòmtout, sispann trete moun ann enbesil ki pa ka wè sa nap regle toutbon nan peyi a, ok. Sispann tout vye demagoji tèt anba nou yo. Tout moun konnen se “aloral” tout ekip phtk a fonksyone nèt, tèt kale! Men nou dwe konnen tou TWOU MANTI PA FON!!!

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents