Sa divès prezime koupab nan gagotaj fon petwokaribe yo ap fè la a nan ekri lèt voye pou palman an, nan eseye founi dokiman pou tabli inosans yo, tout sa se demagoji. Sa sèlman ap ranfòse pèsepsyon piblik de sispisyon sou aktivite ilisit yo.
Mwen sijere tout moun ki endekse nan rapò komisyon sena a sou gagòtaj fon petwokaribe a pou yo ta tann lajistis fè travay li. Ann atandan, yo menm yo gen dwa koumanse prepare dosye yo paske dapre lalwa, gen yon prezonpsyon inosans jiskaske yon tribinal pran yon desizyon e tranche sou dosye a.
Kidonk, pa gen okenn rezon pou yo antyoutyout, ap plede anmède kò yo, anmède moun ak deklarasyon sou deklarasyon. Plis deklarasyon yo fè, se pi plis yap ranfòse pèsepsyon kilpabilite yo nan popilasyon an ak onivo entènasyonal.
Pandanstan, popilasyon an dwe trè veyatif tou sou kouman lajistis ap trete tout dosye sou gagotaj fon petwokaribe a pou ti nèg d Ayiti pa bay lajan anba tab pou achte inosans yo. Nou konnen jan koripsyon an anvayi tout enstitisyon yo nan peyi a kote yo vann jistis agogo nan ENPINITE TOTAL. NOU DWE EKSESIVMAN VIJILAN POU NOU KWAPE ENPINITE NAN PEYI A!!!
Kanmarad Kawonabo
/https%3A%2F%2Fi2.wp.com%2Frezonodwes.com%2Fwp-content%2Fuploads%2F2017%2F11%2F2E5361CD-D717-4891-9187-4BBF992FF038.jpeg%3Ffit%3D960%2C773%26ssl%3D1)
Rapport Beauplan : Lamothe apporte des preuves de son innocence sur un projet
Par Dieudonné ST-CYR Épinglé dans la conclusion du rapport d'enquête du sénat sur les fonds Petro Caribe, Laurent Salvador Lamothe, continue à confronter les données inscrites dans le rappor...
https://rezonodwes.com/rapport-beauplan-lamothe-apporte-des-preuves-de-son-innocence-sur-un-projet/
Commenter cet article