Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lu sur le net : 'Plis nap denonse 'enkoyerans' rapò a, se plis nap foure tèt nou nan yon nas espageti. '

Publié par siel sur 23 Novembre 2017, 11:15am

Catégories : #LU SUR LE NET, #AYITI ACTUALITES, #AYITI EXTREME DROITE, #AYITI ROSE RAKET, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

Mèsye e Dam, souple, souple, souple, fini tout fuit ann avan nap fè la a nan ekri tèks pou lave nou de kilpabilite nan gagotaj fon petwokaribe yo (PRÈSLE 4 MILYA DOLA VÈT WI). Nou tout te nan sant desizyon fon petwokaribe yo a diferan moman. E dapre sa nou di nan tèks nap mete deyò yo, nou youn pa montre nou gen okenn responsabilite nan dilapidasyon fon petwokaribe yo. Sa vle di gen yon “Zonbi,” yon “Dyab,” yon “Envizib” an kèlkesòt ki responsab GWO KRIM FISKAL AK FINANSYÈ ISTORIK SA A. NOU VRÈMAN SANWONT AN KARAKTÈ E SAN PÈSONALITE!

Men fout tonnè mezanmi, bay lajistis tan pou poze nou kesyon e na reponn lajistis. Sa nap pale la yo pa enterese Pèp Ayisyen an ditou, ditou. Sa pèp la konnen sèlman gen 4 milya dola vèt ki fè fon sou jesyon nou pandan pèp la ap naje nan yon mizè nwa san limit. Komisyon sena a ki pwodui rapò a, fòk li te koumanse yon kote kanmenm. Kidonk, li endekse moun ki te gen kèlkonk desizyon yo te pran nan fonksyonman fon petwokaribe a. SE TOU.

Kounye a, si nou gen yon demanti, se nan tribinal pou nou al reponn e lè sa a, na pote demanti nou yo. Sispann anmède santé moun ak demanti pakoti nou yo. SA PA VLE DI YON MERDE! Okontrè, se pi fon, e pi rèd, nap kreye sispisyon popilè a sou jesyon nou de fon piblik yo an jeneral, e fon petwokaribe yo an patikilye. Plis nap denonse “enkoyerans” rapò a, se plis nap foure tèt nou nan yon nas espageti. SISPANN MESYE DAM!!!
Kanmarad Kawonabo

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents