Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lu sur le net : 'Sepandan, gade ki moun ki lanse apèl la! Èske w deside pase moun nan betiz toutbon?' A propos de la décision de l'inculpé fait-président de renforcer 'le dialogue politique permanent'

Publié par siel sur 25 Décembre 2017, 10:32am

Catégories : #LU SUR LE NET, #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

Lu sur le net : 'Sepandan, gade ki moun ki lanse apèl la! Èske w deside pase moun nan betiz toutbon?' A propos de la décision de l'inculpé fait-président de renforcer 'le dialogue politique permanent'

Mario Caonabo
24 décembre 2017 à 5:07
Permalink
Li toujou politikman kòrèk oubyen alamòd oubyen tou seksi pou fè apèl a dyalòg. Sa toujou sonnen byen nan tèt oubyen zòrèy tout moun. SE TRÈ BYEN SA!!! Sepandan, gade ki moun ki lanse apèl la! Èske w deside pase moun nan betiz toutbon? Èske ou pran tout Ayisyen kòm yon bann ak pakèt enbesil, moun sòt, san tèt, san nanm, san intelijans? Nan ki planèt ou panse w ap viv? Blan yo ak lelit voras lokal la mete w alatèt yon leta an dekonpozisyon ak pourisman an pèmanans kont peyi a ak Pèp Ayisyen an.

E depi 10 mwa, se nan kraze brize ou ye, kraze ak kowonp tout enstitisyon de kontwòl sou pouvwa a, antoure w ak bann koriptè/kowonpi, sitiyasyon enkilpe w la pa janm klarifye, ou bloke rapò petwokaribe sou gagotaj prèske 4 milya dola vèt fon petwokaribe ki endekse plizyè tèt de pon nan pouvwa w la ak pati politik ou a.

Pèp la pa sèlman gen diferans sekongè ak ou men de diferans fondamantal kote w mare sosis ou ak boujwa e peyi kolon enperyalis pou kraze peyi a ak Pèp Ayisyen. Sepandan Pèp Ayisyen an gen enterè bloke w ak zakolit ou yo. Nou rive konprann byen “dyalòg” ou a se yon po kann ak tout foumi ladann ou pare pou moun ki egare yo. Tout moun konnen se jwèt mètdam ou toujou ap fè. Sa raple nou tou Fable La Fontaine la:

“Le Corbeau et Le Renard”:

Maître Corbeau, sur un arbre perché,
Tenait en son bec un fromage.
Maître Renard, par l’odeur alléché,
Lui tint à peu près ce langage :
Et bonjour, Monsieur du Corbeau.
Que vous êtes joli ! que vous me semblez beau !
Sans mentir, si votre ramage
Se rapporte à votre plumage,
Vous êtes le Phénix des hôtes de ces bois.
À ces mots, le Corbeau ne se sent pas de joie ;
Et pour montrer sa belle voix,
Il ouvre un large bec, laisse tomber sa proie.
Le Renard s’en saisit, et dit : Mon bon Monsieur,
Apprenez que tout flatteur
Vit aux dépens de celui qui l’écoute.
Cette leçon vaut bien un fromage, sans doute.
Le Corbeau honteux et confus
Jura, mais un peu tard, qu’on ne l’y prendrait plus.

Alò, malè a tout moun ki vle bay Jomo, reprezantan fidèl tout lenmi Pèp Ayisyen an, lekoutans yo. Nou menm Pèp Ayisyen pa kapab nan okenn fòm dyalòg ak koriptè/kowonpi, blanchisè tout kalite, piyajè fon petwokaribe, moun kap vote bidjè kriminèl kont nou elatriye. E nou pap bliye, INITE POUL AK RAVÈT FÈT ANNDAN VANT POUL LA!

Non mèsi pou dyalòg pwazon, dyalòg pyeje! POU LANE 2018 LA, NAP FÈ DYALÒG OTONÒM NOU NAN KAN PÈP LA POU KONSTWI FÒS NESESÈ POU RACHE MANYÒK TOUT EKSPLWATÈ, TOUT RAKETÈ, TOUT BLANCHISÈ LAJAN, TOUT GAGOTÈ FON PETWOKARIBE YO, TOUT KORIPTÈ, TOUT KOWONPI, E LATRIYE, NAN PEYI D AYITI.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents