Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lu sur le net : 'Nou plis enterese plen pòch nou jouk lajan sòti nan twou nen nou epi nap pran pòz nou konsènen ...' A propos de l'avis à la population de la Protection civile pour cause de mauvais temps

Publié par RezoNodwès sur 4 Janvier 2018, 18:16pm

Catégories : #LU SUR LE NET, #AYITI ROSE RAKET, #AYITI EXTREME DROITE, #PEUPLE sans mémoire..., #DUVALIER

Se yon bagay pou enfòme moun yo de evantyalite tanpèt lapli, posibilite inondasyon, glisman labou elatriye. Se yon lòt, pou moun yo gen altènativ kote pou yo ale si pou yo mete yo alabri. An jeneral, moun yo pa gen lòt kote an sekirite yo kapab ale. Kidonk, se toujou pawòl van lè se annik apèl sa yo nou fè san bay moun yo yon mwayen pou yo sove po yo toutbon. Si nou pat yon leta iresponsab, nou tap gen yon politik lojman sosyo de kalite pou popilasyon an, sitou sila ki nan pi gwo risk yo.
Nou plis enterese plen pòch nou jouk lajan sòti nan twou nen nou epi nap pran pòz nou konsènen a chak fwa entanperi yo pare pou frape. E nou konnen vilnerabilite plizyè lokalite ak rejyon nan peyi a fas dezas natirèl yo. Pa gen okenn politik prevansyon serye nou janm pran sitèlman nou fout vag popilasyon an. Bann malpwòp!!! JOU VA, JOU VYEN! YON JOU POU CHASÈ, YON JOU POU JIBYE!!!

Kanmarad Kawonabo

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents