Pwen final! Match fini! Sa k vle kontan, kontan! Sa k vle fache, fache!
Bon! Ki nesesite yo te genyen pou yo mache chache pa si pa la, chire soulye, gaye pay, fè pye yo blanch dèyè prete 9 manm pou yo monte on KEP tou 9? Pou ki sa yo te kite moun ap pase yo nan betiz kòmkwa si yo pa gen 9 yo pa p 6 alòske solisyon poblèm lan nan pla men yo?
Kòm si yo te bliye pa w se pa w; chodyè prete menm si l tou 9 pa sa kuit pwa sèch. Kòm si yo te bliye chodyè tou 9 pou chodyè tou 9, yo gen pwòp chodyè tou 9 pa yo. Pye bèf pou pye bèf se pou yo te pran l nan palan pa yo?
Ki sa yo t ap tann pou yo mete pwòp chodyè 9 pa yo sou dife? Chodyè tou 9 pa yo pou yo kuit eleksyon pa yo pou kò yo, pou yo separe manje a pou kò yo, bay moun pa yo pouvwa pou yo kontinye fè 0 tounen 9.
Sòt fè w swe li pa touye w. Erèzman yo retounen nan nòmal yo. Bonnanj yo tounen sou yo. 9 pou 9. 9 sou 9. G 9 pou K 9. Senkant kòb pou de gouden. G 9 tounen KEP 9.
Pawòl anpil la fini. Bal la fini! Zafè tout moun ki t ap fè tapi! Zafè tout moun ki te ret kanpe nan kwen ap fè kazwèl refize rantre nan won.
OTORITE YO annik chwazi 9 chèf gang ki alatèt G 9 la pou yo fè yon KEP tou 9... epi pwen final, pwen ba! Kabal la kaba!
G 9 pou K 9 tou 9!
1) Barbecue - Prezidan
2) Ti Junior - Vis Prezidan
3) Iska - Sekretè
4) Sonson - Trezorye
5) Krisla - Konseye
6) Micanor - Konseye
7) Coby - Konseye
8) Mackenson. -Konseye
9) Deporté - Konseye
Woy! Woy! Poblèm pa p janm fini, pa gen yon grenn fanm nan KEP tou 9 JoMo ak JJ a.
/image%2F1034110%2F20200917%2Fob_522a4d_yosilrcrmccfi6g.jpg)
Commenter cet article