Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Dòmi san soupe. Par MAPL

Publié par siel sur 8 Mai 2013, 12:13pm

Catégories : #CULTURE


Yo ta vle voye yon fason kozman bwa chat
Malgre lonbrit te tere kote l donnen
Malgre se li sèl ki sèvi n lakòl
Malgre lanmidon l pa pou bonbon
Ni pou pase chemiz blan
Kolon pase nan tenten
Ni pou geri lawoujòl idantite nan pabon
Men pou l tache tout fèy nou youn ak lòt
Fèy ki te anfouraye nan kout gòj daki
Nan plede sèlman repete jenesèki.

Yo fouye tou pou kouvri lapawoli peyi
Paske etranje toujou tou nèf
Ladouskivyen kenèp
Poutèt sa yo vle bay lokal kout poud
Pou pinga seren kofre l anndan
Pou larouze pèp pa fè l fleri.

Mo yo vin moute tab gani
Nan bonjan babako vwazen
Machwè won wè sa l tou chavire
Bonnanj li vole ak zèl rayisman
Li sèmante sèt fwa se poul fè bakad
Pou l neye yo anvan yo pran grès.

Li fè konbit envite malfektè
Pou voye move zè bouyay
Ak espwa pou chen manje chen pete
Fè frè rale koulin sou frè
Pran tèt youn kou kabrit nan jaden.

Bouch sikre pase dous makòs
Flate kou koze ak fanm Kreyòl
Kwi mandyan lonje, lap chache
Pwazon giyonnen griyen dan
Kalomèl pase nan betiz fann fwa.

Men fout tèt zotèy goch li frape tou
L al tonbe sou natif natal
Nèg ki gen lòjòj kanpe tou drèt
Ki pa fè rayisab a pwòp san l
Ki pa jouke nan plantasyon Lisifè
Men k t ap pran bon son depi nan vant
E ki pap fè afè ak lèlmi Desalin.

Jal bowòm lonje l yon kòd sèt longè
Souri tou limen nan figi rat mòde soufle
Pou l di l moute bwa pann tèt ou
Osnon mare tout kina w yo de zèl
Pa menm bay tan pou yon singo.
Mèt la twaze l, tchwipe l, di l hey ti bòs
Pa frenk pran m pou abègèwè
Eskive w la ayizan refleksyon nan dlo klè
Pa pèmèt ou mande m anile tèt mwen
Hey malveyan k ap lote fanmi w pou piyay
Mèt sila l pa frenk pou vann.

Lapli koze k te tonbe pat pou tilezany
Larivyè mo k te desann pat pou krebete
Bagay m pa fèt pou m repete
Mache chache al dòmi san soupe
Kwak sa l jwenn mwayen l leve tou gonfle.
Cordialement/Cordially
MAPL

Genyen moun ki fè listwa; genyen tou listwa fè. Dènye kalte moun sa yo ta dwe retounen donn nan bay listwa si pou lavi kontinye boujonnen. Se paske listwa te bezwen reboujonnen ki fè l te fè yo.
Il y a des gens qui font l'histoire; il y en a que fait l'histoire. Ces derniers doivent lui rendre la réciprocité si le cycle de vie doit continuer. C'est en les créant que l'histoire se recrée.
There are people who make history; there are those made by history. The latter must return the favor if the cycle of life must continue since it is by creating them that history recreates itself.
MAPL

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents