Il n'existe pas de parfaite démocratie. La démocratie est pavée de réflexes ou de reflets dictatoriaux. En Ayiti, il faut bien se rendre à l'évidence, on se bute à d'énormes bosses quasi insurmontables dans ce processus. Il faut vite faire le ménage avant le museau...
- Alo, alo!
- Alo N..., kouman w ye?
- Nou la, n'ap tchenbe
_ Ki nouvèl? W'ap suiv sa k'ap pase an Ayiti?
_ Mè wi, mon chè. W konen...
- W'ap suiv gouvènman roz la?
- W konen yo pa vle wè misye.
- Antre nou, fo k w di ke misye pa fin tro yès non la atitid li
- Ki sa misye fè a pa ke l'ap fè peyi a mache e pi yo pa vle wè'l?
- Ah bon, misye ap fè bèl bagay?
- Mè wiii!
- Dizon ke an Ayiti moun ki konen di ke se projè ki te antame sou Preval ke misye rekipere si w'ap pale de aspè pozitif. Men moun pa ka lan grangou e pi misye lan vanite, ap fè vedèt, ap dilapide lajan lan bagay sipèfisyèl pou mouse imaj li
- Ki sa Preval te fè lan peyi a pandan 2 manda aloske depi Mateli monte se bon bagay l'ap reyalize e pi yo pa vle wè'l?
- Si mwen byen konprand Preval te propoze kandida pa'l, Jude Célestin ak yon mesaj "Kontinyite" e pi ak yon program pou favorize devlopman enfrastrikri. W pa kwè ke se bagay sa yo ke Sweet Micky gen lè pretand ke se li ki fè yo.
- Ki sa w 'ap di konsa? Se Mateli ki gen tan fè tout bagay sa yo jis lan 2 (z)an.
- Mwen pa gny problèm ak li si li fè bon bagay men w dwe konprand ke se wól li an tan ke chef d'Eta. Sepandan w dwe konen ke sa pran tan pou projè reyalize e ke lè se yon bagay ki bon pou peyi a, prezidan ki vini a dwe kontinye yo. W di Preval pa fè anyen pandan tout tan sa a e pi w kwè ke Mateli gen yon bagèt majik. Ki sa Sweet Micky reyalize kon sa?
- Mmmm,mmm! mon chè, w pa konn anyen k'ap pase an Ayiti.
- Ki sa Mateli reyalize konsa?
- Mmmm, mmmm!
_ Mwen pa konn tout sa k'ap pase an Ayiti men mwen ka afime'w ke mwen konn moun ki konn Sweet Micky pèsonèlman e ki rekonèt moun ki ap travay ak gouvènman misye a. Mwen rekonèt lan moun sa yo gen ki kontinye malgre tou tankou gen lan yo ki bije lage paske yo pa fonksyone lan direksyon misye pran yo. Trop koripsyon kontrèman a promès li te fè ke li pwal konbat sa.
_ Si w di'm...
- Eske w konen ke moun ki pa menm lan gwoup politik misye yo te aksepte pote konkou yo e pi misye amize'l l'ap ekzaspere yo, l'ap denigre advèsè politik li yo, l'ap asele opozan e pi li entimide moun ki ap reklame transparans lan fason l'ap jere peyi a...
- Ha! tout bagay sa yo se manti. W konen an Ayiti depi yon moun mouri, yo toujou ap rakonte istwa.
- Mwen pa kwè ke se jis istwa, mwen pa kwè se yon bagay pou moun pran a la lejè lè dirijan peyi a ap bay manti e pi l'ap fè divèsyon pou li pa repond kestyon y'ap poze'l.
- Ah, mon chè, Mateli pran yon peyi kraze e pi se li k'ap mete'l sou pye.
- Tande non, w gen lè blye ke se yon peyi kraze ke JCDivalye te kite e ke pa gen yon nèg ki ta ka chanje bagay yo jan w ta espere a. Menm Mateli, si li te gen konsyans, li pa ta ap di ke se li ki fè jis paske li lonje yon ból manje bay moun.
- Ki sa w'ap di konsa mon chè? Divalye kite yon bèl peyi konsa lan main'n e pi Ayisyen kraze'l. Se Mateli k'ap ranje sa.
- Pouvwa roz la? Eske w konprand sa sa vle di Ayiti louvri pou bizniz? Eske w apsepte move zak Mateli yo e move ekzanpl li reprezante pou jenès Ayisyèn la?
- Yo mete'l la e tout moun te aksepte'l.
- Men se nómal pou yo kritike'l si misye komanse reprezante yon danje pou peyi a, si misye pati pou li vini ak lame pèsonèl li, si li ap fè arete nèg k'ap denonse'l ou k'ap kritike'l, si nom'l ap nomen lan lanmó etranj yon jis ki te responsabl koze lajan peyi a Madanm li ak pitit li ap dilapide... Si misye ap fè moun menas, si l'ap kontinye devègondaj li yo. E sitou, si moun pa ka konen ki sa gouvènman li an ap regle e si se bege ou byen bay manti ki repons li lè ofisyèl ap poze'l kestyon sou sa.
- Ayisyen pa bon e yo pa konn sa yo vle.
- Non, moun lan peyi a te eksprime yo masivman plizyè fwa men patron Mateli yo te toujou gen prop projè pa yo pou Ayiti. Pa enkyete w, yo-menm menm ka choute bounda Mateli. Si jodi a w di'm ke se Mateli k'ap fè lan peyi a, w pa konprand ki bon travay e ki prosesis ki pèmèt misye te ka kandida a la prezidans e ki zak sispèk li te poze pou li te ka rive la itou. W viv lan Kanada e pi w ap apiye diktati k'ap prepare an Ayiti.
- (Li grate tèt li e pi li di'm) Mon chè w pa konn sa k'ap pase an Ayiti.
- Mwen pa kwè mwen bezwen konn plis ke sa...
- M'ale.
- Kóm toujou se yon plezi pou m'kwaze'w. Póte'w byen.
Nèg sa mwen te rankontre jodi a, se yon bon sitwayen. Nou toujou kontan lè nou kwaze. Mwen respekte'l men nou konen ke kilti politik lakay pa anpil, gen antós lan lespri ki pachiman. Yo ret kredil, fanatik sitou lè yo sot menm kote ak chef pouvwa roz la. Nou konstate ke menm lan ka Mateli, gen endividi ki pa aksepte ke yo kritike'l. Yo pa konprand konsèp opozisyon lan demokrasi... lè se moun pa yo. Al tcheke ADN yo na wè. Byen ke m'ap suiv lan demokrasi kote prezidan ou premye minis gen trop pouvwa, se yon sort de diktati li ye.
En d'autres termes, il n'existe pas de parfaite démocratie. La démocratie est pavée de réflexes ou de reflets dictatoriaux. En Ayiti, il faut bien se rendre à l'évidence, on se bute à d'énormes bosses quasi insurmontables dans ce processus. Il faut vite faire le ménage avant le museau...
Commenter cet article