Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Les duvaliéristes et la destruction systématique des valeurs morales

Publié par siel sur 6 Juillet 2010, 09:22am

Catégories : #AYITI EXTREME DROITE

J'ai lu ça sur le net :

 

Yo vole kadav Jimel yon apremidi, lan Tifou, ki lan kwen Chemin des Dalles ak Avenue Magny. Mwen te gen zanmi lan ri Magny e mwen te la lè sa rive.
Tout moun lan zonn nan t al gade.

Se senn saa ke Graham Greene te mete lan fim "Les comédiens" an.

Ensidan saa pase apeprè 1 an apre yo asasinen lot 2 frè Clement Jumelle yo; Chal ak Dikas, lan kwen riyèl Rivyè.

Krim sayo sete komansman sistèm laterè ke Divalye te vinn mete lan peyi a.
-Makout ap rantre kay moun nenpot kilè, touye, vyole, kidnape, disparèt.
-Ou gade yon makout mal, ou gen dwa mouri pou sa.
-Militè vin antre lan makout pou yo siviv.
-Fè timoun sot lekol pou y al gade ekzekisyon piblik.
-Touye moun, kite kadav yo dekonpoze lan lari pou fè moun pè.
-Makout gendwa rantre lan magazen, pran sa l vle san pa gen pesonn ki pou di l anyen.


Moun ki pa konnen ap di ke se pa sou Divalye sèlman te gen krim.
Non, men Divalye enstitisyonalize krim e sak te konn fèt sou rejim saa, lanpwen moun ki te konn wè sa anvan.


Sosyete ayisyèn nan vinn chanje paske yo wè tout bagay sayo pase.
Yo vinn ensensib e iminize devan la vyolans.
Yo te oblije vinn konplis tou, paske yo pa t ka di anyen, a la fen, yo vin aksepte bagay sa yo komsi se nomal.

Moun te tèlman tromatize ke mwen rankontre ansyen zanmi lan Nouyok oubyen Monreyal, jis la yo pè pale.

Sa pa t fè yo anyen si yo wè abi ak asasina devan je yo.

Te tèlman gen krim ke anpil moun al rantre lan makout pou yo pwoteje tèt yo ak fanmi yo, menmsi yo pa t divalyeris.

Mwen te konnen yon nèg ke tout moun konnen, gran karavachè, bel oto, gason brodè, ki te konn al menmen madam li al kay yon gwo makout.
Li chita lan vwati dekapotab li pandan 2 zou 3 è ap tann madam li pandan makout la ap degaje l avè l.

Si peyi a lan eta dekonstonbre li ye jodya, se pa yon zafè ekonomik sèlman non.

Divalye ak ekip li ya, fè 30 an ap dechalbore tout nanm li.
Kestyon lonè, entegrite, renmen peyi, bèl bagay, bèl sosyete, respè pou granmoun, pou drapo, pou istwa peyi a ak tout eritaj Desalin.
Bagay sayo ke anpil ayisyen te pote lan kè yo, sa fini avèk makout yo.

Donk, menm moral peyi a te vinn detwi lan sistèm divalyeris la.

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents