Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Lettre ouverte au président Martelly par Chesnel Phanord

Publié par siel sur 12 Novembre 2013, 17:39pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES

   

LÈT  TOU LOUVRI  POU PREZIDAN  MARTELLY

 

VIVE  LA PAYSANNERIE  HAITIENNE

  

 LÈT  TOU LOUVRI POU PREZIDAN MICHEL JOSEPH MARTELLY : OKAZYON 30 mwa l  sou pouvwa a.

 

PREZIDAN MICHEL JOSEPH MARTELLY

Palè Nasyonal

  

EKSELANS

  

Lèt sila a se pou zafè GATO a ki pa janm byen separe. Gran nèg  yo toujou retire peyizan yo ladan l

  

EKSELANS :  eskize m paske  prezantasyon an ap yon tijan long. Pou mwen li enpòtan akoz laj mwen. Se sou woulib Chesnel ap boule koniyè a.

  

Non mwen se Chesnel Phanord, nèg Plenndelab. Sa vle di : peyizan natif natal. Chesnel  al lekòl   e li gen kèk bon jan diplòm.

  

Moun ki fèm janm ye a se grann mwen : Viergella  (Charite) Talleyrand. Li banm fòmasyon, edikasyon, valè moral, respè pou tout moun, disiplin, konn  tande, konn apresye, konn pataje ; anfen, anfen.

  

Pandan lavi mwen ki ase long (83 nan finisman  ane a), mwen bay anpil  prezidan lanmen. Pèmèt mwen site yo pou fikse pozisyon m.

 

1.- Dumarsais Estimé, sou plas dam Gonaïves. Estimé se prezidan prefere m. Mwen chwazi pou m se youn disip  Estimé.

 

2.- Paul Eugène Magloire. Malgre mwen pat renmen l ditou, men nan New York, mwen bali lanmen 2 oubyen 3 fwa akòz edikasyon m.

 

3.- François Duvalier ke mwen pat renmen tou, men nan okazyon youn fowòm sou edikasyon ( ane 1963 ou 1964) ke yo t ap klotire nan palè nasyonal, Duvalier te prese m lanmen.

 

4.- Jeneral Prezidan Henry Namphy kite vini vizite òganizasyon Sè La Charite yo (Site Solèy) pwobableman sou envitasyon doktè Boulos yo ( papa ak pitit). Jal Regala te la tou. Mwen te direkté teknik nan lekòl St Vincent de Paul e mwen bay 2 toro sa yo lanmen.

 

5.- Prezidan Jean Bertrand Aristide nan plizyè okazyon pandan 3 zan koudeta mesye lame yo te bay pèp la. Ti nèg pat aksepte koudeta a e yo te pran lari, beton an nan plizyè kote nan dyaspora a. Kite m fè tout moun konnen ke la polis Fort Lauderdale( Florida), nan dat 16 Mas 1994 arete 13 nan noumenm nan youn gwoup plis pase 50 vwati kite bloke I 95 la nan rantre Sunrise Blvd. Donk ou wè, Ekselans, ke peyizan konnen sa yo vle.

  

Chesnel Phanord kont koudeta. Men oumenm Prezidan Martelly , atansyon : Sweet Micky ka lage w nan MERA.

  

An pasan, kite m di ou ke lè gouvènman ap retounen an AYITI (1994), msye René Préval te anonse m , ke mwen: Chesnel Phanord, mwen genyen youn biwo nan Palè Nasyonal. E poutan, mwen ale nan pale a 3 fwa: 12 Desanm, 30 Desanm 1994 e 2 Fevrye 1995. Male ak dokiman sou depatman Latibonit an jeneral e Plenndelab an patikilye. Chesnel pa pran djob nan palè a. Mwen pa twò renmen sak ap pase nan palè a. Mwen toujou konnen ti nèg twò flatè e toujou renmen  mete ajenou. Pou sa, mwen gade m. Mwen fè respè m.

 

6.- Kanta Prezidan René Préval se pa pale. René Préval, se pa prezidan an non ; René Préval se neve grann mwen. Nou konprann. E poutan, Chesnel Phanord  pa gen anyen pou l demele ak gouvènman René Préval. Mwen pap di plis pase sa.

  

Avan m pase ak rezon lèt tou louvri sa a, pèmèt  mwen ajoute pou ou Prezidan Martelly ke daprè mwenmenm, se Prezidan Préval ki fè ou kado pouvwa ke w ladan l jodi a. Rezon : fason Prezidan Préval dirije, gouvènen peyi a, espesyalman  apre goudougoudou 12 Janvye 2010 la, fason ke l tap bat pou l dirije eleksyon jeneral yo, pèmèt oumenm,  Prezidan Martelly jwenn fason  pou w fofile kò w, fè pwomès bay blan yo, petèt pwomès ki kont enterè peyi a. Prezidan Martelly ou dwe gen ANPIL REKONESANS pou Prezidan Préval jis  ou mouri.

  

 ANNOU ABODE REZON LÈT TOU LOUVRI SA A

 

1.- Nan dat 14 Novanm 2013 la, Prezidan Martelly ap boukle 30 mwa nan pouvwa a, sa vle di mwatye nan 5 an. Men mwen ta renmen mande l sa l fè  menm pou peyizan : sè m ak frè m ki nan 573 seksyon kominal yo ? Prezidan Martelly sa oumenm ou fè pou peyizan : sè m ak frè m yo kap viv nan 140 komin yo ? Sa w gen lide fè pou : peyizan sè m ak frè m yo k ap monte mòn pa do nan 42 awondisman e  ki san rele san reponn? Sa Prezidan Martelly fè pou: frè m ak sè m yo k ap bat dlo pou fè bè nan tout 10 depatman jeyografik peyi a espesyalman sila yo kinan bidonvil yo?

  

 Prezidan Martelly , e dyaspora a, eske se lajan sèlman lidwe vide nan kès pouvwa a? Ki bon raprochman, ki bon dyalog Prezidan Martelly  anvizaje ak 3 ou 4 milyon sè m ak frè m yo ki gaye toupatou sou latè a ?

   Di nou, Prezidan Martelly,  eske se ti manman cheri, ti plat manje isit lòtbò, ti pwojè isit lòtbò ke oumenm Prezidan Martelly ou genyen kòm  PWOGRAM ? Prezidan Martelly , reflechi byen, ou pa wè ti pwojè sa yo se DIVIZYON yo ap kreye ?  Se batay yo ap kreye. Poukisa gen kote ki pa jwenn anyen? Poukisa se  ti gwoup pa oumenm sèlman k ap benefisye ?

 

2.- Prezidan Martelly eske w byen konprann ki ma swife, nan ki tribilasyon peyizan yo ye jodi a, nan moman sa a?

 

3.- Prezidan Martelly GATO  A  MAL  SEPARE. Fanmi pa ou ak souflantchou ki sou kote w pran 90 ou 95% nan GATO a pou yo sèlman.

 

4.- Prezidan Martelly, peyizan pa bezwen ti manman cheri. Prezidan Martelly, peyizan  pa bezwen ti plat manje isit lòtbò. Tout ti pwojè sa yo , n ap repete : kreye  DIVIZYON, BATAY, LANMO.

   Peyizan yo bouke ak  bann ti bagay sipèfisyèl sa yo gouvènman an ap fè ak LAJAN PETROCARIBE  a.

 

5.-  Prezidan Martelly, peyizan yo pa renmen ditou ditou fason lajan PETRO CARIBE a ap depanse. Prezidan Martelly,  lajan PETROCARIBE ke w pran plezi depanse san kontròl, se gouvènman Prezidan Aristide ak gouvènman Prezidan Préval kite mennen demach sila yo, kite fè kontak bon zanmitay, bon diplomasi ak Cuba ak Vénézuéla ki fè jodi a, oumenm ap kouri adwat agoch kòmsi se demach pa oumenm.

 

6.- Prezidan Martelly, peyizan gen fòs pou travay ; peyizan renmen travay. Prezidan Martelly, peyizan vle travay, yo deside travay lannwit kon lajounen pou pwodui manje agogo pou yomenm ak tout  peyi a. Prezidan Martelly, peyizan fè w konnen  TÈ yo la, toupatou nan peyi a ;ekzanp : depatman Latibonit  genyen 4,886 km2s sipèfisi ; Plato Central  genyen plis pase 3,000km2s sipèfisi e tout lòt depatman yo genyen TÈ, anpil TÈ, bon TÈ pou fè manje an kantite. Avèk agro-endistri, na va  transfòme, konsève  manje sila yo.

 

7.- Prezidan Martelly, peyizan te konn achte INIFOM, LIV e peye kontribisyon pou reparasyon lekòl yo. Prezidan Martelly, peyizan vle, bezwen reprann abitid sa yo. Yo pa renmen ti la charite ou ap fè yo sitou ak anpil piblisite, anpil demagoji, anpil demonstrasyon, anpil grandizè, anpil blòf.

   Prezidan Martelly, peyizan yo bezwen lekòl nan tout 573 seksyon kominal yo. Lekòl byen bati. Ansèyan, edikatè byen fòme, byen prepare e ki devwe, ki patriyòt.

 

8.- Prezidan Martelly, peyizan gen kouraj, yo gen volonte, yo vle travay LATÈ, yo vle mete tout fòs yo deyò pou pwodui manje, anpil manje toupatou, tout kalite manje nan tout kwen ak rakwen peyi a. Men yo bezwen RIVYÈ yo netwaye, BARE, pou TÈ CHARITE ak traktè pou pèmèt dlo al wouze TÈ peyizan yo. TRAKTÈ  pou fè wout pou peyizan kapab al vann pwodui jaden yo.

  

Prezidan Martelly, peyizan bezwen LAK KOLINÈ tou pou bare, kenbe dlo lavalas yo ki toujou ap fè DEGA, ap fè RAVAJ toupatou.

 

9.- Prezidan Martelly, peyizan pa sòt pase sa. Yo konprann trè byen sa nèg ki chita nan pouvwa vètikal pòtoprens la ap fè pèp ayisyen an pase. Blan di : ELIMINE TOUT KOCHON KREYOL, nèg nan pouvwa ekzekite lòd blan bayo prese prese. Blan òdone : ELIMINE, DISPARÈT tout izinn sik ki genyen, mesye << yes sir>> yo, pwobableman touché pou sa,  kouri ak vitès DEMANTIBILE tout 4 izinn sik peyi a te genyen .  Blan pase lòd  pou DISPARÈT plantasyon diri  TOUPATOU NAN PEYI A. Plantasyon diri yo se sous lavi, sous ekzistans anpil anpil nan nou. Youn lòt fwa  ankò,  mesye danm nan palè vètikal la kouri ak tout vitès, san gade dèyè bay blan satisfaksyon.

  

Blan òdone vann TELECO, IZINN SIMAN, IZINN FARINN, gade non san reflechi e ak tout vitès, mesye asosye parèy ou yo, ak plis vitès toujou,ekzekite lòd papa blan.

 

   Apa bri ap kouri, Prezidan Martelly ap vann pou gren mesi, ap fè kado, tout RICHÈS anba TÈ, sousòl peyi a. Eske se vre, Prezidan Martelly ? Eske w rantre nan jouèt disparèt AYITI  a tou ? Pale avèk nou sou koze  sa a non ?

  

Eske se pa ESTRIKTI VÈTIKAL, enfènal, voras, sanginè pòtoprens la ki responsab tout destriksyon sila yo ki  koz peyizan ap KOURI adwat agoch, san gade dèyè, san konnen kote pou yo lage kò yo.

  

 Prezidan Martelly, bagay yo pa dwe kontinye konsa ditou ditou.

  

 Se tout gouvènman san manman, iresponsab sa yo ki mete peyi a ajenou, ap mande la charite toupatou. Ap fè tout peyi  griyen dan sou nou,  pase nou nan betiz. Eske se pa menm pant la, oumenm, Prezidan Martelly ap suiv nan detriman peyi kite dwe pou NOU TOUT LA.

  

 Prezidan Martelly, noumenm peyizan, nou priye w angras : REKTIFYE ALIYMAN TANPRI.

 

10.- Prezidan Martelly, peyizan yo mande ou pou w fè efò pou w tande konsèy. Lita bon anpil anpil, pou oumenm Prezidan Martelly ta reyini ak kèk grandèt, gran moun ki konnen istwa Prezidan Dumarsais Estimé. Ou ta kapab tande yo ak anpil atansyon, ou ta pran nòt. Apre sa, oumenm Prezidan Martelly ou ta fè efò pou w chanje  DIREKSYON paske TOUT MOUN DWE LADAN L.

  

Prezidan Martelly, li ta bon tou pou w reyini ak moun kite konnen travay Senatè Louis Déjoie t ap fè plizyè kote nan peyi a. Grandèt yo ta va esplike w : Louis Déjoie avèk : LA POLITIQUE DE LA TERRE : LA SEULE,   LA VRAIE.

  

Answit, yo ta  enfòme w sou : PAIN ki vle di : PARTI AGRICOLE INDUSTRIEL NATIONAL.

 

   Se tout bagay sa yo peyi DAYITI bezwen prese prese pou retire l nan : GRANGOU  MIZÈ  FAMINN.

 

Pèmèt mwen di w  ankò, Prezidan Martelly : SE NAN JADEN  (jardin)  yo jwenn tout kalite JA. Kite m ajoute : se PEYIZAN ki travay LATÈ, ki gen JADEN  (JARDIN). Nou espere ke w konprann byen sa mwen vle montre w la.

  

Anfen, Prezidan Martelly, peyizan mande w SISPANN avèk zafè ÉLEKSYON SA YO. Kite Députés ak Sénateurs ki la yo pou jis lane 2015  pou eleksyon jeneral fèt nan peyi a. Li enpòtan anpil anpil pou nou chanje KONSTITISYON  1987 la pou pèmèt TOUT MOUN LADAN’ L  AK TOUT DWA E DEVWA. Lapè, lantant, respè youn pou lòt, viv an fanmi, anfen, anfen , tout bagay sila yo va retounen nan peyi kite dwe POU  NOU TOUT LA.

  

SANTE   KOURAJ   KONPREYANSYON  MWENS OGÈY  RESPÈ YOUN POU LOT

    

 QUE VIVE LA PAYSANNERIE HAITIENNE

    

 QUE VIVE LA JEUNESSE HAITIENNE

    

 QUE VIVE LA DIASPORA HAITIENNE

   

QUE VIVE LA POPULATION HAITIENNE DANS TOUTE SON INTÉGRALITÉ

   

QUE VIVE  AYITI  POUR  TOUJOURS

 

Chesnel Phanord

11 Novanm 2013

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents