TONTON NWEL
Tonton nwèl pa tonton’m
Li dechouke abdenwal nan monn
Pou la pli bwote tè’m nan lanmè
Tonton nwèl pa tonton’m
Li pa monte bourik
Nan chimen tèt gridap
Tonton nwèl pa tonton’m
Li refize bare kabrit de pye
Kap manje jadenm
Tonton nwèl pa tonton’m
Li pa pote pli detwal
Ak zanpoul tout koulè
Pou klere lakou grann
Tonton nwèl pa tonton’m
Do’l pa fèt pou pote
Bèl kabwèt ak poupe twèl
Pou ti zanmi’m yo
Kap woule sèk nan savann pikan
Tonton nwèl pa tonton’m
Kloch minwit pa rele
Nan korido souf koupe
Pou fè kè ti moun kontan
Tonton nwèl pa tonton’m
Sil pa ka wè
Se sèl pikwa
Ki fè zetensèl
Nan dan roch
Toton nwèl pa tonton’m
Kouman pou’l ta fè tonton’m
M’pa konn kote tonton nwèl soti
Desanb 1997
arnold c. talleyrand
Commenter cet article