A propos de l'agression subie par le Baron duvaliériste en RD
J'ai lu ça sur le net :
"Les Dominicains, dominicani, les chiens du maître en bon latin, font la pluie et le bon temps sur leur terrain. Yo tout bèt, yo aktè, yo bandi e pi yo fè la loi. Hum! Yo lan kay yo, nèspa?
Se sa k'fè mwen toujou di ke Repiblik Dominikèn se dènye peyi pou m'ta al vizite. Mwen toujou trouve sa bizar pou Ayisyen ap denonse politik gouvènman ak lEta dominiken aplike kontr resótisan ou desandan Ayisyen e pi yo kontinye pwal depanse lajan lan peyi sa a. Men nou pa dwe blye ye ke lan kestyon enterè, blye koze sang ak fratènite. Menm Ayisyen sa yo k'al fè biznis lan peyi sa a, se prop sang frè yo y'al bwè.
Dominiken sa yo konn ki jan pou al chèche Ayisyen paske Ayisyen renmen ranmase bouzen po klè. Kantite chèf an Ayiti se lan bordel tankou City Club yo te konn al chita. Se konsa panyol yo te vin bat vant nèg pouvwa sa yo, se konsa dekouvri ke Ayisyen yo pa gen trip solid, se konsa militè yo te fin vand peyi a wi. Nou p'at konn sa ki t'ap pase. Bagay la klè lan zye'n, kantite milite ak makout se pa Dominikani yo tranzite, se la yo al kache, se la y'al envesti ou gaspiye lajan.
Vous êtes déjà conquis par le ventre et par le bas du ventre?
Fanm kon gason dominiken, tout gen mantalite pimp. E byen, avan n'bat zye'n, yo te deja fin kolonize ti peyi a; y'ap vand Ayisen bouzen, banan', farin, konsèv elatrèy pandan ke yo lan tout mache riral al ranmase po kabrit pou endistri cuir lakay yo ou pito pou yo ekspóte lót kote.
Nou ta pale anpil lót anomali an Ayiti wi, men n'ap kite rès paske n'komanse tande kaka vè-tè k'ap di moun pou yo pa pale.
Depi Ayiti, mwen pa janm wè poukisa Ayisyen rete atache a ras OJEDA sa yo. Te gen yon epók gen menm ki te kouri dèyè Nemours Jean-Baptiste paske yo te deja reklame mizik moun sa yo kom eritaj.
Si m'byen konprand, se pa paske Daniel Supplice gen yon job chita bouda ke kote li pase li se yon ofisyèl. Misye te an vizit t'ap sikile tankou nenpót lót sitwayen e pi bandi yo pran sant ke li se yon Hai-Tiyano, zafè'l parèt bon, donk yo profite te yon ti kado Noèl ki desand sot lan syèl. Apa la polis, m'pa wè ki sa gouvènman Dominiken pwal fè lan sa. Se pa yon ensidan diplomatik. De tout fason, Ayiti ap viv konstamman lan tansyon diplomatik ak Repiblik Dominikèn, se pa ti ensidan sa a ki pwal preyokipe vwazen ak vwazin.
Pandanstan, n'ap poze kestyon pou sekirite Ministre de la Taxe Extérieure ki pran 2 talóch e ki pèdi ti goumèt ak pótfèy li an Dominikani. Joyeux Noel, monsieur le Ministre, dites-vous que le supplice aurait pu être plus désagréable, ramassez vos effets et votre famille puis quitttez le pays du sucre amer."
Commenter cet article